Páginas

DIMANCH 15

Koulè Vèt
VENNKATRIYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE- C
PREMYE MOSO LABIB
“Granmèt la kalme, li pa fè male a li te di li t’ap fè a”.
NAN LIV EKZÒD 32, 7-11. 13-14
Jou sa yo:
Granmèt la pale ak Moyiz, li di: “Ale, desann; pèp la ou te kondui sot nan peyi Lejip la, li fè peche. Wout la ou te montre yo a, yo kite l’ vit, yo fè yon ti bèf ak lò, yo fonn nan dife, epi yo adore l’; yo ofri sakrifis ba li, yo di: “Sa yo se dye ou yo, Izrayèl, ki te fè ou monte sot nan peyi Lejip la”.
Granmèt la pale ak Moyiz ankò: “Mwen wè pèp sa a gen kou l’ rèd; kite m’, pou kòlè m’ boule kont yo, pou m’ detwi yo, men ou menm m’ap fè ou vin tounen yon gran nasyon”.
Moyiz menm t’ap lapriyè Granmèt Bondye l’ la, li t’ap di: “Poukisa, Granmèt, pou kòlè ou boule kont pèp ou a, li menm ou te kondui sot nan peyi Lejip la ak gran fòs ak men ki gen fòs?  Sonje Abraam, Izaak ak Izrayèl, sèvitè w’ yo, ou te fè yo sèman sou pwòp tèt ou, ou te di: “M’ap fè ras nou vin anpil tankou zetwal syèl la, epi tout tè sa a mwen te pale a, m’ap bay ras nou an li, n’ap posede l’ tout tan”.
Granmèt la kalme, li pa fè malè a li te di li t’ap fè kont pèp li a.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.            
SÒM REPONS 50, 3-4. 12-13. 17 e 19
R/ M’ap leve, m’a pral lakay papa m’.
Pitye pou mwen, Bondye, daprè kè sansib ou; daprè kantite kon kè ou, efase fot mwen an.Leve m’ nèt sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan.R.
Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye, refè yon lespri fèm nan zantray mwen yo. Pa jete m’ lwen fas ou, lespri sen ou nan, pa wete l’ sot nan mwen.R.
Granmèt, louvri po bouch mwen, bouch mwen ap anonse lwanj ou. Sakrifis pou Bondye, se yon lespri ki kraze, yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye p’ap meprize l’.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Jezikri vini pou l’ sove moun ki nan peche yo”.
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 1, 12-17
Ou menm mwen renmen anpil la:
Sila a ki ban m’ asirans la, Jezikri Granmèt nou an, mwen di l’ mèsi paske li fè m’ konfyans antan li mete m’ nan sèvis sakre a: mwen menm ki t’ap derespekte Bondye lontan, ki t’ap pèsekite l’, ki t’ap fè l’ afwon; men mwen jwenn kè sansib Bondye a, paske mwen pa t’ konnen sa m’ t’ap fè, lè m’ pa t’ gen lafwa a. Men favè Granmèt nou an depase mezi, avèk lafwa ak renmen ki nan Jezikri a.
Pawòl sa a merite konfyans, li merite yo resevwa l’: sèke Jezikri vini sou tè sa a pou l’ sove moun ki nan peche yo, se mwen menm ki premye nan yo. Men mwen jwenn kè sansib, pou Jezikri te kapab montre tout pasyans li nan mwen menm tou dabò, pou m’ sèvi modèl pou sila yo ki te gen pou yo kwè nan li pou lavi tout tan an.
Wa syèk tan yo, ki p’ap mouri a, li menm yo pa kapab wè a, sèl Bondye a, konsiderasyon ak bèlte pou li pou tout tan gen tan. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.            
LEVANJIL
“Ap gen kè kontan nan syèl la pou yon sèl peche ki fè penitans”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 15, 1-32
Lè sa a:
Pibliken yo ak pechè yo t’ap pwoche kot Jezi, pou yo koute l’. Farizyen yo ak pwofesè yo t’ap babye, yo t’ap di: “Sila a resevwa pechè yo, li manje avèk yo”.
Li bay parabòl sa a pou yo, li di: “Kilès nan nou, si l’ gen san mouton epi, si l’ pèdi youn nan yo, pou l’ pa kite katrevendisnèf yo nan savann nan pou l’ al chèche sa k’ pèdi a joustan li jwenn li? Epi, lè l’ jwenn li, li mete l’ sou zepòl li ak kè kontan, li rive lakay li, li rasanble zanmi ak vwazen yo, li di yo: “Fè kè nou kontan avèk mwen, paske mwen jwenn mouton m’ nan ki te pèdi a”.
Mwen di nou ap gen plis kè kontan nan syèl la pou yon pechè ki fè penitans, pase pou katrevendisnèf moun kòrèk ki pa bezwen penitans.
Oubyen kilès madanm, si l’ gen dis pyès lajan, epi li pèdi youn ladan, pou l’ pa limen lanp, mete kay la bouch anba, chèche avèk swen, joustan li jwenn li? Epi, lè l’ jwenn li, li rasanble zanmi ak vwaze l’, li di: “Fè kè nou kontan avèk mwen, paske mwen jwenn pyès lajan an mwen te pèdi a”.
Se konsa, mwen di nou, ap gen kè kontan devan mesaje Bondye yo pou yon sèl pechè ki fè penitans.”
Li di ankò: “Te gen yon mesye ki te gen de pitit, pi jèn nan yo a di papa a: “Papa, ban m’ pòsyon eritaj ki destine pou mwen an”. Li separe eritaj la ba yo. Pa gen anpil jou ki pase, pi jèn ti gason an ranmase tout afè l’, li pati, l’al fè wout li nan yon peyi byen lwen; lè l’ rive la, li gaspiye eritaj li a antan l’ap viv nan libètinaj. Lè l’ fin depanse tout bagay, vin gen yon gwo grangou nan rejyon sa a, li menm li kòmanse nan bezwen. Li pati, l’al nan sèvis yon mesye nan peyi sa a, mesye a voye l’ nan jaden l’, pou l’ gade kochon. Li te anvi plen vant li ak grenn bwa yo, sa kochon yo t’ap manje yo; men pèsòn pa t’ ba li.
Li antre nan fon kè l’, li di: “Konbyen jounalye nan lakay papa m’ gen kont pen yo, kanta mwen menm menm m’ap mouri grangou isit la! M’ap leve, m’a pral lakay papa m’, m’ap di l’: Papa, mwen fè peche kont syèl la ak devan ou: mwen deja pa merite pou yo rele m’ pitit ou; trete m’ tankou youn nan jounalye ou yo'. Li leve, li vin jwenn papa l’. Pandan li te lwen toujou, papa l’ wè l’, kè l’ boulvèse ak sansibilite, li kouri, li lage kò l’ nan kou l’, li anbrase l’.
Pitit la di l’: “Papa, mwen fè peche nan syèl la ak devan ou: mwen deja pa merite pou yo rele m’ pitit ou”.
Papa a menm di sèvitè yo: “Fè vit, pote pi bèl rad la, abiye l’; mete yon bag nan men l’, ak soulye nan pye l’. Mennen towo a yo t’ap angrese a, touye l’, n’ap manje, n’ap fete; paske pitit mwen sa a a ki te mouri a, li reviv, li te peri, nou jwenn li”. Epi yo kòmanse fete.
Men pi gran pitit gason li a te nan jaden; lè l’ rive, li pwoche bò kay la, li tande chante-danse, li rele youn nan sèvitè yo, li poze l’ kesyon ki kalite bagay sa yo.
Sila a menm di l’: “Se frè w’ la ki vini, papa ou te touye towo a yo t’ap angrese a, paske li jwenn pitit la an sante”. Lòt la menm fache, li refize antre; papa l’ blije soti, li kòmanse lapriyè l’.
Li menm menm li reponn, li di papa l’: “Men konbyen ane m’ap sèvi ou, mwen pa janm dezobeyi yon kòmandman ou, epoutan ou pa janm ban m’ yon ti kabrit pou m’ fete avèk zanmi m’ yo; men pitit ou sa a ki fin devore eritaj li a avèk fi move vi, kon l’ rive, ou touye towo yo t’ap angrese a, poutèt li”.
Li menm li di l’: “Pitit mwen, ou toujou avèk mwen, tout sa m’ genyen se pou ou. Sèlman se pou nou te fete, se pou nou te fè kè nou kontan, paske frè w’ sa a te mouri, li reviv, li te peri, nou jwenn li”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan pawòl jodi a, Jezi vle fè n’ konnen ke l’ pa vle youn nan nou pèdi. Li vini pou nou tout jwenn delivrans la.  N’ap jwenn delivrans kè kontan Bondye si nou kite l’antre nan lavi nou. Si nou kite peche nou yo. Nan premye lekti a, nou wè kèk non peche yo : envante pòtre ki pa Bondye tout bon an, fè ti dye pan ou, bliye Bondye ki bay tèt li pou an, Bondye ki toujou avè nan ki pa janm lage nou an. Ti dye sa yo a mande n’ sa nou pa genyen, se divizyon yo simen, se rayisans yo simen. Ou ka fè ti dye pa w’, lè w’ kwè se ou sèl ki sove, Bondye se pou ou sèl li ye, Bondye pa pou pechè yo, li pa ka chèche yo ni frape pot kè yo. Frè mwen, Bondye pa nan patipri li vini pou tout moun, sitou sila yo ki pi lwen an, mouton ki sòti nan pak la. Jezi vle nou menm kretyen, sitou nan ane lafwa sa a, chèche frè nou yo ki te batize nan menm lafwa nou ki, jodi a, byen lwen Bondye. Fòk nou levanjelize.
Jezi vle rekonsilye n’ ak Bondye. Menm jan ak Moyiz nou dwe ransanble pèp la, rekonèt lavi Bondye nan nou. Se pou nou menm pechè Jezi vini, pou nou jwenn lapè, padon nan men Bondye. Jezi di nou se moun ki malad ki bezwen doktè, se pa moun ki gaya. Se gwo fèt lè n’ va retounen tout bon vre vin jwenn Jezi, lè n’a kite sèvi zidòl, lè n’a pa bay lwa yo pi gwo plas nan lavi nou, lè n’a sispann trennen kò devan gangan, devan lwa, lè n’a sispan pase vye beny sou nou, lè n’a benyen nan beny renmen Jezi pote pou nou, beny Lespri Sen an.  Se pou Bondye lavi a, Bondye tout bon vre a, ki pa mele nan idolatri a, Bondye Abrahan, Isak, Jakòb, Moyiz ak Jezikri a, toujou avèk nou ; se pou li beni nou byen beni.
LAPRIYÈ : Bondye, gade pitit ou yo ki gaye toupatou sou tè a, gen anpil ki byen lwen, ou konnen yo, frape kè yo, rele yo vin jwenn ou, ou renmen yo, yo se mouton ou ; fè nou tout sèvi ou menm sèl ak tout kè nou. Amèn.

PWOPOZISYON : Vizite zanmi, frè w’ konnen ki bezwen Bondye anpil la epi ki lwen li, frè ki tan depi l’ fin batize ou byen batize pitit li a, ki pa vin legliz ankò a, envite l’ rankonte ak gran frè l’, ak Granmèt li a, Jezi. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario