Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Sakreman relijyon an gran”.
NAN PREMYE
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TI MOTE 3,14-16
Ou menm mwen
renmen anpil la:
Mwen ekri ou
bagay sa yo antan mwen espere vin kote ou byen vit; si m’ fè reta, se pou ou
konnen kijan pou ou kondui tèt ou nan lakay Bondye a, ki legliz Bondye vivan an,
kolòn ak fondman verite a.
Mèvèy kache relijyon an, li gran vre; li parèt nan chè a,
yo rann li jistis nan Lespri a, li parèt devan Mesaje yo, yo preche l’ bay nasyon
yo, yo kwè l’ sou tè a, li monte nan bèlte a.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
110, 1-2. 3-4. 5-6
R/ Yo gran, travay Granmèt yo.
M’ap fè lwanj Granmèt la ak tout kè m’, nan reyinyon
moun kòrèk yo ak legliz la. Travay Granmèt yo gran, yo merite tout moun ki anvi
yo chèche yo.R.
Travay li se bèlte ak grandè, jistis li dire pou tout
tan gen tan. Li fè sonje mèvèy li, Granmèt la gen kè sansib, li pran pitye.R.
Li bay moun ki respekte l’ yo manje; k’ap sonje contra l’
la pou tout tan. Li anonse pouvwa travay li yo bay pèp li a, pou l’ ba li eritaj
nasyon yo.R.
LEVANJIL
“Nou chante,
nou menm nou pa danse; nou chante chante dèy, nou menm nou pa kriye”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 7, 31-35
Lè sa a:
Granmèt la di: “Ak ki sa mwen ta konpare lèzòm jenerasyon
sa a? ak ki sa yo sanble? Yo tankou ti moun ki chita sou laplas, youn ap pale
ak lòt, y’ap di: “Nou chante pou nou ak flit, nou menm nou pa danse; nou chante
dèy, nou menm nou pa kriye”.
Reyèlman vre Jan Batis rive, li pa manje pen, li pa bwè
diven, epi nou di: “Se yon demon li genyen”.
Pitit moun nan rive, l’ap manje, l’ap bwè, epi nou di: “Men
yon moun k’ap manje anpil, k’ap bwè diven, ki zanmi pibliken yo ak pechè yo”. Men sajès la jwenn jistis nan men tout pitit li yo”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: “Se pou ou konnen
kijan pou ou kondui tèt ou nan lakay Bondye a”: Nan
premye moso Labib la, Sen Pòl vle montre nou lè yo pale de «kominote kretyèn»,
de «Legliz Bondye» ak «lakay Bondye a», se de yon sèl reyalite y’ap pale nou.
Èske nou tout nou gen konviksyon nou se «fanmi Bondye a»? Se pa yon fason pou
nou chante kantamwa nou, men ak yon sans diyite ak responsablite.Nou pa dwe janm bliye ke premye kretyen yo, se te yon ki
kominote zwit yo te ye…yon ti gwoup ki te defye gwo chèf nan epòk la e ki te fè
travay li kòmsadwa. Èske nou menm se konsa nou kwè li? Kominote a, se ki legliz Bondye vivan an, kolòn ak fondman
verite a. Sèke Levanjil la se nan kominote n’ap viv li, se nan tèt ansanm. Si
pa gen «asanble Legliz, Lafwa pèdi fòs, epi li tounen yon bagay ki vag, ki pa
byen fonde, byen anrasinen.Petèt jodi a, gen
yon tandans pou moun pa ale legliz chak dimanch: men an reyalite se sa ki poto
mitan yon lafwa solid. Moun ki pa nouri ak Pawòl ak Pen Bondye a, finalman li
viv san Bondye. Men, an reyalite lè limanite viv san Bondye, lavi a redui ak
yon bagay ki pa vo anyen.
Kisa Jezi ap di nou nan Levanjil la?
Lè Jezi fin fè konpliman pou Jan Batis (Lik 7,18-30), li di moun
yo “Ak ki sa mwen
ta konpare lèzòm jenerasyon sa a?..” Nan sans sa a, Jezi te vle pale presizeman
de pèp Izrayèl la, pèp sa ki pa t’ sispann twonpe Bondye pandan karant lane li
t’ap mache atravè dezè a. Men sa ki evidan, menm nan tan Jezi t’ap viv la moun
yo te kontinye ap viv nan enfidelite ak Granmèt. Jan Batis, sila a ki te la
avan Jezi a pale, yo pa bay pawòl li enpòtans. Kòm li pa t’ manje, li pa t’
bwè, yo te di li gen yon denmon anndan li; Jezi vini li pale, li manje, li bwè
e yo di li se yon gouman, yon tafyatè, yon bandi. Yo te bliye si Jezi se zanmi
tout moun, zanmi pibliken yo, zanmi pechè yo ki vin rele tout moun pou yo kapab
konvèti, pou chanje move kondwit yo. Jounen jodi a anpil moun kontinye rete
endiferan, yo pa ba li regle anyen pou yo; jounen jodi a, gen anpil moun ki
kontinye pa bay Pawòl Bondye a enpòtans, yo rete endiferan, yo pase predikatè
yo nan betiz. Men yo pa konnen kisa y’ap fè. Si mwen menm mwen ta yon moun konsa, jodi a mwen m’ap mande
Bondye padon epi m’ap mete zòrèy mwen pi atantif pou mwen kapab koute li epi
viv daprè pawòl li.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou montre nou
mizerikòd ou a san limit lè ou chita sou tab ansanm ak pechè yo, lè ou te
padone fanm adiltè a, lè ou pale nou de ti gason banbochè a. Aprann nou renmen,
padone, tankou ou men renmen epi ou padone nou.
PWOPOZISYON:Chèche yon moun k’ap viv nan move
kondisyon, pou ou kapab ede li chanje konduit, pa fè vyolans ak li. Pale ak li ak dousè, di li Bondye renmen li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario