Koulè Wouj
MAKSIMILYEN KOLBÈ KI SEN, Prèt e Mati
PREMYE MOSO
LABIB
“Moyiz mouri
la, sou lòd Granmèt la, pa gen dòt pwofèt ki leve ankò tankou li menm”.
NAN LIV DETEWONÒM 34, 1-12
Jou sa yo:
Moyiz monte sot nan plenn Moab yo, l’al sou mòn Nebo a,
nan pwent tèt Fasga, an fas Jeriko. Granmèt la montre l’ tout peyi Galaad la
jous Dan ak tout Neftali, ni peyi Efrayim ak Manase a ak tout peyi Jida a jous
nan dènye lanmè a, ak pati nan Sid la ak grandè plenn Jeriko a, vil pye dat yo,
jous rive Segò. Granmèt la di l’: “Se tè a mwen te fè sèman bay Abraam, Izaak
ak Jakòb, lè m’ te di: “Se ras ou m’ap bay li a”. Gade l’ ak je ou, men ou p’ap
antre ladan li”.
Moyiz, sèvitè Granmèt la, mouri kote sa a menm, nan tè
Moab la, sou lòd Granmèt la; li antere l’ nan tè fon Moab la, an fas Fogò, pèsonn
pa konnen kavo l’ jous jodi a. Moyiz te gen san-ven-tan lè l’ mouri. Je l’ pa t’
vwale, dan l’ pa t’ souke. Pitit Izrayèl yo kriye pou li nan plenn Moab yo,
pandan trant jou; jou dèy rèl Moyiz yo fini.
Jozye menm, pitit Noun, te plen ak lespri sajès, paske
Moyiz te poze men sou li; pitit Izrayèl yo obeyi l’, yo aji daprè sa Granmèt la
te kòmande Moyiz la.
Pa gen pwofèt ankò ki leve nan Izrayèl tankou Moyiz,
pou Bondye konnen l’ fas a fas, pa gen lòt ki janm fè siy ak mèvèy sa yo Bondye
te voye l’ al fè nan peyi Lejip devan Farawon ak tout sèvitè l’ yo ak tout peyi
l’ la; pa gen lòt ki janm gen tout fòs ponyèt sa a e ki janm fè gran mèvèy sa
yo Moyiz te fè devan tout Izrayèl.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 65,
l-3a. 5 e 8. 16-17
R/ Konpliman pou Bondye, li menm ki
sove lavi m’.
Bat bravo pou
Bondye, tout tè a, chante bèlte non l’, fè lwanj li. Di Bondye: “Ala respè
travay ou yo merite”.R.
Vini, n’a wè
travay Bondye yo, li merite respè nan aksyon li fè pou pitit moun yo. Fè
konpliman pou Bondye nou, nasyon yo, fè tande vwa lwanj li. R
Vini, koute,
m’ap rakonte, nou tout ki respekte Bondye, tout sa l’ fè pou nanm mwen. Se kote
l’ mwen rele ak bouch mwen, mwen fè lwanj li ak lang mwen.R.
LEVANJIL
“Si l’ koute ou,
w’ap pran tèt frè w’ la”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 18,
15- 20
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Si frè w’ fè peche kont ou, ale pran l’ apa, korije l’.
Si l’ koute ou, w’ap pran tèt frè w’ la; men si l’ pa koute ou, pran youn oubyen
de avèk ou ankò, pou tout pawòl kapab fiske nan bouch de oubyen twa temwen. Si l’
pa koute yo, di legliz la sa; si l’ pa koute legliz la, se pou l’ tankou payen
ak pibliken pou ou.
An verite mwen
di nou, tout sa n’ap mare sou tè a, l’ap mare nan syèl la tou; tout sa n’ap lage
sou tè a, l’ap lage nan syèl la tou.
Mwen di nou ankò, si de nan nou mete yo dakò sou tè a,
pou yo mande nenpòt ki bagay, y’ap jwenn li nan men Papa m’ ki nan syèl la. Sèke
kote gen de oubyen twa moun ki rasanble o non m’, mwen la nan mitan yo”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Premye moso
Labib nou li pou jodi a, se yon paj ki sonb. Se yon chapit nan liv Lalwa a ki
pote anpil tristès ak anpil dezolasyon, paske li pale nou de lanmò Moyiz,
pèsonaj santral ki make senk premye liv nan Ansyen Testaman; lè yo konpile 5
liv sa yo ansanm, yo rele konpilasyon an “Pentatek”, ki vle di nan lang grèk
la, senk woulo: penta=5, teuchos=woulo. Yo pale de woulo paske nan tan sa a,
pawòl Bondye a te ekri soy yon papye espesyal ke yo te rele “papyrus”, e se
woule yo te konn woule li sou yon sipò an bwa ki fèt menm jan ak moul an bwa
nou wè yo woule farin nan boulanjri.
Nou di Moyiz se pèsonaj santral nan Ansyen Testaman ki
make senk premye liv Lalwa yo (Torah), paske nou konnen liv sa yo pale de istwa
liberasyon yon pèp ki se pèp Izrayèl e moun Bondye te chwa kòm lidè ak medyatè
nan istwa sa a, se te Moyiz. Moyiz te fè yon gwo wout ak pèp la, li te pase
anpil move moman ak li, men tou li te pase anpil moman kè kontan, paske se men
Bondye ki t’ap dirije yo e yo pa t’ janm echwe. Moyiz te prezante devan Farawon
e li te pale ak li selon jan Granmèt la te mande li pou li te pale. Moyiz te
travèse dezè a ansanm ak pèp la, tout pwoblèm pèp la te konnen, li te konnen yo
tou. Moyiz se enstriman ke Bondye te itilize pou li te kapab delivre pèp li a,
anba zak maspinay Ejipsyen yo. Nan Liv Ekzòd la nou kapab jwenn tout istwa ki
pale nou sou kòman pèp la te travèse soti an Ejip pou li ale nan peyi Kanaan.
Se sa yo rele “Pak” nan Ansyen
Testaman. Mo Pak la vle di Travèse.
Nou konnen lè nou gen yon moun nou te abitye avèk mouri
kijan sa fè mal; sa plis fè nou mal toujou lè se yon paran oubyen yon moun ki
te konn sipòte nou. Nou santi nou pran yon gwo kou nan nen nou, sa fè je nou
kouri dlo. San dout, nou kapab di lanmò Moyiz te kite anpil tristès nan
Izrayèl, paske se li menm ki te frape wòch la pou te fè pèp la bwè nan sous dlo
ki te fre a; se Moyiz ki te louvri lanmè a ak pouvwa ki soti nan Bondye pou pèp
la te kapab pase san pye li pa t’ mouye; se Moyiz ki te resevwa Lalwa a nan men
Bondye pou pèp la te kapab gen yon limyè ki gide li nan fason li t’ap aji.
Atravè Levanjil jodi a, Jezi ap pwopoze nou yon metòd
pou nou kapab rezoud konfli. Se yon metòd trè senp ki gen twa etap: premyèman,
se dyalòge ak moun ki nan konfli avèk ou a. Si li pa rive koute ou, w’ap pran
kèk temwen ki kapab sèvi entèmedyè.Si li pa koute temwen yo, prezante ka a
devan Legliz la. Si li pa koute Legliz la, kite li trankil epi chèche mennen vi
ou trankil.
Lòt mesaj Levanjil la pote pou nou, sèke nou pa kapab
ap viv lafwa nou fèmen nan yon ti kwen pou kont nou, fòk nou viv lafwa nou tou
nan kominote. Lè sa a lapriyè nou monte ak plis fòs devan Bondye. Se pa mwen ki di sa,
men se Jezi ki di li: “Mwen di nou ankò, si de nan nou mete yo dakò sou tè a,
pou yo mande nenpòt ki bagay, y’ap jwenn li nan men Papa m’ ki nan syèl la.”
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, ou rele nou pou nou konstwi yon mond kote ki
gen lapè ak fratènite, tanpri ede nou depase tout ti diferans nou yo pou nou
kapab rive konstwi lavi nou sou baz solidarite fratènèl.
PWOPOZISYON: Jodi a mwen
pral dyaloge ak sila a mwen te kenbe nan kè a. Sa fè plizyè jou, [plizyè mwa,
ane] depi li sou kè mwen. Mwen santi mwen pa viv byen paske si mwen pa padone
li, Bondye p’ap padone mwen. Mwen pral rekonsilye ak li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario