Koulè Blan
GREGWA LE
GRAN KI SEN, Pap e savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE MOSO
LABIB
“Li mouri pou
nou, pou nou kapab viv ansanm ak li”.
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TESALONISYEN YO 5.
1-6. 9-11
Sou kesyon tan yo ak moman yo, frè m’ yo, nou pa bezwen
pou nou ekri nou; sèke nou menm nou konnen byen pwòp jou Granmèt la, se tankou
yon vòlè nan nuit, se konsa l’ap vini.
Reyèlman vre, lè moun yo ap di: “Lapè ak trankilite”, se
lè sa a, sanzatann, katastròf la ap tonbe sou yo, tankou doulè madanm ki ansent,
epi yo p’ap chape. Kanta nou menm, frè m’ yo, nou pa nan fènwa, pou jou sa a sezi
nou tankou yon vòlè; sèke nou tout nou se pitit limyè ak pitit lajounen: nou pa
moun nan nuit ni moun fènwa. Konsa, piga nou ret ap dòmi tankou lòt yo, men se
pou nou veye, pou nou pa kite zafè manje ak bwason dekontwole nou.
Sèke Bondye pa mete nou pou kòlè a, men pou nou jwenn delivrans,
pa pouvwa Granmèt nou Jezikri: li menm ki te mouri pou nou, pou, kit n’ap veye,
kit nou mouri deja, nou viv ansanm avèk li. Poutèt sa, se pou nou youn konsole
lòt, pou nou youn ankouraje lòt, jan nou deja fè a.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 26,
1. 4. 13-14
R/ Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la nan tè vivan yo.
Granmèt la se limyè m’ ak delivrans mwen, ki moun pou m’
pè? Granmèt la se pwoteksyon lavi m’, devan ki moun pou m’ tranble? R.
Yon sèl bagay mwen mande Granmèt la, se sa m’ap chèche:
abite lakay Granmèt la tout tan lavi m’, pou m’ wè dousè Granmèt la, pou m’
vizite kay sakre l’ la.R.
Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la nan tè vivan yo.Tann
Granmèt la, pran kouraj, asire kè ou, apuiye l’ sou Granmèt la.R.
LEVANJIL
“Mwen konnen kilès ou ye, se Sen Bondye a”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 4, 31-37
Lè sa a:
Jezi desann
Kafanawòm, yon vil Lagalile; antan l’ la, li t’ap bay moun yo lansèyman, jou
saba a. Yo te sezi poutèt lansèyman l’ nan, paske li t’ap preche avèk otorite.
Nan kay reyinyon
an te gen yon mesye ki te gen yon demon ki pa pwòp, li rele byen fò, li di: “Kite
nou, sa k’ gen ant nou menm ak ou menm, Jezi, moun Nazarèt la. Èske ou vini pou
ou pèdi nou? Mwen konnen kilès ou ye, se Sen Bondye a”.
Jezi menase l’,
li di: “Pe bouch ou, sòti nan li”. Demon an jete l’ nan mitan moun yo, li pati sot nan li,
san l’ pa fè l’ okenn mal.
Tout moun tranble, youn ap pale ak lòt, y’ap di: “Ki pawòl
sa a, paske se nan pouvwa ak fòs li kòmande lespri ki pa pwòp yo, epi yo sòti?”.
Repitasyon l’ gaye nan tout kote nan peyi a.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Apot Pòl fè
nou konprann nou dwe rete vijilan, paske jou Jezi gen pou l’ retounen an, se
tankou yon vòlè l’ap vini. Sa vle di kòm kretyen, kòm moun ki vle fè volonte
Bondye, nou pa ka ap penyen-lage, men nou dwe priye e veye. Fòk nou mete nou
nan kondisyon pou lè Jezi tounen pou l’ jwenn nou prè. Kisa sa enplike? Apot
Pòl mande pou nou prepare tèt nou, pou nou youn konsole lòt e pou nou youn veye
sou lòt. Donk koze bagay sove a, li enplike pou nou ale vè lòt yo, pa sèlman
kretyen parèy nou, men nou dwe pataje bòn nouvèl la bay tout moun. Kijan nou ka
fè sa? Jezi ban nou ekzanp lan, li t’ap mache bay lansèyman e preche ak anpil
otorite. Sa vle di te gen koerans ant mesaj li t’ap preche a ak fason l’ t’ap viv,
se sa ki fè anpil moun te vin kwè nan li e yo te suiv li. Yon
lòt bagay ki make fason Jezi t’ap anonse bòn nouvèl la, se imilite l’ ak
senplisite l’. Se pou sa l’ pa t’ kite demon ou lespri papwòp ki te nan mesye a devwayle
kiyès li te ye, e li chase l’ tou dousman. Nou menm jounen jodi a, n’ap fè fas
ak gwo defi nouvèl evanjelizasyon an ki ta dwe adapte l’ ak gwo mwayen
teknolojik ak kominikasyon yo; nou dwe mete anpil otorite ladan l’ ak anpil
kreyativite. Men nou dwe evite tonbe nan pyèj mond lan, pou nou pa al chèche ti
glwa pèsonèl nou, sa nou ka rele “vèn glwa a oubyen glwa initil”. Nou konnen
sosyete jounen jodi a renmen bagay ki sansasyonèl pou demontre yon moun te fè
tèl bagay ekstrawòdinè, evite tonbe nan bagay sa a, ni pa bat pou n’ kiltive
yon fo imilite tou sou pretèks nou senp epi nan fon kè n’, nou tris lè medya yo
pa site non nou oubyen fè eko de yon bon bagay nou te fè. Preche lanmou ak
mizerikòd Bondye a, lite kont enjisitis epi mete nou nan pye Jezi, resantre
tout bagay nan li menm, fè tout moun n’ap gen pou evanjelize fikse je yo sou
Jezi ki se sous e ki se Mèt misyon an.
LAPRIYÈ:
Bondye, ou menm ki okipe pèp ou yo avèk bon kè, e ki
kòmande yo avèk renmen, tanpri, gras a priyè pap Gregwa ki sen, bay sa yo ou te
konfye responsabilite dirije pèp ou yo lespri sajès la, pou gadyen yo jwenn kè
kontan tout tan nan pwogrè mouton ki sen yo fè. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap pran
abitid priye tout tan. M’ap mande Bondye lagras li pou m’ ka kominike Bòn
nouvèl la nan pawòl ak nan aksyon m’ yo. M’ap mande Bondye pou l’ fè m’ vin senp
menm jan ak Jezi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario