Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Koupe anvlòp kè nou. Renmen etranje yo, paske nou te etranje
tou”.
NAN LIV DETEWONÒM 10, 12-22
Moyiz pale ak pèp la, li di:
“Koulye a, Izrayèl, ki sa Granmèt Bondye ou la mande ou,
si se pa pou ou respekte Granmèt Bondye w’ la, pou w’ mache nan chemen l’ yo,
pou w’ renmen l’; pou w’ sèvi Granmèt Bondye w’ la ak tout kè ou, ak tout nanm
ou; pou ou kenbe kòmandman Granmèt yo ak desizyon l’ yo, sa mwen kòmande w’
jodi a, pou sa kapab bon pou ou?
Men syèl la ak syèl ki anlè syèl la, se pou Granmèt
Bondye w’ la yo ye, ni tè a ak tout sa k’ nan li; epoutan se ak zansèt ou yo
Granmèt la te fè zanmi, li renmen yo, li chwazi desandans yo apre yo, kidonk
nou menm menm, sot nan pami tout nasyon, jan yo kapab konstate sa jodi a.
Konsa, se pou nou koupe chè ki vlòpe kè nou, pa fè kou
nou vin rèd ankò; paske Granmèt Bondye nou an, se li menm ki Bondye dye yo, ak
Granmèt mèt yo, Bondye ki gran, ki gen pouvwa, ki terib, ki pa konsidere figi
moun ni kado, ki fè jijman pou òfelen ak vèv, ki renmen etranje, ki ba l’ manje
ak rad. Nou menm tou, se pou nou renmen etranje yo, paske nou menm tou nou te etranje
nan peyi Lejip la.
Se pou ou respekte Granmèt Bondye w’ la, se li menm sèl
pou ou sèvi, se sou li pou ou kole kò ou, se o non l’ pou w’ fè sèman. Se li menm
ki lwanj ou ak Bondye ou, li menm ki te fè mèvèy sa yo ak pwodij sa yo pou ou,
se je ou ki wè yo: se ak swasann-dis moun zansèt ou yo te desann nan Lejip;
koulye a gade, Granmèt Bondye w’ la fè ou vin anpil, tankou zetwal syèl yo.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 147,
12-13. 14-15. 19-20
R/ Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm.
Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm; fè lwanj Bondye ou,
Siyon.
Paske li ranfòse kwochèt pòtay ou yo, li beni pitit ou
yo nan ou.R.
Li menm ki poze limit ou yo nan lapè li ba ou kont ble
ki gra.
Li menm ki voye pawòl li sou tè a, avèk vitès pawòl li a
kouri.R.
Li menm ki anonse pawòl li bay Jakòb, jistis li ak
jijman l’ bay Izrayèl.
Li pa fè konsa pou okenn nasyon, jijman l’ yo, li pa fè
yo konnen yo.R.
LEVANJIL
“Y’ap touye l’,
l’ap leve vivan. Pitit yo ekzante peye taks”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 17,
21-26
Lè sa a:
Pandan disip
yo te rasanble ak Jezi nan Lagalile, li di yo: “Y’ap renmèt Pitit moun nan nan
men lèzòm, y’ap touye l’, men sou twazyèm jou a, l’ap leve vivan”. Yo te pran
chagren anpil.
Lè yo rive
Kafanawòm, moun yo ki t’ap ranmase de goud yo, yo pwoche kot Pyè, yo di l’: “Èske
Mèt nou an p’ap peye de goud yo?” Li di: “Oui”.
Lè l’ antre nan kay la, Jezi pran devan l’, li di: “Sa
ou di nan sa, Simon? Wa yo sou tè a, nan men ki moun yo resevwa taks oubyen enpo?
èske se nan men pitit yo oubyen nan men etranje yo?” Li di: “Nan men etranje yo”.
Jezi di l’: “Ebyen, pitit yo ekzante. Sèlman, pou nou
pa sèvi okazyon pou fè yo tonbe, al nan lanmè a, voye zen an; premye pwason k’ap
monte a, pran l’ louvri bouch li; w’ap jwenn yon pyès lajan; pran l’, ba yo pou
mwen avèk pou ou”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Jounen jodi a nan lekti liv Detewonòm yo, Bondye ap pale
avèk nou atravè Moyiz pou l’fè nou konnen se pou nou mache nan chemen l’yo, se
pou nou renmen l’, pou nou sèvi li ak tout kè nou.
Pafwa nou bliye si se Bondye ki Granmèt nou, si se li ki Mèt tout sa ki ekziste.
Sitou lè nou gen ti posibilite, nou bliye eksistans Bondye, nou bliye si se li
ki ban nou yo. Nou pa vle
sèvi li e nou pa vle pataje ak lòt yo. Nou vin egoyis. Ebyen jodi a premye
lekti a ap fè nou konnen se pou nou mache nan dwati Granmèt la, se pou nou obsève
kòmandman li yo. Li ap fè nou konnen ke nou dwe akeyi etranje yo e renmen yo.
Malerezman, nan sosyete n’ap viv la, chak moun ap okipe pwòp zafè pa yo, yo pa
wè lòt. Pafwa, nou ta vle
bay yon lòt ki mande nou e ke nou pa rekonèt li, men nou pè ; nou pe pou
li pa fè nou mal, nou pa ta vle pou se yon vòlè oubyen yon asase ; konsa
nou pito fè pridans. Sa vin sòti yon baryè pou nou sèvi etranje a.
Nan Levanjil la, nou wè Jezi ki anonse soufrans li pou yon dezyèm fwa.
Chagren, tristès disip yo ap montre nou kòman yo pral pran konsyans de ki tip
de Mesi ki enkane nan Jezi. Yon Mesi ki tèlman renmen lèzòm, li rive ofri li
pou sove limanite antye. Levanjil la prezante nou 2 viktwa ke Jezi t’a pral ranpòte :
Premyèman, li te gen pou li resisite sou twa jou aprè yo fin touye li, dezyèmman,
li menm ki pa t’ soumèt anba okenn lwa pral peye taks pou nou ki lye a
kondisyon nou antanke moun k’ap viv nan yon sosyete òganize. Avèk yon sèl pyès
lajan, sa vle di nan yon menm ofrand, li ofri yon sakrifis ki pou rachte nou
tout ki te anba jouk peche a, pou l’ fè nou vin tounen pitit Bondye nan yon sèl
kò.
Jezi te genyen byen klè nan tèt li ke l’ap detwi, men se pa nan edifis
materyèl Tanp lan, men se nan fason tanp la òganize ak fason li fonksyone nan
nivo enstitisyosyonèl e kip a ale nan sans volonte Bondye. Menmsi Jezi pa t’
dakò ak jan bagay yo t’ap fèt, finalman li deside peye taks la, men se pi gwo
biyè a li bay, sa vle di lavi li. Alò, se pou nou pran modèl sou Jezi, pou taks
n’ap peye tounen pwòp lavi nou, ke n’ap ofri pou lòt yo, pou fè wayòm Bondye a
vizib sou fas tè a.
LAPRIYÈ : Ann mande Bondye pou l’ fè nou gras pou n’ rive renmen
l’ak tout kè nou e rive renmen pwochen nou tankou pwòp tèt pa nou, san nou pa
gade sou nasyonalite, sou koulè. Paske sa ki pi enpòtan, se akeyi li e wè nan
li imaj Bondye.
PWOPOZISYON: Resevwa tout moun menm jan, san fè diferans. Menm jan Granmèt la te resevwa tout moun san distenksyon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario