Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Yon responsab legliz dwe san repwòch; dyak yo tou dwe kenbe mèvèy sakre
lafwa a nan yon konsyans ki nèt”.
NAN PREMYE
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 3,1-13
Ou menm mwen
renmen anpil la:
Men yon pawòl
ki merite konfyans: si yon moun anvi responsab legliz, se yon bon bagay li anvi
a. Responsab legliz la dwe san repwòch, mari yon sèl madanm, se pou l’ metrize
kò l’, pou l’ gen sajès, pou l’ konn reflechi, pou l’ gen bon konduit, pou l’
konn resevwa moun, pou l’ konn bay lansèyman, pou l’ pa lage kò l’ nan bwason,
pou l’ pa renmen batay, men pou l’ tou dou, pou l’ pa nan diskisyon, pou l’ pa
renmen lajan, men pou l’ dirije kay li byen, pou l’ fè pitit li yo obeyi antan
yo kenbe kò yo dwat. Si yon moun
pa konn dirije kay li, kijan pou l’ fè okipe legliz Bondye a? Se pa yon moun ki
fèk konvèti, pou l’ pa gonfle nan lògèy, pou l’ pa tonbe nan kondanasyon dyab
la. Se pou moun deyò yo bay bon temwayaj sou li, pou l’ pa tonbe nan afwon ak
nan pyèj dyab la.
Dyak yo tou se pou yo kenbe kò yo byen, pou yo pa gen de
pawòl, pou yo pa lage kò yo nan anpil diven, pou yo pa chèche avantaj malonèt,
pou yo kenbe mèvèy sakre lafwa a nan yon konsyans ki nèt. Se pou yo eseye yo
anvan, epi y’a sèvi konsa, si pa gen okenn kritik kont yo. Medam yo tou, yo dwe
kenbe kò yo byen, san yo pa pale moun mal, se pou yo metrize kò yo, pou yo
fidèl nan tout bagay. Dyak yo dwe gen yon sèl madanm, yo dwe kondui pitit yo ak
moun lakay yo byen. Moun ki fè sèvis yo byen, yo resevwa yon bon grad, yo gen
anpil asirans nan lafwa nan Jezikri a.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
100, l-2ab. 2cd. 5. 6
R/ M’ap mache nan inosans kè m’.
M’ap chante
kè sansib ak jijman an; pou ou, Granmèt, m’ap chante.
M’ap chèche
konprann nan chemen ki san tach la; kilè w’ap vini kote m’? R.
M’ap mache
nan inosans kè m’, nan mitan kay mwen an. Mwen p’ap mete bagay ki pa kòrèk devan
je m’, mwen rayi moun k’ap fè peche yo.R.
Moun k’ap fè
tripotaj an sekrè kont pwoche l’ nan, moun sa a mwen te fè l’ mouri; moun k’ap
leve je l’, k’ap gonfle kè l’, mwen pa t’ sipòte l’.R.
Je l’ sou
fidèl yo ki sou tè a, pou yo chita avèk mwen; moun k’ap mache nan chemen ki san
tach, se li menm k’ap sèvi m’.R
LEVANJIL
“Jenòm, mwen di ou, leve”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 7, 11-17
Lè sa a:
Jezi t’a pral nan yon vil yo rele Nayim; disip li yo ak
yon gran foul t’a pral avèk li tou. Pandan y’ap pwoche bò pòt lavil la, te gen
yon mò yo t’ap pote, sèl pitit gason manman l’; madanm sa a te vèv, te gen
anpil foul lavil la avèk li.
Lè Granmèt la wè sa, li pran pitye pou li, li di l’: “Pa
kriye”. Li pwoche, li touche sèkèy la. Moun yo ki t’ap pote yo, yo kanpe. Li
di: “Jenòm, mwen di ou, leve”. Mò a chita, li kòmanse pale; Jezi renmèt li bay
manman l’.
Sezisman pran tout moun, yo fè lwanj Bondye, y’ap di: “Yon
gran pwofèt leve nan pami nou, Bondye vizite pèp li a”. Pawòl sa a gaye nan tout Lajide sou li, ak nan tout rejyon alantou a.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Gen
yon gran diferans ant relijyon katolik la ak lòt relijyon yo. Nan Kristyanism
se Bondye ki ale pou chèche moun nan. Nan lòt yo, se moun yo
ki ale chèche Bondye!
Nan Legliz Katolik la,
ke Kris la fonde a, nou wè sa chak jou.
Levanjil sa, se yon prèv
ki montre renmen san mezi Bondye gen pou nou an. Li gen enèji epi ensistans nan
renmen Papa e senplisite ak pwofondè nan renmen manman. Lè Kris la wè vèv la ki
te t’ap viv nan solitid, li te gen konpasyon pou li. Pou ti pòv malerèz sa ki
te gen gen kè li dechire ak pwoblèm lavi a, Jezi te pote konolasyon, rekonfò,
epi li te remèt li pitit li, avèk sante. Kris la bay vèv la kè kontan, li refè
fòs. Jezi vin pwopoze nou yon lòt mòd lavi, li vin aprann nou aji pou nou kapab
pa rete endiferan, e l’ap di nou ke se renmen an ki dwe motè aksyon nou yo, se
renmen ki dwe pouse nou fè sa nou dwe fè, nan lè ke nou dwe fè li a. Nou pa dwe
aji pou defann ti enterè pèsonèl nou sèlman, nou dwe aji pou nou kase tout vye
chenn sosyal ki anpeche nou pwogrese nan sosyete a, tout sa ki konstitiye yon
baryè ki anpeche nou avanse. Pou nou rive reyalize bèl misyon sa a, fòk nou
lapriyè pou Granmèt la kapab renouvle kado renmen Lespri Sen an nan kè nou. Bondye kontinye fè
mirak pou nou kapab gen kè kontan nan Li. Se
enposib pou Bondye ta renmen wè nou tris, paske li renmen nou. E Lekaristi a, se youn nan sakreman ki pèmèt
nou kontanple vizaj renmen an. Se sous mizerikòd ki p’ap janm sispann koule a. Sen
Lik ap fè nou konprann jodi a ke mizerikod Bondye pap janm fini e nou menm, kòm
pitit Bondye, nou dwe gen mizerikòd, nou dwe tounen avoka sila yo ki pi pòv yo,
nou dwe renmen yo epi akeyi yo.Nou dwe lite kont enjistis ki manifeste sou tout
fòm ak tout sa ki anpeche moun viv kòm moun. Pou sa, nou dwe kite limyè Pawòl
Bondye a klere tout fènwa lavi nou, antan n’ap travay pou pote lespwa nan tout
kè ki angwase. Se sèl nan fason sa nou kapab di
ke nou se sèvitè Kris la, e nou kapab akonpanye lòt yo nan doulè ak nan feblès
yo.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki pote laviktwa sou tout fòs dyab la,
tanpri pa kite nou kokobe anba pouvwa lanmò. Ede nou pou nou kapab tounen
patizan ou tout bon vre, konsa menm jan ak ou, n’ap pote viktwa sou lanmò a.
Amèn.
PWOPOZISYON: Mwen pral fè yon vizit a Sen Sakreman pou mwen koute sa Bondye vle di mwen jodi
a epi kite li antre nan lavi mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario