Páginas

JEDI 5

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Li delivre nou sot anba pouvwa fènwa yo, li fè nou travèse nan peyi wa Pitit li renmen an”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO 1, 9-14
Frè m’ yo:
Depi jou mwen te tande pale sou nou an, mwen pa sispann lapriyè pou nou, m’ap mande Bondye favè pou nou, pou nou plen ak konesans volonte l’, nan tout kalite sajès ak entelijans lespri a, pou nou mache yon fason kòrèk antan nou fè Bondye plezi nan tout bagay, antan n’ap donnen fwi nan tout kalite bon aksyon, antan n’ap devlope nan syans Bondye a, n’ap asire nan tout kalite fòs dapre pouvwa bèlte l’, nan tout kalite pasyans ak pèseverans avèk kè kontan; n’ap di Bondye Papa a mèsi, li menm ki fè nou merite jwenn pòsyon nan eritaj sen yo nan limyè a, li menm ki delivre nou sot anba pouvwa fènwa yo, ki fè nou travèse nan peyi wa Pitit li renmen an. Nan Pitit sa a nou jwenn delivrans pa pouvwa san li, padon pou peche yo.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 97, 2-3ab. 3cd-4. 5-6
R/ Granmèt la fè konnen delivrans li a.
Granmèt la fè konnen delivrans li a, nan fas nasyon yo li devwale jistis li a. Li fè sonje kè sansib li a ak verite l’ pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè delivrans Bondye nou an. Sonnen twonpèt pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
Chante pou Granmèt la sou gita, sou gita ak chante sòm ; sonnen twonpèt ak kòn, sonnen klewon devan Granmèt la ki wa.R.
LEVANJIL
Yo kite tout bagay, yo suiv li
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK 5, l-11
Lè sa a:
Kòm foul yo te gonfle sou Jezi pou yo tande pawòl Bondye a, li te kanpe sou bò letan Jenezarèt la. Li wè de kannòt ki mouye bò letan an; moun k’ap peche pwason yo te desann, yo t’ap lave filè yo. Li monte nan youn nan kannòt yo, sa k’ te pou Simon an, li mande l’ pou l’ rekile yon ti kras sot bò tè a. Li chita, l’ap bay foul yo lansèyman antan l’ nan ti kannòt la.
Kon l’ fin pale, li di Simon: “Mennen nou nan fon, epi lage filè yo pou lapèch la”.
Simon reponn, li di l’. “Mèt, tout nan nuit nou travay san nou pa pran anyen; sèlman sou pawòl ou m’ap lage filè a.
Lè yo fè sa, yo ranmase yon pakèt foul pwason ; filè yo a t’ap chire. Yo fè asosye yo siy, sa k’ te nan lòt kannòt la, pou yo vin ede yo. Yo rive, yo plen toulede kannòt yo, jous yo te prèt pou koule.
Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l’ nan jenou Jezi, li di : Rale kò ou lwen m’, paske se yon moun ki nan peche mwen ye, Granmèt.
Sèke sezisman te anvayi l’, ansanm ak tout moun ki te avèk li yo nan lapèch pwason yo yo te pran an ; konsa tou pou ni Jak ni Jan, pitit Zebede yo, ki te asosye Simon.
Jezi di Simon : “Pa pè, apati koulye a, se lapèch moun w’ap fè”.
Yo kondui kannòt yo jous atè, yo kite tout bagay, yo suiv li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Ann pa bliye ke jodi a Legliz ap selebre memwa byenèrèz Terèz, moun Kalkouta, yon vrè ekzanp senplisite, obeyisans ak povrete.Tout vi Terèz, moun Kalkouta, se te manifeste lanmou Bondye a bay moun ki te nan mizè grangou, maladi ak fèblès nan lafwa. Terèz, moun Kalkouta, fèt nan yon peyi mizè tankou peyi nou an, an End. Li te konn dòmi atè tankou anpil ti ayisyen jodi a, pou esperyans lavi li, li te deside remèt Bondye tout sa l’ ye pou sa ki pi pòv yo, sa ki te nan mizè yo. Se ou menm, pou kisa ou deside remèt Bondye lavi w’ jodi a ?
Nou pa gen anyen pi konsekan pase lavi nou pou nou ofri Granmèt la. Jezi di Simon : A pati jodi a ou p’ap peche pwason ankò, ou pral peche moun.
Levanjil jodi a, se youn nan moso labib ki atire atansyon m’anpil. Mwen sonje lè m’ t’ap pase nan novisya mè adoratriz yo ane dènyè, se pasaj sa a nou te chwazi. Refleksyon m’ te baze sou kòman Pyè te santi l’ lè l’ wè se nan kannòt pa l’ la Jezi te monte. Reyaksyon l’aprè lòd Jezi te pase l’ la epi reyaksyon yo tout aprè pakèt pwason yo te pran nan pèch yo te reyalize a.
Jounen jodi a, Jezi vle monte nan kannòt nou chak k’ap navige nan lanmè lavi a ; li vle monte nan kannòt ògèy nou yo, dezobeyisans nou ak kannòt desten nou. Si jodi ou ta ap kondi kannòt ki pot Jezi a, Pitit Bondye vivan an, zanmi Pechè yo, pòt pawòl moun san vwa yo, ki prekosyon ou dwe pran ? Jezi chita anndan kannòt kè w’ pou retire tout vye panse ki fè w’ konnen ke ou pa dwe janm anyen, ou pa vo pip tabak ; sitiyasyon lavi w’ p’ap janm chanje, si kote w’ ye a se pa plas ou. Jezi ap di ou jodi a lage filè w’, sèl efò l’ mande w’ se obeyi pawòl la, lè sa a w’a wè bèl mèvèy bouch pa ka pale. Nou pa dwe chita nan fè tèt di, si n’ santi jodi a Bondye ap mande nou pou n’al peche moun angiz pwason. Pawòl Bondye a se sèl limyè k’ap klere chemen nou pou n’ ka wè ki kote nou prale.
Nou ka imajine nou kòman Pyè te santi l’enpòtan lè l’ wè se nan kannòt pa l’ la Jezi te monte, li te santi l’enpòtan paske je l’ pa t’ ko ouvri, Jezi pa t’ ko antre nan lavi li, men kou l’ te fin santi prezans Bondye nan li, li te santi l’ twò gwo pechè pou Jezi te ret bò kote l’. Men Jezi pa t’ vin chache moun ki san tach, ni zanj sou latè, men li te vin chache moun ki te santi yo ka kite tout aktivite pèsonèl yo pou yo fè travay Granmèt la.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, n’ap mande w’ pou w’ aprann nou konnen kòman pou nou abese nou devan w’, pou n’ aprann konnen ke lè w’ chwazi nou pou yon bagay, se pa paske nou pi enpòtan pase lòt yo men se paske ou rele moun ou vle pou sèvis ou.

PWOPOZISYON : M’ap mande Bondye lespri disènman pou m’aprann konnen plan l’ nan lavi mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario