Páginas

JEDI 8

Koulè Blan
DOMINIK KI SEN, Prèt
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Louvri pou yo trezò w’ la, sous dlo lavi a”.
NAN LIV NONB 20, 1- 13
Jou sa yo:
Pitit Izrayèl yo rive, ni tout foul la, nan dezè Sin nan, nan premye mwa a; pèp la rete Kadès. Mari mouri la, yo antere l’ la menm.
Kòm pèp la pa t’ gen dlo, yo rasanble kont Moyiz avèk Aawon, yo revòlte, yo di: “Pito nou te mouri nan pami frè nou yo devan Granmèt la! Poukisa nou fè pèp Granmèt la sòti nan dezè a, pou nou mouri ansanm avèk bèt nou yo? Poukisa nou fè nou monte sot Lejip, nou mennen nou nan move kote sa a, kote yo pa kapab simen, kote pye fig frans pa kapab pouse; ni jaden rezen, ni grenadin, ata dlo pa genyen pou nou bwè?”
Moyiz avèk Aawon ranvwaye foul la, yo antre nan joupa contra a, yo lage kò yo fas atè, yo rele kot Granmèt la, yo di: “Granmèt Bondye, koute rèl pèp sa a, louvri pou yo trezò w’ la, sous dlo lavi a, pou yo pase swaf yo, pou yo sispann babye”.
Bèlte Granmèt la parèt sou yo; Granmèt la pale avèk Moyiz, li di: “Pran bagèt la, rasanble pèp la, ou menm avèk Aawon, frè w’ la; pale avèk wòch la devan yo, l’ap bay dlo. Lè ou a fè dlo sòti nan wòch la, tout pèp la ap bwè, ni bèt li yo”.
Konsa Moyiz pran bagèt la, ki te devan Granmèt la, jan l’ te kòmande l’ la, li rasanble foul la devan wòch la, li di yo: “Koute, rebèl, nou menm ki pa gen lafwa: èske nou kapab fè dlo sòti nan wòch sa a pou nou?” Lè Moyiz leve men l’, li frape de fwa avèk bagèt la, anpil dlo sòti, atèl pwen pèp la bwè, ansanm ak bèt yo.
Granmèt la di Moyiz avèk Aawon: “Poutèt nou pa t’ kwè nan mwen, pou nou te fè wè jan m’ sen devan pitit Izrayèl yo, nou p’ap fè pèp sa yo antre nan peyi m’ap ba yo a”. Sa a se “Dlo kontradiksyon an”, kote pitit Izrayèl yo te fè pwosè kont Granmèt la, kote li te fè wè jan l’ sen nan yo a.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 94, 1-2. 6-7. 8-9
R/ Pito, jodi a, nou koute vwa Granmèt la: “Pa fèmen kè nou”.
Vini, an nou fete pou Granmèt la; an nou bat bravo pou Bondye ki sove nou. An nou pwoche devan fas li avèk lwanj epi ak mizik an nou bat bravo pou li.R.
Vini, an nou adore, an nou plwaye kò nou, an nou met ajenou devan Granmèt la ki fè nou,
paske li menm se Bondye nou, epi nou menm nou se pèp nan pak li, mouton men l’ap kondui.R.
Pito jodi a se vwa l’ nou koute: “Pa fèmen kè nou, tankou nan Meriba, tankou jous Masa nan savann nan, lè zansèt nou yo te chèche pran m’ nan pyèj la: yo te eseye m’, malgre yo te wè travay mwen yo”.R.
LEVANJIL
“Ou se Pyè, m’ap ba ou kle rèy syèl yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 16, 13-23
Lè sa a:
Jezi rive nan rejyon Sezare Filip la, li poze disip li yo kesyon, li di: “Kisa moun yo di sou Pitit moun nan?”
Yo di: “Yon pòsyon se Jan-Batis, yon lòt se Eli, yon lòt menm se Jeremi oubyen youn nan pwofèt yo”.
Jezi di yo: “E nou menm, kisa nou di mwen ye?”
Simon Pyè pran lapawòl, li di: “Ou se Kris la, Pitit Bondye ki vivan an”.
Jezi menm pran lapawòl, li di l’: “Se chans pou ou, Simon, pitit Jan, paske se pa chè a ak san an ki devwale ou sa, men se Papa m’ ki nan syèl la. Mwen menm mwen di ou: ou se Pyè, e sou wòch sa a m’ap bati Legliz mwen an, pòt lanfè yo p’ap ranpòte laviktwa kont li. M’ap ba ou kle rèy syèl yo; tout sa w’ap mare sou tè a, l’ap mare nan syèl la, tout sa w’ap lage sou tè a, l’ap lage nan syèl la tou”
Lè sa atò, li pase disip li yo lòd, pou yo pa di pèsonn li se Jezikri.
Apati lè sa a, Jezi kòmanse montre disip li yo li te gen pou l’ al Jerizalèm, pou l’ soufri anpil nan men ansyen yo ak pwofesè yo, ak chèf prèt yo, pou yo touye l’ epi pou l’ leve sou twazyèm jou a.
Pyè menm pran l’, li kòmanse fè l’ repwòch, li di: “Wete sa nan lide ou, Granmèt, sa p’ap rive ou”.Li menm li vire, li di Pyè: “Al dèyè m’, satan, ou jennen m’: paske ou pa goute sa k’ sot nan Bondye men sa k’ sot nan moun”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Legliz la mete a lonè jodi a, Sen Dominik. Touswit n’ap di yon ti mo sou lavi sen sa a. Non li konplè nan lang espayòl, se Domingo Núñez de Guzmán. Li te fèt vè lane 1170 nan peyi Espay, kote tout moun t’ap viv alèz.  Li te mouri nan dat 6 out 1221 nan yon zòn yo rele Bolòy. Se te yon relijye katolik. Se li ki fondatè yon kominote relijye ki rele “L’ordre des Prêcheurs ou des Frères Prêcheurs (O.P.  Ordo Fratrum Prædicatorum) nan lane 1215. Kominote sa a te fonde sou baz panse Sen Ogisten. Deviz li se te “Laverite” (Veritas).Legliz la te deklare li sen nan lane 1234. Nan tan pase yo, yo te konn fete li 4 out epi 6 out, jou li te mouri a.  Men apati de Konsil Vatikan II yo fete li nan dat 8 out.
Dominik te kite tout byen, tout riches materyèl pou li te kapab chèche vrè trezò a nan Bondye, nan sèvis pòv yo. Li te gen yon devosyon espesyal pou manman Lavyèj Mari. Li te konbat anpil move kouran ki te kanpe fas ak lansèyman Jezi a. Atravè aksyon ak pawòl li t’ap chèche fè anpil patizan pou Jezi, li t’ap chèche sove anpil nanm.
Ki mesaj Granmèt la pote pou nou jodi a?
Premyèman l’ap di nou li se sous dlo lavi a, kote nou kapab pase tout swaf nou ye. Se mesaj sa a premye lekti a pote pou nou. Anpil fwa nou kouri monte, nou kouri desann. Nou chèche solisyon pwoblèm nou yo tout kote, men nou bliye si Bondye se solisyon tout pwoblèm nou yo. Sou wout lavi a, nou konn santi nou swaf, men jan ak pèp Izrayèl la. Nou konn santi nou angwase, nou toumante lè nou pa rive jwenn sa nou bezwen. Sa konn rive solisyon an la, men se metòd nou itilize a ki pa bon, paske anpil fwa nou konte sou pwòp fòs nou, sou pwòp kapasite nou e nou bliye Gran Matematisyen an, nou bliye Mèt la ki kapab gide nou an.
Dezyèmman, Levanjil la ap fè nou sonje Legliz la se sou fondasyon Apot yo li bati. Se sa nou di nou kwè nan Kredo nou an. Jezi di Pyè: “ou se Pyè, se sou wòch sa a m’ap bati Legliz mwen an, pòt lanfè yo p’ap ranpòte laviktwa kont li.”
Jodi a nou wè gen anpil menas sou Legliz Jezikri a: Chak jou, nou santi manke vokasyon, moun antre legliz al vòlè enstriman ki la pou fè lwanj pou Bondye; divizyon ap miltipliye, anpil moun vle fòme ti legliz yo kòmsi se ti biznis yo; nou tande gen kè pè pederas k’ap vyole ti moun; nou tande evèk k’ap renonse ak misyon yo; nou tande jèn k’ap kite Legliz Katolik pou yo ale nan pwotestan, yo bliye si relijyon pa kapab sove yo… Sa fè nou poze tèt nou kesyon sou avni Legliz la. Men no upa bezwen pè paske Jezikri se tèt la k’ap mennen kò a. Legliz la se sou wòk li fonde, li pa fonde sou sab. Kidonk pèsonn pa kapab kraze li, menm si yo sekwe li. Jodi a li enpòtan anpil pou nou konbat tout lènmi Legliz la, men se pa nan vyolans fizik oubyen vèbal. Se ak pawòl sajès epi ak konpòtman nou. Nou pa dwe kite van fanatism ak divizyon pote nou ale, paske se yon sèl Legliz, yon sèl Granmèt, yon sèl fanmi nou ye. Legliz se nou, nou se Legliz!
LAPRIYÈ: Granmèt, se pou Dominik ki sen ede Legliz ou a avèk merit li avèk ansèyman l’, epi se pou l’ sèvi avoka ak bon kè l’ pou nou, li menm ki te preche verite w’ la si tèlman byen an. Pa pouvoua Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: Kijan mwen menm mwen santi mwen kòm kretyen katolik, kisa m’ap fè pou mwen defann Legliz Jezikri a? Kisa m’ap fè pou kraze divizyon?

No hay comentarios:

Publicar un comentario