Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Yo pa gen dwa
janm jwenn peyi yo anvi a”.
NAN LIV NONB 13, 2-3a. 26-14, 1.
26-30. 34-35
Jou sa a yo:
Granmèt la pale ak Moyiz nan dezè
Faran an, li di: “Voye gason, pou yo ekzamine peyi Kanaan an, sa m’ap bay pitit
Izrayèl yo; w’a pran youn nan chak ras, w’a pran nan chèf yo”.
Moun yo ki te ale ekzamine peyi a, yo
tounen aprè karant jou, lè yo fin fè tout tou zòn nan, yo rive kot Moyiz avèk
Aawon. Avèk tout reyinyon pitit Izrayèl yo, nan pale avèk yo epi avèk tout foul
la, yo montre fwi tè a, yo bay nouvèl, yo di:
“Nou t’ale nan peyi a, kote ou te
voye nou an, kote lèt ak myèl koule tout bon vre; nou kapab rekonèt sa nan fwi
sa yo. Men li gen gadyen ki fò anpil, li gen gran vil, ak miray. Nou wè desandans
Enak ladan l’; Amalèk abite nan mitan l’; Itit la ak Jebizeyen an ak Amoreyen an
nan mòn yo; Kananeyen an menm rete bò lanmè avèk bò larivyè Jouden an”.
Kalib kalme pèp la ki t’ap babye, ki
t’ap leve kont Moyiz, li di: “An nou monte, pou nou posede tè a, paske nou
kapab pran li”. Men lòt ki te avèk li yo, yo t’ap di: “Nou p’ap janm reyisi
monte kot pèp sa a, paske li pi fò pase nou”.
Yo pale peyi a mal devan pitit Izrayèl
yo, peyi sa a yo t’al ekzamine a, yo di: “Peyi a nou sot ekzamine a, li devore
moun ki abite ladan l’ yo; pèp la nou wè a, yo wo anpil. Laba a, nou te wè mons
ki sot nan pitit Enak yo, nan ras jèn yo; devan yo, nou te tankou krikèt”. Tout
pèp la rele, yo kriye nan nuit sa a. Granmèt la pale ak Moyiz ak Aawon, li di: “Jouskilè
foul moun pa bon sa yo ap babye kont mwen? Mwen tande repwòch pitit Izrayèl yo.
Di yo: “Sou lavi m’, deklarasyon Granmèt la, jan nou pale a, daprè sa m’ tande a,
se konsa m’ap aji avèk nou. Nan dezè sa a kadav nou ap tonbe. Nou tout, ki gen
ventan ak plis laj, nou menm ki babye kont mwen an, nou p’ap antre nan peyi a,
sa m’ te fè sèman mwen t’ap fè nou abite ladan l’ nan, sof Kalèb, Pitit Yefone
ak Jozye, pitit Noun. Daprè kantite karant jou yo, sa nou te pran pou nou
ekzamine peyi a, n’ap konte yon ane pou chak jou. Pandan karantan, n’ap peye
konsekans peche nou yo, n’ap konnen vanjans mwen an: jan m’ pale a, se konsa m’ap
aji avèk foul sa a ki move vre, ki leve kont mwen an: nan dezè sa a l’ap tonbe,
l’ap mouri”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 105, 6-7a. 13-14. 21-22. 23
R/ Sonje nou, Granmèt, nan bon kè ou genyen
pou pèp ou a.
Nou fè peche avèk zansèt nou yo, nou
aji yon jan ki pa korèk, nou fè fot. Zansèt nou yo nan Lejip la, yo pa t’ konprann mèvèy ou
yo.R.
Yo fè vit, yo bliye aksyon l’ yo, yo
pa konte sou desizyon l’ nan, yo mete lide yo sou anvi yo te genyen nan savann
nan, yo eseye Bondye nan tè sèk la.R.
Yo bliye Bondye ki te sove yo a, li menm
ki te fè bagay ekstrawòdinè nan Lejip la, mèvèy nan peyi Kam nan, pwodij nan
lanmè Wouj la.R.
Li di l’ap gaye yo, si se pa t’
Moyiz, sila a li te chwazi a, ki te pwoche. Li kanpe nan twou miray la devan
fas li, pou l’ vire kòlè l’, pou l’ pa fè yo peri.R.
LEVANJIL
“Lafwa ou
gran, madanm”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 15, 21-28
Lè sa a:
Jezi pati, l’ale nan rejyon Tir ak
Sidon. Yon madanm Kanaan sòti nan rejyon sa yo, li rele byen fò, li di l’: “Pitye pou mwen, Granmèt, pitit
David, pitit fi m’ nan gen yon demon k’ap maltrete l’ anpil”. Li pa reponn li
yon mo. Disip li yo pwoche kote l’, yo
lapriyè l’, yo di: “Ranvwaye l’ paske l’ap rele apre nou”.Li menm, li reponn, li di:
“Yo voye m’ sèlman kot mouton k’ap
peri yo, nan kay Izrayèl la”.Li menm li rive, li adore l’, li
di: “Granmèt, ede m’”.Li reponn, li di: “Sa pa bon pou
pran pen ti moun yo, pou jete l’ bay chyen”.
Li menm li di: “Oui, Granmèt; men
ti chyen yo manje nan ti kal pen ki tonbe sot sou tab mèt yo”.
Lè sa a atò Jezi reponn, li di: “Madanm,
lafwa ou gran, se pou sa rive pou ou jan ou vle a”. Pitit fi l’ la geri menm lè sa a.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Premye lekti a ap raple nou Granmèt
la fidèl. Fidelite li a san limit. Granmèt la kenbe pwomès li, li pa janm
desepsyone nou, malgre nou menm nou enfidèl, li menm li toujou fidèl paske non
li se Bondye. Pèp Izrayèl te fè anpil eksperyans mizerikòd Bondye, li te wè
kijan li te fè gwo mèvèy pou li, kijan li te delivre li soti anba esklavaj, men
sa pa t’ anpeche li babye kont Granmèt la. Nou menm tou, frè ak sè mwen yo, gen
anpil fwa nou konn bliye sa Bondye fè pou nou, pa ekzanp nou konn bliye nou te
malad e li te geri nou; nou konn bliye nou te grangou e li te ba nou manje; nou
konn bliye nou te nikò e li te abiye nou; nou konn bliye nou t’ap dòmi nan lari
e li te ba nou yon kay pou nou rete, nou konn bliye anpil mirak Yave te opere
nan lavi nou. Lè nou bliye konsa, sa vle di nou engra. Anpil fwa tou nou konn
bliye anpil sakrifis yon moun fè pou ede nou soti nan yon sitiyasyon difisil,
moun sa a petèt se yon paran oubyen yon zanmi, yon moun Bondye te itilize pou
li kapab libere nou.
Frè mwen, sè mwen, li enpòtan pou
nou konte sou Bondye, li enpòtan pou nou konswi lavi nou sou Bondye, paske si
se pa sa nou kapab echwe nan tout sa n’ap fè. Si n’ap chèche suiv lide pa nou,
si nou pa chèche konnen volonte Bondye nan lavi nou, nou se moun ki deja pèdi
batay, paske anpil fwa lide pa nou yo se nan twou pèdisyon yo lage nou, paske
se lide ki fèmen nou nan ti sèk pa nou, ti sèk egoyis nou ki pa pèmèt nou wè ni
tande lòt yo, ki pa pèmèt nou wè limyè Granmèt la. Sòm 105 la ap ede nou
konprann sa trè byen: “Yo fè vit, yo bliye aksyon l’ yo, yo pa konte sou desizyon
l’ nan, yo mete lide yo sou anvi yo te genyen nan savann nan, yo eseye Bondye
nan tè sèk la”. Men lè yo pran konsyans de peche yo, yo mande Granmèt la pran pitye pou
yo, paske yo konnen li se yon Bondye ki gen kè sansib.
Nan Levajil la, se kalite kè sansib
sa Jezi manifeste pou madanm sa a, ki te gen yon denmon ki t’ap toumante li; sa
ki enteresan nan Levanjil sa a, sèke Jezi di:“Yo voye m’ sèlman kot mouton k’ap
peri yo, nan kay Izrayèl la”. Jezi vini pou li kapab pote lespwa, pou li kapab
pote lavi, gerizon, lapè ak trankilite. Madanm nan te esklav move lespri, men
Jezi libere li akòz lafwa li te genyen. Avèk lafwa, tout bagay posib. Menm si
nou wè n’ap soufri, nou pa dwe kite lanp lafwa nou tenyen, paske Bondye fidèl,
li p’ap chanje; sa li ye a, se sa l’ap rete pou toutan.
LAPRIYÈ: Granmèt,
anpil fwa mwen konn bliye mèvèy ou fè nan lavi mwen. Jodi a m’ap mande ou padon
pou tout engratitid mwen yo. Tanpri lave mwen, ban mwen yon kè ak yon lespri
tou nèf.
PWOPOZISYON: Pa kite difikilte lavi a fè ou eseye Bondye ou. Pa kite anyen fè ou pèdi
trezò lafwa a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario