Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
“Men volonte
Bondye, se pou nou vin sen”.
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TESALONISYEN YO 4,1-8
Frè-m yo, nou lapriyè nou, n-ap plédé mandé nou nan
Granmèt Jézu, pou, dapré sa nou résévoua nan min nou sou jan nou doué maché,
jan nou doué fè Bondié plézi-a, sé konsa minm pou nou maché, pou nou kapab fè
plis progrè toujou. Nou konnen ki kòmandman nou te ba nou o non Granmèt Jezi.
Men volonte Bondye, se pou nou vin sen; pou nou pa lage
kò n’ nan move plezi, pou chak moun aprann genyen pa l’ yon jan ki sen, ki merite
respè, san nou pa gen move lanvi nan kè a, tankou nasyon yo ki pa rekonèt Bondye
a; pèsònn pa dwe fè frè l’ abi, ni tranzaksyon, paske Granmèt la tire vanjans
sou tout bagay sa yo, jan m’ te avèti nou davans la, jan m’ te sètifye nou an. Sèke Bondye pa rele nou pou bagay ki pa pwòp, men pou nou vin sen.
Konsa, moun ki meprize bagay sa yo, se pa moun li meprize, men se Bondye, li menm
ki mete Lespri Sen l’ nan nan nou.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 96,
1 e 2b. 5-6. 10. 11-12
R/ Fè kè kontan nan Granmèt la, nou menm ki kòrèk yo.
Granmèt la wa, tè a danse, pakèt zile yo kontan. Jistis
ak jijman se platfòm fòtèy li.R.
Mòn yo fonn tankou lasi devan fas Granmèt la, devan fas
Granmèt tout tè a.
Syèl yo anonse jistis li, tout pèp yo wè bèlte l’.R.
Nou menm ki renmen Granmèt la, se pou nou rayi sa k’
mal; li menm ki pwoteje nanm sen l’ yo, anba men pechè yo l’ap delivre yo.R.
Limyè a leve pou moun ki kòrèk la, ak kè kontan pou kè
ki dwat yo.
Fete nan Granmèt la, nou menm ki kòrèk yo, fè konpliman
pou souvni l’ ki sen.R.
LEVANJIL
“Men mesye
marye a ap vini: soti al rankontre l’”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 25, 1
-13
Lè sa a: Jezi di disip li yo parabòl sa a:
“Rèy syèl yo sanble ak dis vyèj ki pran lanp yo, yo
soti al rankontre mesye marye a ak madanm marye a. Senk nan yo te sòt, epi senk
te gen lespri. Senk sa ki sòt yo, lè yo fin pran lanp yo a, yo pa pran luil
avèk yo; sa k’ gen lespri yo menm, yo pran luil nan veso yo avèk lanp yo. Antan
y’ap tann mesye marye a ki te an reta, yo tout yo dòmi, fon somèy.
Nan mitan nannuit, yo tande yon rèl: “Men mesye marye a,
soti al rankontre l’”. Lè sa a atò tout vyèj sa yo leve, yo pare lanp yo. Sa k’
te sòt yo di sa k’ te gen sajès yo: “Ban nou nan luil nou an, paske lanp nou yo
etenn”. Sa k’ gen lespri yo di yo: “Riske p’ap gen kont pou ni nou menm ni nou
menm, pito nou ale nan boutik yo, n’a achte”.
Pandan yo t’al achte, mesye marye a rive; sa k’ te pare
yo antre avèk li nan nòs yo, yo fèmen pòt la.
Alafen lòt vyèj yo vin rive, yo di: “Granmèt, Granmèt,
louvri pou nou”. Li menm menm li reponn, li di: “An verite mwen
di nou, mwen pa konnen nou”.
Konsa, se pou nou veye, paske nou pa konnen ni jou a ni
lè a”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan pawòl pou jodi
a Jezi envite nou mete n’ aktif, paske nou pa janm konnen kilè Pitit moun nan
ap vini. Pou ede nou konprann sans pawòl li, li pale an parabòl. Matye te rapòte kèk nan parabòl sa yo pou
ede kretyen yo, paske yo t’ap tann yon Mesi ki pou te vini touswit epi yo te wè
li pran twòp tan: pou tèt sa yo te dekouraje; yo te lage kò yo nan fè sa k’ pa sa;
enjistis te kòmanse pran pye, yo te rete ap pase tan yo nan fè mechanste, pa t’
gen renmen nan kè yo ankò. Men moun pa Bondye. Sa li te chwazi yo,li mande pou
yo rete fèm, pa pèdi konfyans pou nenpòt bagay. Se poutèt sa Jezi te di peyi
koteBondye wa a sanble ak dis jèn fi, 5 tèt gen espri, lòt 5 tèt yo san lespri.
Nou menm ki se kretyen, se pou nou toujou prepare n’, fè pwovizyon nou pou
dènye jou a, lè Jezi vini n’a di nou prè pou nou antre nan peyi kote Bondye wa a.
Se pa gwo konsekans ki konte, ni se pa di bèl pawòl pou bat bravo. Nan lèt Pòl
ekri moun Tesalonik yo, li ba yo anpil konsèy; ou pakab fè bagay Jezi pa dakò. Jezi
rele nou, li chwazi nou pou yon lavi tou nèf; se poutèt sa, kò nou merite
respè. Chèchè fè Bondye plezi nan tout bagay pou nou ka fè pwogrè nan fè volonte
l’; se pou nou vin sen men evite dezòd; sèvi l’ ak pwòp kò Bondye ban nou nan
viv yon fason ki sen ak nan respè, epi veye pou move anvi pa pran tèt nou; chèchè
pou n’ pa blese pèsòn nan sa n’ap di. Konsa zafè nou ap mache kòrèk.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, mwen pa ta renmen ou vin jwenn mwen
nan eta mwen ye a, ban m’ fòs ak kouraj pou m’ kapab fè yon bon preparasyon nan
lavi m’, konsa m’a rete ak je m’ klere
pou m’ tann lè w’ap vini an. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap prepare lanp
mwen, m’ap mete lwil ladan l’, konsa lè mesye marye a rive, m’a sòti pou
rankontre l’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario