Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Pawòl laverite a rive kote nou tankou sou tout tè a”.
KÒMANSMAN LÈT
APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO1, 1-8
Pòl, apot Jezikri,
gras a volonte Bondye, ak Timote, frè a, pou moun yo ki Kolòs yo, pou sen yo ak
frè yo ki fidèl nan Jezikri yo. Favè a pou nou ak lapè sot nan Bondye Papa nou
ak Granmèt la Jezikri.
Mwen di Bondye,
Papa Granmèt nou Jezikri mèsi, tout tan m’ap lapriyè pou nou, lè m’ tande lafwa
nou nan Jezikri ak renmen nou genyen pou tout sen yo gras a espwa a k’ap tann
nou nan syèl la; nou te tande pale sou espwa sa a nan pawòl laverite levanjil
la, ki te rive jous kote nou. Menm jan li sou tout tè a, li donnen, li devlope,
konsa tou li donnen e li devlope nan nou depi jou nou te tande favè Bondye a
nan laverite a. Nou te konnen espwa sa a, jan Epafras te aprann nou li, li menm
mwen si tèlman renmen an, k’ap sèvi ansanm ak mwen, li menm ki fidèl sèvitè Jezikri
pou nou e ki montre m’ renmen nou genyen nan Lespri a.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 51, 1. 11
R/ Mwen espere nan kè sansib ou a, Granmèt, pou tout tan.
Kanta mwen menm
mwen tankou yon pye oliv tou vèt nan lakay Bondye a. Mwen espere nan kè sansib
Bondye pou tout tan ak tout tan k’ap gen tan.R.
M’ap fè lwanj
pou ou pou tout tan, poutèt sa ou fè; m’ap tann non ou, paske ou bon, devan
tout sen w’ yo.R.
LEVANJIL
“Nan lòt vil
yo tou mwen gen pou m’ pote bòn nouvèl la, paske se pousa yo voye m’”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 4, 38
44
Lè sa a:
Jezi leve sot
nan kay reyinyon an, li antre nan lakay Simon; bèlmè Simon an te ret kouche ak
yon gwo lafyèv, yo lapriyè l’ pou li. Li kanpe, li panche sou li, li kòmande
lafyèv la, lafyèv la kite l’; menm lè a li leve, li t’ap sèvi yo.
Kòm solèy la t’ap kouche, tout moun ki te gen moun
malad anba tout kalite maladi, yo mennen yo ba li. Li menm li poze men sou yo
chak, li geri yo.
Demon yo t’ap soti nan anpil moun, antan y’ap rele byen
fò, y’ap di: “Ou se Pitit Bondye a”; li t’ap menase yo, li pa t’ abitye kite yo
pale, paske yo te konnen li se Kris la.
Lè l’ fè jou, li sòti, l’al nan yon kote ki pa gen
pèsonn; foul yo t’ap chèche l’, yo rive jous kote l’, yo te kenbe l’, pou l’ pa
t’ pati kite yo.
Li menm li di yo: “Sèke lòt vil yo tou, mwen gen pou m’
anonse rèy Bondye a ba yo paske se pousa menm yo voye m’”.
Epi li t’ap preche nan kay reyinyon Lagalile yo.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Yo di mirak se pitit adoptif lafwa, nou ka konstate sa
nan levanjil jodi a kote nou wè, aprè Jezi te fin geri bèlmè Simon an anba yon
gwo lafyèv, kòman anpil lòt moun ki te gen maladi lakay yo, te al chache yo pou
Jezi te kapab fè kichòy pou yo, pou li te kapab geri yo. Men sa k’ pi
enpresyonan nan premye paragraf levanjil jodi a, se leson bèlmè Simon ba nou
aprè gerizon li an, li pa t’ kouri al fè pakèt travay li te genyen, li te rete
pou sèvi vizitè yo. Se yon fason pou l’ te manifeste yon bèl
jès gratitid ak rekonesans pou sa Jezi te fè pou li.
Lòt aspè nou kapab
dekouvri nan levanjil la, se sou tip moun ki dekouvri kilès Jezi te ye; se te
moun ki te gen movèz espri yo. Sa montre ke Jezi pa t’ vin pou l’ chache laglwa
sou tè a, li pa t’ mande pèsonn pou fè elòj pou li, paske l’ te konnen ke glwa l’
pa t’ sou tè a. Lòt bagay nou kapab dekouvri nan tèks la, sè ke kote Lespri
Bondye a prezan, movèz espri a pa kanpe. Move lespri a rekonèt pouvwa Bondye e li di Jezi: “ou se pitit Bondye”.
Jezi se vrè misyonè, vrè modèl ke nou dwe imite. Anvan
Jezi te retounen al jwenn Papa l’, li pa t’ kite nou sèl, li te prepare yon gwoup
apot pou akonpanye nou e gwoup apot sa menm te kontinye gaye mesaj la epi
prepare lòt moun tankou mwen avè w’ pou kontinye travay la.
Nou wè nan premye lekti a, kòman apot Pòl te montre
Kolosyen yo kalite otorite l’.Se yon otorite ki soti nan fòs Lespri Sen an ki
te souke tout legliz korent la. Pòl se Moun Bondye rele kòm apot li, pou fè
volonte l’, nan Legliz li a ki twouve l’ an Korent ansanm ak tout lòt kote nan lemond
antye. Pou
defann otorite l’, apot Pòl envite moun Kolòs yo sonje ke yo se manb gwo fanmi
Legliz inivèsèl, ki se sèl Legliz Kris la. Li di envite yo pran responsablite
kòm manb antan yo konte sou sou sou konkou Lespri Sen an ki toujou la pou
dirije Legliz la. Nou dwe viv
nan renmen youn ak lòt kòm disip ak misyonè. Nan ane Lafwa sa a, ann mande
Bondye pou li ranfòse lafwa nou pou nou kapab fè fas ak defi nouvèl
evanjelizasyon an, pou mond la kapab konvèti, pou lavi kapab blayi!
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, nou konnen nou peche anpil, men lè
nou rann nou kont ke moun ou rele pou swiv ou se sa ki gen kapasite pou kite ou
travay nan yo epi transfòme lavi yo, poutèt sa nou vle lage nou nan bra w’ jodi
a, transfòme nou, fè nou tounen apot ou pou nou ka fè volonte w’ jan ou vle a.
PWOPOZISYON: Mande Bondye gras pou nou tounen yon enstrimen pou
lapè ak renmen pou yon sosyete miyò, yon mond nouvo, yon tè nouvèl pou yon syèl
nouvo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario