Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
“Li renmen
zansèt ou yo, li chwazi ras yo apre yo”.
NAN LIV DETEWONÒM 4, 32-40
Moyiz pale ak pèp la, li di:
“Mande jou lontan yo, ki te anvan ou yo, depi jou Bondye
te kreye moun nan sou tè a, sot nan yon bout syèl la rive jous nan lòt bout la,
mande yo si yon bagay konsa te janm fèt, oubyen si yo janm konnen yon bagay
konsa, pou yon pèp tande vwa Bondye k’ap pale nan mitan dife, jan ou tande a, epi
ou ret vivan; mande yo si Bondye te fè yon ras sòti nan pami nasyon yo pou l’
pran l’ pou li, antan l’ eseye l’, antan l’ fè mèvèy, pwodij, batay, ak ponyèt
li, ak men l’ ki gen fòs, ak bra l’ ki lonje, ak vizyon ki terib, daprè tout sa
Granmèt Bondye nou fè pou nou nan Lejip la, sa ou wè ak je ou; mande, pou ou
kapab konnen Granmèt la se li menm ki Bondye, pa gen lòt si se pa li.
Antan l’ nan syèl la, li fè ou tande vwa l’, pou l’ ba ou
leson; sou tè a, li fè ou wè gran dife l’ la; ou tande pawòl li nan mitan dife a
paske li te renmen zansèt ou yo, li te chwazi ras yo aprè yo. Li fè ou sòti nan
Lejip, antan l’ mache devan ou ak gran fòs li, pou l’ detwi gran nasyon yo ki
pi fò pase w’ yo, lè w’ap antre a; pou l’ fè ou antre; pou l’ ba ou peyi yo kòm
eritaj, jan ou wè jodi a.
Se pou n’ aprann sa jodi a, se pou ou reflechi sou sa
nan kè ou, se Granmèt la li menm ki Bondye nan syèl la anlè a ak sou tè a anba a,
pa gen lòt. Kenbe lòd yo ak kòmandman yo, sa m’ pase w’ jodi a, pou sa kapab
bon pou ou ak pou pitit ou aprè ou, pou ou rete anpil tan sou tè a, sa Granmèt
Bondye w’ la ap ba ou a”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 76,
12-13, 14-15. 16 e 21
R/ M’ap sonje travay Granmèt yo.
M’ap sonje travay Granmèt yo; m’ap sonje mèvèy ou fè depi
nan kòmansman yo. M’ap kalkile sou tout travay ou yo, m’ap reflechi sou aksyon ekstrawòdinè
ou yo.R.
Bondye, chemen
w’ nan sen: kilès dye ki gran tankou Bondye nou an? Ou se Bondye ki fè mèvèy, ou
fè konnen pouvwa ou nan pèp yo.R.
Ou delivre
pèp ou a ak fòs bra ou, pitit Jakòb ak Jozèf yo. Ou kondui pèp ou a tankou
mouton, nan men Moyiz avèk Aawon.R.
LEVANJIL
“Kisa yon moun kapab bay pou peye lavi l’?”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 16, 24-28
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Si yon moun vle vin aprè m’, se pou l’ renonse pwòp
tèt li, pou l’ pran kwa l’, pou l’ suiv mwen. Moun ki vle sove lavi l’, l’ap
pèdi l’; moun ki vle pèdi lavi l’ poutèt mwen, l’ap jwenn li. Sa sa ap sèvi yon
moun si l’ posede tout tè a, men li peye sa ak lavi l’?
Oubyen ki sa
yon moun kapab bay pou l’ peye lavi l’?
Pitit moun nan gen pou l’ vini nan bèlte Papa l’ avèk Mesaje
l’ yo, lè sa a l’ap renmèt chak moun daprè travay li. An verite mwen di nou, gen
moun ki kanpe isit la, ki p’ap goute lanmò, jous yo wè Pitit moun nan k’ap vin
nan rèy li a”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Jezi anonse lanmò ak leve vivan li, se pa pou nou janm
bliye sa Granmèt la fè pou nou, jan li te sove nou anba tout fòm esklavaj, pa
bliye li pase yon kontra renmen ak pèp li chwazi a epi li mete apa pou li a,
menm jan li te fè pèp li a wè gwo pouvwa li. Mezanmi se pa lontan sèlman Bondye
ap fè n’ santi pouvwa li; l’ap montre fòs ponyèt li. Pa gen lòt Bondye tankou li,
pèsòn pa kab fè sa l’ fè, li menm ki fè tout sa nou wè ak tout sa nou pa wè. Wi
se li menm, pa gen lòt; se poutèt sa nou dwe respekte l’, adore l’, renmen l’ ak
tout kè n’, epi swiv kòmandman li yo jodi a; konsa
zafè nou va regle, n’a wè bèl mèvèy bouch pa kab pale.Se obeyi kòmandman Bondye
a menmsi gen anpil soufrans. Pa bliye nan levanjil matye a kote Jezi di: moun
ki vle swiv mwen se pou l’ rayi pwòp tèt li, pou l’ aksepte pran kwa l’ pou
swiv mwen. Pafwa lavi Bondye ba nou an, nou fè l’ tounen yon zidòl pou regle pwòp
enterè pa nou. Ki mou ki gen lajan pou achte lavi? Èske se pa Bondye ki fè n’
kado lavi nou gratis? Se sa k’ fè Jezi di: “moun ki renmen lavi l’, l’ap pèdi l’,
e moun ki bay lavi l’ pou mwen l’ap jwenn li ankò”. Anpil fwa nou pa gen tan
pou Jezi, nou pase tout tan nou ap regle ti zafè pa nou, e nou bliye kilès ki
ba nou fòs pou n’ fè li, kilès ki ba nou
respirasyon. Si Bondye pa t’ ba nou lavi, èske nou t’ap ka kanpe? Jezi di yon
moun ki pa kite byen l’, papa l’, manman l’, frè ak sè l’ pou pran kwa l’ pou l’
swiv mwen li p’ap kapab tounen patizan m’. Frè ak sè m’ yo, ann chèchè bay lavi
nou yon sans nan Jezi, li menm ki te aksepte bay lavi l’ pou l’ sove nou, konsa
n’a kòmanse goute peyi kote Bondye wa a.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, m’ap di w’ mèsi paske ou te aksepte
bay lavi w’ pou mwen pou wete m’ anba esklavaj peche a, ki fè mwen menm tou, mwen
kapab bay lavi m’ yon lòt sans. Ban mwen lagras ou pou m’ kab ba w’ tout plas
nan vi mwen, lè sa a m’a gen kouraj pou swiv ou.
PWOPOZISYON: M’ap chèche
dekouvri nan lavi mwen tout obstak ki anpeche m’ swiv Jezi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario