Páginas

SAMDI 31

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Nou te aprann nan men Bondye pou nou youn renmen lòt”.
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TESALONISYEN YO 4, 9-11
Frè m’ yo:
Sou charite nou dwe genyen pou frè a, sa pa nesesè pou nou ekri nou sou sa; sèke nou menm menm nou te aprann nan men Bondye pou nou youn renmen lòt. Reyèlman vre, nou fè sa pou tout frè yo nan tout Lamasedwán. Sèlman nou lapriyè nou, frè m’ yo, pou nou fè plis pwogrè, pou nou fè jefò pou nou viv ak lapè, pou nou okipe afè pa nou, pou nou travay avèk men nou, jan nou te pase nou lòd la.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 97, 1. 7-8. 9
R/Granmèt la vini pou l’ jije pèp yo nan sa ki dwat.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, paske li fè mèvèy. Bèlte delivrans la sòti nan men dwat li, nan bra l’ ki sen an.R.
Se pou lanmè a sonnen ak sa k’ plen l’ nan, fas tè a ak sa ki abite nan li yo.
Se pou larivyè yo bat bravo, se pou tout mòn yo danse.R.
Devan fas Granmèt la, paske l’ap vin jije tè a. L’ap jije fas tè yo nan jistis ak pèp yo nan sa ki dwat.R.
LEVANJIL
“Poutèt ou te fidèl sou yon ti bagay, antre nan kè kontan mèt ou a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE 25, 14-30
Lè sa a: Jezi di disip li yo parabòl sa a:
“Yon mesye t’ap pati al nan vwayaj, li rele sèvitè l’ yo, li renmèt yo byen l’ yo: youn li ba l’ senk pyès lajan, yon lòt menm de, epi yon lòt yon sèl; chak moun daprè kapasite pa l’; aprè sa li pati la menm. Sa k’ te resevwa senk pyès lajan an, l’ale, li travay avèk yo, li rapòte senk lòt. Menm jan an tou, sa k’ te resevwa de pyès lajan an, li rapòte de lòt. Men sa k’ te resevwa yon sèl la, l’al fouye tè a, li kache lajan mèt li a.
Apre anpil tan, mèt sèvitè sa a yo vini, li mande yo kont.
Sa k’ te resevwa senk pyès lajan an, li pwoche, li prezante senk lòt pyès lajan, li di: “Mèt, se senk pyès lajan ou te ban mwen: men senk lòt mwen rapòte”. Mèt li di l’: “Se byen, bon sèvitè ki fidèl: poutèt ou te fidèl sou yon ti kras, m’ap enstale ou sou anpil: antre nan kè kontan mèt ou”.
Sa k’ te resevwa de pyès lajan an pwoche tou, li di: “Mèt, se de pyès lajan ou te renmèt mwen, men de lòt mwen rapòte”. Mèt li di l’: “Se byen, bon sèvitè ki fidèl: poutèt ou te fidèl sou yon ti kras, m’ap enstale ou sou anpil: antre nan kè kontan mèt ou”.
Sa k’ te resevwa yon sèl pyès lajan an, li pwoche atò, li di: “Mèt, mwen konnen ou se yon moun ki rèd: ou rekòlte kote ou pa simen, ou ranmase kote ou pa t’ plante. Mwen te pè, m’ale, mwen kache pyès lajan ou nan nan tè a; men li, pran zafè ou”.
Mèt li reponn, li di l’: “Move sèvitè, ou parese! Ou te konnen mwen rekòlte kote mwen pa simen, mwen ranmase kote mwen pa plante: ou te dwe renmèt lajan m’ nan labank, lè m’ vini mwen ta resevwa sa m’ depose a avèk benefis. Pran pyès lajan an nan men l’, bay moun ki gen dis pyès lajan an; konsa tout moun ki genyen, y’ap ba li, l’ap gen plis; moun ki pa genyen an menm, sa l’ konprann li genyen an menm, y’ap wete l’ sot nan men l’. Epi sèvitè sa a ki pa vo anyen an, jete l’ nan fènwa deyò yo: kote sa a ap gen rèl ak manje dan”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Tèks nou li nan premye lèt Apot Pòl ekri moun Legliz Tesalonik la,se yon tèks ki raple enpòtans renmen, bon relasyon ki dwe genyen nan mitan kominote kretyen yo; li fè nou sonje ke se lè nou viv ansanm, lè nou travay, n’ap fè pwogrè e pwogrè sa va ba nou lapè ak kè kontan. Atravè mesaj sa a, Apot la ap di nou, se pa nan egoyis nou yo n’ap rive fè pwogrè ; sa p’ap mete nou sou ray devlopman ak pwogrè, sa p’ap ede nou fè solidarite. Frè ak sè m’ yo, li ta enpòtan pou nou aplike pawòl sa yo nan reyalite pèp ayisyen an. Kòman n’ap fè rive si chak koukouy klere pou je l’, chak ONG vle poze ti aksyon pa l’ pou kont li ; si chak moun vle goumen pou kont li ak lavi a, si nan lari gen yon pakèt machann ki chita ak ti komès li devan l’, men yo tout ap van men m’ bagay. Gen yon enterè komen ; men pa gen tèt ansanm, nou pa òganize, nou pa ini nou. Nan Levanjil jodi a Jezi ap eksplike n’ sans wayòm Bondye nan lavi nou. Tankou pyès lajan an, se konsa li ba nou don Lespri li, li ba nou kapasite, li ba nou mwayen pou nou travay pou li, pou nou travay pou nou bay fanmi nou gen lavi, pou nou fè peyi nou mache, li bay chak moun selon kapasite yo. Sa k’ pi enpòtan an, se pa lòt la ki gen plis ou ki gen mwens ; ou menm, se pou ou fè sa yo ba w’ fè a epi fè l’ trè byen, bay tout ou menm, answit Granmèt la ap mete gwo responsablite nan men w’. Men si w’ di ti travay sa twò raz, ti kòb sa a twò piti, ou pa vle fè l’ byen, ou p’ap janm jwenn chans pran pwomosyon. Si w’ pa fidèl nan piti, se pa nan gwo w’a fidèl. Se pou w’ aprann sòti anba pou ou monte. Alafen rekonpans la, se Granmèt la ki bay li e se nou menm k’ap jwenn li.
LAPRIYÈ: Granmèt, aprann nou viv nan linyon, nan renmen, pou youn devwe pou lòt, dekwa pou n’ fè peyi nou mache. Ba nou konfyans pou n’ pa kite kado Lespri Sen an gaspiye nan lavi nou.
PWOPOZISYON: Pi gwo pwoblèm nou kòm pèp, se viv nan linyon; an nou eseye kole zepòl nou, ini fòs nou pou leve tout defi nan peyi a.


No hay comentarios:

Publicar un comentario