Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Moun k’ap dòmi nan Jezi yo, Bondye ap mennen yo vin jwenn li.”
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU
TESALONISYEN YO 4, 13-17
Frè m’ yo, sou kesyon moun k’ap
dòmi yo, nou pa vle pou nou pa konnen, dekwa pou nou pa pran lapenn tankou lòt
moun yo ki pa gen espwa yo. Si reyèlman vre nou kwè Jezi mouri epi li leve
vivan, konsa tou moun yo k’ap dòmi nan Jezi yo, Bondye ap mennen yo avèk li.
Men sa nou di nou nan pawòl
Granmèt la, nou menm k’ap viv la, k’ap la toujou lè Granmèt la ap vini an, nou
p’ap pran devan sila yo k’ap dòmi an. Paske Granmèt la li menm, sou lòd ak nan
vwa Chèf Mesaje yo ak nan son twonpèt Bondye a, l’ap desann sot nan syèl la, epi
moun ki mouri nan Jezikri yo, y’ap tounen vin vivan an premye. Apre sa, se nou
menm k’ap viv yo, ki rete yo, y’ap pran nou nan nyaj yo al rankontre Jezikri
nan lè a, konsa n’ap toujou avèk Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 95, 1 e 3. 4-5. 11-12. 13
R/ Granmèt la vini pou l’ jije tè a.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt
la, chante pou Granmèt la, tout tè a.
Anonse bèlte l’ nan pami nasyon
yo, mèvèy li yo nan tout pèp yo.R.
Paske Granmèt la gran, li merite anpil lwanj, li terib
anlè tout dye yo.
Paske tout dye nasyon yo yo pa ekziste. Men se Granmèt
la ki fè syèl yo.R.
Se pou syèl yo kontan, se pou tè a danse, se pou lanmè a
sònen ak tout sa l’ gen ladan l’; se pou jaden yo kontan ak tout sa k’ nan yo.R.
Lè sa a tout pye bwa nan rak yo ap danse devan fas
Granmèt la, paske l’ap vini, paske l’ap vini pou l’ jije tè a. L’ap jije fas tè
a nan jistis ak pòv yo nan verite l’.R.
LEVANJIL
“Li voye m’
anonse bòn nouvèl la bay pòv yo... Yo pa resevwa okenn pwofèt byen nan peyi l’”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 4.
16-30
Lè sa a:
Jezi rive
Nazarèt, kote yo fè levasyon l’ nan, li antre nan kay reyinyon an, jan l’ konn
fè a, yon jou saba, li leve pou l’ li. Yo renmèt li liv pwofèt Izayi a.
Kon l’ louvri liv la, li jwenn plas la, kote ki te ekri:
“Lespri Granmèt la sou mwen; se pousa li sakre m’, li voye m’ anonse pòv yo bòn
nouvèl la, geri sa k’ gen kè yo kraze yo, deklare delivrans bay prizonye yo,
limyè bay avèg yo, ranvwaye sa y’ap kraze yo pou yo lib, anonse yon ane Granmèt
la fè gras, yon jou li bay rekonpans”. Kon l’ woule
liv la, li renmèt li nan men sèvitè a, epi li chita. Je tout moun nan kay reyinyon
an te fikse sou li.
Li menm li kòmanse di yo: “Se jodi a pawòl Labib sa a reyalize
nan zòrèy nou yo”.
Tout moun t’ap fè temwayaj sou li, yo te sezi pou pawòl
yo ki t’ap sòti nan bouch li a, yo t’ap di: “Èske sila a se pa pitit Jozèf la?”
Li di yo “Sètènman n’ap di m’ parabòl sa a: “Doktè, geri
pwòp tèt ou”: tout sa nou tande ki fèt nan Kafanawòm nan, fè l’ isit la tou nan
peyi w’ la”.
Li di: “An verite mwen di nou: yo pa byen resevwa okenn
pwofèt nan peyi l’. Se laverite mwen di nou la a: te gen anpil vèv nan tan Eli
nan Izrayèl, lè syèl la te fèmen pandan twazan ak si mwa, lè te gen gwo grangou
sou tout tè a; men yo pa t’ voye Eli bay okenn nan yo, sof nan Sarepta Sidon an
kot madanm ki te vèv la. Epi tou te gen anpil moun ki te gen maladi lalèp nan
Izrayèl sou tan pwofèt Elize, men pèsòn nan yo pa t’ geri, sof Naaman, Siryen an”.
Tout moun nan kay reyinyon an te plen ak kòlè, lè yo
tande bagay sa yo. Yo leve, yo jete l’ deyò lavil la, yo kondui l’ jous sou yon
pwent tèt mòn, kote lavil yo a te bati a, pou yo jete l’anba.
Li menm menm, li pase nan mitan yo, li pati.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jezi
pran liv sakre a nan kay reyinyon an nan Nazarèt kote l’ te grandi a, e li
tonbe sou pasaj ki nan liv pwofèt Izayi a, ki fè referans dirèk avè l’ kòm sila
ki konsakre pou reyalize pwojè wayòm Bondye a nan mitan nou. Se yon pwojè ki
bati sou enspirasyon Lespri Sen an, paske se li menm menm ki konsakre Jezi pou
sa. Se yon pwojè pou fè lanmou, lagras ak lajistis blayi toupatou sou tout fas
tè a. Tout aksyon Jezi pandan l’ te sou latè te toujou konfòm ak gran pwojè sa
a. Men pou l’ reyalize pwojè sa a, gen anpil obstak ki te bare chemen l’,
tradisyon sosyete kote l’ fèt la, kondisyon sosyal li, elatriye. San dout
peyizan l’ yo te konnen kondisyon lavi l’, yon ti pòv, lè yo tande bèl pawòl ki
t’ap sòti nan bouch li ak bèl bagay li t’ap fè, yo doute e yo twouve l’ twò raz
pou yo ta suiv yon ti malere konsa. Se pou sa Jezi site pwovèb sa ki di: “yo pa
janm byen resevwa yon pwofèt nan peyi li”. Donk nou menm kretyen k’ap suiv
Jezi, nou pa bezwen mete nan tèt nou tout bagay pral wòz e fasil lè n’ap
akonpli misyon nou. N’ap jwenn anpil difikilte nan sosyete nou si nou vle
reyalize sa ki byen. Men, nou pa dwe janm dekouraje, paske Jezi li menm an
premye te fè eksperyans eksklizyon nan sosyete pa l’ la poutèt li te parèt ak
yon nouvo son klòch ki te diferan ak sa yo te konn di e fè nan sosyete l’ la.
Jounen jodi a, nou menm kòm kretyen, nou dwe fè fas ak anpil gwo defi tou nan
mond global e modènize sa a, kote gen yon gwo fose ant rich ak pòv, kote gen
anpil egoyis, enjistis, rayisans ak vyolans. Si nou vle rete fidèl ak Jezi
nou pa dwe pè anonse Bòn Nouvèl Wayòm Bondye a nan tout sikonstans avèk anpil
pridans e kreyativite nan pawòl nou yo ak nan aksyon nou yo, menm si yo ta fè
yo ekskli nou ou matirize nou.
LAPRIYÈ: Bondye
Papa nou, ou menm ki te voye Jezi Pitit ou pou vin sove nou anba chenn esklavaj
peche nou yo, ban nou lagras ou ak fòs Lespri Sen an pou n’ ka toujou fè
volonte w’ nan misyon ou ban nou kòm kretyen, menm si sa ka koute n’ lavi nou. Nou mande w’ sa pa
pouvwa JeziKri gran frè nou. Amèn.
PWOPOZISYON: Semèn sa a m’ap fè youn
nan aksyon Jezi te fè yo, anonse bòn nouvèl la, nan pawòl ak nan aksyon,
vizite yon malad oubyen yon prizonye pou rekonfòte l’, epi m’ap angaje m’ plis
pou m’ lite kont peche sosyal ki genyen nan sosyete kote m’ap
viv la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario