Páginas

LENDI 16

Koulè Wouj
KÒNÈY, Pap, ak SIPRIYEN KI SEN, Evèk, Mati
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Se pou yo lapriyè pou tout moun kot Bondye, li menm ki vle pou tout moun sove”.
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 2, 1-8
Ou menm mwen si tèlman renmen an:
Mwen mande tou dabò pou yo pèsiste kot Bondye, pou yo lapriyè, pou yo fè demann, pou yo di mèsi, pou tout moun: pou wa yo ak tout moun ki nan yon plas ki wo, dekwa pou nou kapab viv an pè, byen trankil, nan tout devwa relijyon an, antan nou serye. An verite, se sa ki bon, se sa ki fè Bondye Sovè nou an plezi, li menm ki vle pou tout moun sove, pou yo rive jwenn konesans verite a.
Sèke se yon sèl Bondye ki genyen, se yon sèl entèmedyè tou ki genyen ant Bondye ak lèzòm, se moun sa a, ki Kris la, Jezi, li menm ki renmèt pwòp tèt li kòm pri delivrans pou tout moun, kòm temwayaj nan tan ki byen chwazi yo; se pou temwayaj sa a menm yo mete m’ kòm moun k’ap preche ak kòm apot (se laverite mwen di, mwen pa bay manti), kòm pwofesè nasyon yo nan lafwa ak laverite.
Konsa mwen vle pou moun yo lapriyè tout kote, antan yo leve men ki pwòp, san kòlè ni diskisyon.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.            
SÒM REPONS 27, 2. 7. 8-9
R/ Konpliman pou Granmèt la, paske li koute vwa lapriyè m’.
Koute vwa lapriyè m’, pandan m’ap rele kote ou, pandan m’ap lonje men m’ kot kay sakre w’ la.R.
Granmèt sekou m’ ak pwoteksyon m’, nan li kè m’ espere, mwen jwenn sekou, kè m’ ap fete, m’ap fè lwanj li ak kantik mwen.R.
Granmèt la se fòs pèp li a, se kachèt delivrans Kris li a. Sove pèp ou a, beni eritaj ou a, swen yo, pote yo sekou tout tan.R.
LEVANJIL
“Menm nan Izrayèl mwen pa jwenn kalite lafwa sa a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 7, 1-10
Lè sa a:
Lè Jezi fin pale tout pawòl li yo nan zòrèy pèp la, li antre Kafanawòm. Yon kapitèn te gen yon sèvitè ki te malad, ki te prèt pou mouri, li te renmen sèvitè a anpil. Lè l’ tande pale sou Jezi, li voye ansyen yo nan Juif yo kote l’, pou lapriyè l’, pou l’ vin sove sèvitè l’ la.
Yo menm, lè yo rive kot Jezi, yo lapriyè l’ avèk ensistans, yo di l’: “Li merite pou ou rann li sèvis sa a; li renmen nasyon nou an, se li menm ki bati kay reyinyon an pou nou”. Jezi menm t’a prale avèk yo.
Pandan li pa t’ lwen kay la, kapitèn nan voye zanmi l’ yo kote l’, li di: “Granmèt, pa fatige ou; sèke mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Se poutèt sa mwen pa t’ konsidere mwen merite pou ou vini kote m’; men di yon pawòl, epi sèvitè m’ nan ap geri; sèke mwen menm mwen se yon moun ki anba pouvwa lòt moun, mwen gen sòlda anba lòd mwen, mwen di sila a: “Ale”, epi li ale; epi lòt la “Vini”, epi li vini; epi sèvitè m’ nan: “Fè sa”, epi li fè l’”.
Lè Jezi tande sa, li sezi, li vire kot foul yo ki t’ap suiv li a, li di: “An verite mwen di nou, menm nan Izrayèl mwen pa jwenn kalite lafwa sa a”.
Sila yo li te voye a, yo tounen lakay la, yo jwenn sèvitè a ki te malad la, li geri”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:Se pou yo lapriyè Bondye pou tout moun, kè li vle pou tout sove”.  Nan tèks sa Sen Pòl fè yon gwo envitasyon, pou nou envoke Bondye nan fè lapriyè pou tout moun, pou wa yo e pou tout sila yo k’ap viv nan mond lan, pou nou kapab mennen yon lavi trankil. Sa se enpòtan nan je Bondye ki vle tout moun sove epi tou rive konnen verite a. Bondye se yon sèl li ye; sila a k’ap defann nou an fè yonn sèl avèk li tou, Jezikri ki te bay lavi li pou sove nou. “Mwen pa bon pou w’ antre lakay mwen, sa se yon mesaj ki bèl anpil, epi tou ki gen pawòl tewoloji trè enpotan. Nou jwenn nou nan yon sèn ki pase nan Kafanawòm nan Galile.  Levanjil la montre nou ke Bondye menm li anchaje de moun ki pi ba yo. “Li fè youn avèk yo”. Li montre preferans li espesyalman anvè sila yo yo mete apa nan sosyete a.
Nan moman sa a, yo montre nou ke pèsonaj ki enpòtan nan tèks la, li pa sèlman nan Galile, men tou, anplis de sa, li se yon payen: yon ofisyèl nan Wòm ki mete pèp jwif la nan esklavaj. Men, apati de la nou kapab dekouvri richès ansèyman pasaj la; sa ki esansyèl, sèke se yon payen k’ap viv nan yon ti pèp ki pa gen gwo konsiderasyon, se li menm ki montre yon lafwa admirab nan Jezikri. Si nou obsève byen, nou kapab dekouvri yon bagay ki enteresan: Kapitèn nan pa mande pou li, men pou yon sèvitè. Sa ki pi klè toujou, abitan sa se te “payen Galile yo” li mande pou youn ki te pi ba pase li: yon esklav epi yon malad. Mwen ensiste pou nou kapab obsève estrikti tèks la: Moun ki rakonte istwa a, li vle montre nou se paske payen an aji konsa ki fè Jezi kapab bay istwa a yon lòt sans lè li di de payen an ke li gen plis lafwa pase yon izrayelyen.   
Payen an ki t’ap eksplwate moun, li ale chèche Jezi pou sove sèvitè li: Li tounen asistans sèvitè li epi li fini avèk prejije ki te anpeche li rapwoche yon jwif avèk imilite, li te konnen yo te kapab repouse li, menm li konnen li te kaapab ede travayè li. Pa sèlman sa, men li konfye nan pouvwa li paske li rekonèt Jezi pa kapab antre lakay li, paske li kwè nan pouvwa pawòl Jezi yo. Se yon fraz ki bèl anpil; se pa pou gremesi ke Litiji Lekaristi a reprann li.
Jezi enkyè pou doulè sa, men li enkyete tou pou kapitèn nan ki prewokipe paske se tip renmen sa li mande, yon renmen san limit, san tann okenn rekonpans. Lè se sa ki esperyans lafwa a, etikèt yo parèt mwens enpòtan. Renmen ak mizerikòd Bondye a pa gen limit, li pou tout moun. Se yon kado gratis, yon don san parèy.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te bay pèp ou a Kònèy ak Sipriyen ki sen, kòm gadyen ki devwe, kòm mati ki pa febli, fè nou favè pou, gras a priyè yo, nou jwenn fòs nan lafwa avèk pèseverans, epi pou nou travay san konte pou Legliz la fè yon sèl. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Mwen ap pran yon moman silans pou mwen analize tèt mwen, pou mwen rekonèt feblès mwen devan Bondye epi rekonèt pouvwa renmen san limit li a. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario