Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Pran kouraj, Jozye, kenbe fèm ; se ou menm k’ap fè pèp la antre nan
tè a”.
NAN LIV DETEWONÒM 31, 1-8
Moyiz pati, li deklare tout pawòl
sa yo bay tout pitit Izrayèl yo, li di yo :
“Mwen gen sanventan jodi a, mwen
pa kapab antre-sòti ankò, sitou depi Granmèt la di m’ : “Ou p’ap travèse
Jouden sa a”. Se Granmèt Bondye w’ la k’ap travèse devan ou ; se li menm k’ap
efase tout nasyon sa yo devan fas ou, w’ap pwopriyetè yo ; Jozye menm ap
travèse devan ou, jan Granmèt la te di a. Granmèt la ap aji avèk yo jan l’ te
fè pou Siyon avèk Òg, wa Amoreyen yo, avèk peyi wa yo a, l’ap efase yo. Lè l’al renmèt yo nan men nou, se
konsa pou nou aji avèk yo, jan m’ te pase nou lòd la. Aji avèk kouraj, kenbe
fèm; pa pè, pa tranble devan fas yo, paske se Granmèt Bondye w’ la k’ap kondui ou,
li p’ap lage ou, li p’ap abandone ou”.
Moyiz rele Jozye, li di l’ devan tout Izrayèl: “Pran
kouraj, kenbe fèm; se ou menm k’ap fè pèp sa a antre nan peyi a, sa Granmèt la
te fè sèman li t’ap bay zansèt yo a; ou menm, w’ap separe l’ daprè pòsyon yo.
Granmèt la k’ap kondui nou an, l’ap avèk ou; li p’ap lage ou, li p’ap abandone ou;
pa pè, pa sezi”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS Det
32, 3-4a. 7. 8. 9 e 12
R/ Pòsyon Granmèt la, se pèp li a.
M’ap rele non
Granmèt la; fè lwanj pou Bondye nou an. Aksyon Bondye yo kòrèk nèt.R.
Sonje jou
lontan yo, reflechi sou chak jenerasyon yo; poze papa ou kesyon, l’ap ba ou
nouvèl, granmoun ou yo, y’a di ou.R.
Lè Sila a ki
anwo nèt la t’ap separe nasyon yo, lè l’ t’ap separe pitit Adan yo, li te enstale
fwontyè pèp yo daprè kantite pitit Izrayèl yo.R.
Men pòsyon Granmèt la, se pèp li a, Jakòb se kòd eritaj
li. Se Granmèt la sèl ki te chèf li, pa t’ gen dye etranje avèk li.R.
LEVANJIL
“Atansyon pou
nou pa meprize youn nan ti piti sa yo”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
18,1-5. 10. 12-14
Lè sa a, disip yo pwoche kot Jezi, yo di:
“Kilès ou kwè ki pran nan peyi wa syèl yo?”
Jezi rele yon ti moun piti, li mete l’ kanpe nan mitan
yo, li di: “An verite, mwen di nou: si nou pa chanje pou nou vin tounen tankou
ti moun piti yo, nou p’ap antre nan peyi wa syèl yo. Tout moun k’ap fè tèt li
piti tankou ti moun piti sa a, se li menm ki pi gran nan peyi wa syèl yo. Moun
ki resevwa yon ti piti konsa o non mwen, se mwen menm li resevwa.
Atansyon pou nou pa meprize youn nan ti piti sa yo; sèke
mwen di nou: Mesaje pa yo a nan syèl la toujou ap gade fas Papa m’ ki nan syèl
la.
Sa nou di nan sa? Si yon moun gen san mouton, epi youn
nan yo pèdi wout, èske li p’ap kite katrevendiznèf lòt yo nan mòn, pou l’ al
chèche sa k’ pèdi wout la? Si l’ rive jwenn li, an verite mwen di nou, l’ap pi
kontan poutèt li pase pou katrevendiznèf yo ki pa t’ pèdi wout yo. Se konsa, se
pa volonte Papa nou ki nan syèl la, pou youn nan ti piti sa yo peri.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Depi lè
Granmèt la te rele Moyiz nan jaden Jetwo a, pou li te kapab ale wete pèp
Izrayèl la anba Ejipsyen yo ki t’ap toupizi li a, Moyiz te akonpaye pèp sa a
pandan tout lavi li. Li pa t’ jan
renonse a travay Granmèt la te konfye li e li te mennen misyon li jous nan
bout. Si nou fè yon ti revize istwa sa a, nou kapab rann nou kont ki kalite
peripesi, ki kalite soufrans, eprèv Moyiz pase ansanm ak pèp la; se tankou yon
bon papa ki p alache pitit li yon may. Men Moyiz te rive nan yon laj kote li te
santi li kòmansye vye granmoun, fòs li pa t’ pèmèt li kontinye mache ak pèp la.
Konsa, Moyiz transmèt Misyon sa a bay Jozye. Li te enpòtan pou te genyen yon
kontinwite nan misyon Moyiz la paske pèp la po t’ ko rive nan limit kote li te
dwe rive a, kote lèt ak myèl la t’ap ret tan li a. Sèl moun nan moman sa a ki
te kapab menmen bak la, se te Jozye. Li pa t’ gen yon misyon diferan, men se
menm Moyiz la li te genyen, misyon pou akonpaye pèp Izrayèl la, pou gide li,
pou mennen li kote Bondye te vle li ale a.
Nan kontèks sa a, li enpòtan pou nou konprann ke se
Bondye menm k’ap dirije pèp la; se li menm menm k’ap pèmèt li simonte difikilte
chemen an, se li menm k’ap fè li ranpòte laviktwa sou lènmi an. Malgre anpil
fwa tèt pèp la di, Bondye pa abandone li pou sa paske li plen kè sansib ak
mizerikòd.
Nan Levanjil jodi a, Granmèt la ap envite nou pou nou
viv nan senplisite, nan dosilite. Epi li mande nou tou, pou nou akeyan. Lè nou
konsidere yon ti moun piti, gen plizyè mo ki pèmèt nou defini li: inosans,
senplisite, dousè, renmen, obeyisans, padon, dosilite…
Se poutèt sa Jezi mande nou pou nou idanfye nou ak yon
ti moun piti pou nou kapab viv yon fason ki fè Bondye plezi, pou nou pa gonfle
kòlèt nou, pou nou pa panse nou pi enpòtan pase lòt yo. Okontrè, si nou aksepte
fè nou tou piti, n’ap gen plis fasilite pou nou kapab rann lòt yo sèvis. Se sa
Jezi te fè menm: li menm ki te nan menm ran ak Bondye li bese tèt li pou li
kapab lave pye sa ki pi piti yo, sila yo ki pi fèb nan sosyete a. Sen Pòl ede
nou konprann sa trè byen nan lèt li te adrese bay kominote Filip la, nan chapit
2, vèsè 7 pou rive 9: “(…), se [li] Jezi menm pou
tèt pa l' ki chwazi mete sa sou kote. Li te pito tounen yon
domestik. Li pran fòm yon moun, li vin tankou tout moun. Li rabese tèt li.
Tankou yon moun, li soumèt devan Bondye.Li obeyi Bondye jouk li rive asepte
mouri, wi jouk li asepte mouri sou kwa a. Se poutèt sa, Bondye leve l' mete
chita kote ki pi wo a. Li ba li yon non ki pi gran pase tout lòt non.”
Youn nan pawòl mwen plis renmen nan
Levanjil jodi a, sèke Jezi di: Moun ki resevwa yon ti piti
konsa o non mwen, se mwen menm li resevwa. Jezi idantifye li ak sila yo ki pi piti yo, sila yo ke
sosyete a pa bay anpil enpòtans la. Konsa, frè mwen/ sè mwen, li enpòtan anpil
pou nou non sèlman akeyi ti moun piti yo, men tou pou nou chèche sanble avèk
yo, sa vle di pou nou viv ak anpil senplisite, pou nou kapab antre nan wayòm
syèl la.
LAPRIYÈ:
Granmèt, tanpri ede mwen kwape tout vye lògèy mwen yo, ki anpeche mwen viv kòm
moun e ki fè mwen vle fè tèt mwen pase pou sa mwen pa ye. Ban mwen yon kè ki
senp menm jan ak Jezi, pou mwen kapab sèvi lòt yo ak anpil dousè. Konsa w’a
pèmèt mwen antre nan lavi tou nèf ou pwomèt la.
PWOPOZISYON: Chèche gen menm santiman ak yon ti moun piti, akeyi moun ki senp yo,
moun ki pi piti nan sosyete a, konsa Granmèt la va akeyi ou nan wayòm li an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario