Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
“Mwen pran
zansèt nou sot Mezopotami; mwen fè nou sòti Lejip; mwen fè nou antre nan peyi a”.
NAN LIV JOZYE 24, 1-13
Jou sa yo:
Jozye rasanble tout fanmi Izrayèl yo nan Sikèm, li rele
chèf yo ak responsab yo, ak jij yo, ak majistra yo, yo kanpe devan fas Granmèt
la; li di pèp la:
“Men pawòl Granmèt Bondye Izrayèl la: “Se lòt bò gran
larivyè a zansèt nou yo te abite lontan, Tare, papa Abraam avèk Nakò, yo te
konn sèvi dye etranje yo. Mwen pran papa nou Abraam sot nan limit Mezopotami, mwen
mennen l’ nan peyi Kanaan, mwen fè ras li vin anpil. Mwen ba l’ Izaak, mwen bay
Izaak Jakòb avèk Ezayi. Mwen bay Ezayi mòn Seyi a kòm pwopriyete pa l’. Jakòb menm
ak pitit li yo desann nan Lejip.
Mwen voye Moyiz avèk Aawon, mwen frape Lejip la avèk
anpil siy ak pwodij; mwen fè nou sòti Lejip avèk zansèt nou yo, nou rive bò
lanmè a. Ejipsyen yo rapousuiv zansèt nou yo avèk kabwèt, avèk kavalye, jous bò
lanmè Wouj la. Pitit Izrayèl yo rele kot Granmèt la; li mete fènwa ant nou menm
ak Ejipsyen yo, li vide lanmè a sou yo, li kouvri yo. Je nou wè tout sa m’ te
fè nan Lejip, nou abite nan savann nan pandan anpil tan.
Mwen fè nou antre nan peyi Amoreyen an, ki te abite lòt
bò Jouden an. Lè yo batay kont nou, mwen renmèt yo nan men nou, nou pran peyi
yo a, nou touye yo. Balaak, pitit Sefò, wa Moab la, leve, li batay kont Izrayèl.
Li voye rele Balaam, pitit Beò, pou l’ madichonnen nou; mwen refize koute l’,
okontrè mwen beni nou pa lantremiz li, mwen delivre nou sot nan men l’.
Nou travèse
Jouden an, nou rive Jeriko. Moun lavil sa a batay kont nou, Amoreyen an, Perizit
la, Kananeyen an, Itit la, Gègazit la, Ivit la, avèk Jebizeyen an; mwen renmèt
yo nan men nou. Mwen voye gwo
gèp devan nou, mwen chase yo sot nan peyi yo, de wa Amoreyen yo, se pa avèk epe
ou ni avèk zam pou ou tire flèch ou. Mwen renmèt nou peyi a, kote nou pa t’
travay la, avèk vil yo nou pa t’ bati a, pou nou abite nan yo: pye rezen ak pye
oliv nou pa t’ plante”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
135, 1-3. 16-18. 21-22 e 24
Fè lwanj Granmèt la poutèt li bon. R. Poutèt kè l’ sansib pou tout
tan.
Fè lwanj pou
Bondye dye yo, R.
Poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Fè lwanj pou
Granmèt mèt yo, R.
Poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Li menm ki
kondui pèp li a nan savann nan, R. Poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Li menm ki
frape gran wa yo, R. Poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Li touye wa
ki gen pouvwa yo, R. Poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Li renmèt tè
yo kòm eritaj,
R. Poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Kòm eritaj
bay Izrayèl, sèvitè l’ la, R. Poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Li delivre nou sot nan men lènmi nou yo, R. Poutèt kè
l’ sansib pou tout tan.
LEVANJIL
“Se poutèt kè di nou an Moyiz te pèmèt nou ranvwaye madanm nou yo; nan
kòmansman sa pa t’ konsa”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 19,
3-12
Lè sa a:
Farizyen yo te
pwoche kot Jezi, yo t’ap eseye l’, yo di: “Èske yon mesye gen dwa ranvwaye
madanm li, pou nenpòt ki rezon?”
Li reponn, li
di yo: “Èske nou pa t’ li kijan sila a ki te fè moun nan nan kòmansman an, se
gason ak fi li te fè yo, epi li te di: “Se poutèt sa mesye a ap kite papa l’ ak
manman l’,l’ap kole kò l’ kot madanm li, yo tou le de ap yon sèl chè? Se pousa yo pa de ankò, men se yon
sèl chè yo ye. Konsa sa Bondye mare, piga moun separe li”.
Yo di l’: “Ebyen pouki sa Moyiz te pase lòd pou bay biye
divòs, pou ranvwaye li”?
Li di yo: “Se poutèt kè di nou an ki fè Moyiz te pèmèt
nou ranvwaye madanm nou yo; men nan kòmansman sa pa t’ konsa. Ebyen mwen di
nou, nenpòt ki moun ki ranvwaye madanm li, sof si se de moun ki t’ap viv nan
move plezi, epi ki marye ak yon lòt, li fè adiltè, epi moun ki marye ak yon
madanm yo ranvwaye, li fè adiltè”.
Disip li yo di l’: “Si se konsa kondisyon mesye a ak
madanm nan ye, pito nou pa marye”.
Li di yo: “Se pa tout moun ki konprann pawòl sa a, men
se moun yo fè favè sa a. Gen gason ki pa nan kondisyon pou yo fè pitit, depi
nan vant manman yo se konsa yo fèt; gen gason ki pa nan kondisyon pou yo fè
pitit, se lòt moun ki fè yo sa; gen gason ki pa nan kondisyon pou yo fè pitit,
se yo menm ki mete pwòp tèt yo nan kondisyon sa a poutèt rèy syèl yo.
Moun ki kapab
konprann, se pou l’ konprann”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan meditsyon nou
jodi a n’ap dekouvri kòman Jezi ap ban nou yon piga. Lè l’ di farizyen yo sa
Bondye mete ansanm, pèsòn pa gen dwa separe l’, nan sans sa a Jezi vle pwofite
ba yo yon leson pou l’ fè yo konprann ki sans maryaj la genyen depi nan
kòmansman kreyasyon an, kote Bondye te kreye fi ak gason egal ego, se pou tèt
sa nou pa kab jwe ak lavi maryaj la, kote farizyen yo t’ap chèchè pran Jezi nan
pyèj, men olye yo pran l’ nan pyèj, se li men ki pran yo nan pyèj. Se yon leson
li pwofite bay yo, lè yo mande li èske yon gason ka voye madanm li ale pou
nènpòt bagay, li reponn yo e li mande yo si yo pa li sa Bondye te ekri lè li t’ap
kreye moun? Se gason ak fi li te
kreye yo. Epi li ajoute: se poutèt sa, yon gason va kite papa l’ ak manman, fi
a egalman, pou yo fòme yon sèl kò, lè sa a yo pa youn ankò. Sa se pwojè Bondye,
sa li mete ansanm piga pèsòn seprare l’. Se yon fason pou li montre nou li pa
dakò ak divòs, se pa san rezon Moyiz te pèmèt divòs la, se paske nou te twò di,
pou evite vyolans jis jodi a. Konsa gen moun ki etone wè jèn fi ak jèn gason ki
pa marye. Jezi bay yon rezon ki fè yon
maryaj pa bon. Patizan Jezi yo di si se konsa bagay la ye, yo pito rete
konsa. Men Jezi di yo atansyon! Se pa tout moun ki konprann pawòl sa a; men se
moun Bondye bay gras pou sa. Depi ou kapab viv sa
ekzijans lan ap mande ou pou wayòm nan tout sa gras Bondye. Ann sonje tout sa
Bondye fè pou nou tankou pèp Izrayèl la, jan pwofèt Jozye eksplike n’; lè n’
sonje sa l’ fè pou nou, n’a renmen l’ plis ak pwochen n’ yo.
LAPRIYÈ:Granmèt, fè n’ rete vijilan pou n’ pa defèt plan
travay ou te genyen depi nan kreyasyon an. Olye pou n’ mete divizyon, ba n’ fòs
ak kouraj pou n’ mete linyon, konsa renmen an va pouse rasin nan Legliz la, nan
fanmi nou ak nan sosyete a. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap atantif
pandan semèn nan pou m’ pa defèt plan Bondye nan relasyon moun ak moun.
No hay comentarios:
Publicar un comentario