Koulè Vèt
VENNTWAZYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ ANE-C
PREMYE MOSO LABIB
“Sa k’ kapab konprann ki sa Bondye vle?”
NAN LIV
LASAJÈS 9, 13-19
Kilès nan
pami lèzòm ki kapab konnen plan Bondye? Oubyen ki kapab panse ki sa Bondye vle?
Refleksyon lèzòm k’ap mouri yo, se bagay ki fèb, prevwayans nou pa sèten: sèke
yon kò k’ap dekonpoze, li fè nanm nan vin pi lou, epi kay tè sa a nou abite a,
li peze sou lespri a k’ap kalkile sou anpil bagay.
Li difisil
pou nou konsidere bagay ki sou tè a, epi bagay ki devan fas nou, nou jwenn yo
avèk difikilte; kanta pou sa k’ nan syèl la menm, kilès moun ki kapab fouye yo?
Ki moun ki kapab konnen sa k’ nan lide ou, si se pa ou menm ki bay sajès la, si
ou pa voye Lespri Sen w’ nan sot anwo nèt la, se konsa chemen moun yo ki sou tè
a yo drese, epi lèzòm ap aprann sa k’ fè ou plezi?
Reyèlman vre se pa lantremiz sajès la yo vin geri, yo
tout ki te fè w’ plezi, Granmèt, depi nan kòmansman an.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
89, 3-4. 5-6. 12-13. 14 ak 17
R/Granmèt, ou vin tounen kachèt pou nou, sot nan jenerasyon al nan jenerasyon.
Ou fè moun nan tounen nan pousyè; ou di: “Tounen, pitit
moun yo”.
Sèke mil ane devan je ou se tankou jou yè a ki pase, ak
tan yon santinèl fè pòs nan nuit.R.
Ou jete yo nan somèy, y’ap tankou zèb k’ap leve nan maten:
nan maten li fè flè, li devlope, nan aswè li fennen, li seche.R.
Aprann nou konte jou nou yo, pou nou kondui kè nou nan
sajès.
Tounen, Granmèt, jouskilè? Padonnen sèvitè ou yo.R.
Plen nou ak kè sansib ou a depi nan maten, n’a fete, n’a
jwi pandan tout tan n’ap viv. Se pou bèlte Granmèt la Bondye nou an sou nou,
garanti travay men nou sou nou, travay men nou yo, garanti l’.R.
DEZYÈM MOSO
LABIB
“Resevwa l’,
pa tankou yon sèvitè, men tankou yon frè ou renmen anpil”.
NAN LÈT APOT
PÒL KI SEN, POU FILEMON 9b 10. 12 17
Ou menm mwen
si tèlman renmen an:
Se Pòl ki vye
granmoun nan, koulye a menm ki prizonye Jezikri a, m’ap lapriyè ou pou pitit mwen
an, sa m’ anfante nan chenn yo, Onezim, li menm mwen ranvwaye ba ou. Mwen ta byen
renmen kenbe l’ ansanm avèk mwen, pou l’ ta sèvi m’ nan plas ou nan chenn levanjil
la; men mwen pa t’ vle fè anyen san desizyon ou, pou byen ou nan pa ta tankou yon
bagay ki fòse, men pou se nan volonte ou li sòti. Pètèt reyèlman vre li te pati
lwen ou pou yon tan, pou ou te kapab resevwa l’ pou tout tan; sèlman se pa
tankou yon esklav ankò, men plis pase yon esklav, tankou yon frè ou renmen
anpil, se sa l’ ye anpil pou mwen, se sa l’ap ye pi plis toujou pou ou, ni nan
lachè a, ni nan Granmèt la. Si ou konsidere m’ kòm zanmi ou, resevwa l’ jan ou
ta resevwa mwen.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Moun ki pa renonse tout sa l’ posede, li pa kapab vin disip mwen”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 14,
25-33
Lè sa a:
Anpil foul t’ap
mache avèk Jezi, li vire, li di yo: “Si yon moun vin jwenn mwen, epi li pa rayi
papa l’ ak manman l’ ak madanm li, ak pitit gason l’ yo ak pitit fi l’ yo ak sè
l’ yo, ata jous lavi l’, li pa kapab vin disip mwen.
Moun ki pa
pote kwa l’, pou l’ vin aprè m’, li pa kapab vin disip mwen.
Kilès reyèlman vre nan pami nou, si l’ vle bati yon kay
chanmòt ki wo anpil, pou l’ pa kòmanse chita pou l’ kalkile sa k’ nesesè, pou l’
wè si l’ gen dekwa fini travay la? Otreman, aprè l’ fin poze fondasyon an epi
li pa kapab fini, tout moun ki wè sa va kòmanse pase l’ nan betiz, y’ap di: “Ki
kalite moun sa a: li kòmanse konstwi epi li pa kapab fini?”
Oubyen kilès wa ki vle al nan lagè kont yon lòt wa, pou
l’ pa kòmanse chita, reflechi, pou l’ wè si avèk di-mil moun li kapab al
rankontre lòt la k’ap vin sou li ak ven mil sòlda? Otreman, pandan lòt la lwen
toujou, li voye yon gwoup mesaje pou l’ mande l’ kondisyon lapè a.
Konsa tou,
tout moun nan nou, ki pa renonse tout sa l’ genyen, li pa kapab vin disip mwen”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Gen yon pwovèb ki di: chyen gen kat pat, men li pa mache nan kat chemen.
Se konsa tou pou nou menm, fòk nou chwazi nan ki chemen nou vle mache. Ou pa
kab mache nan 2 chemen an menm tan.
Poutan, gen anpil moun ki ta vle fè sa. Yo ta vle mache ak Jezi, men an
menm tan yo chache pwòp plezi, pwòp enterè ak avantaj pa yo.
Fòk pitit yo batize, men yo yo menm yo pa okipe
Legliz. Yo vante tèt yo paske yo marye, men yo pa enterese vin kominye. Yo vle
pase pou moun pratikan, men pèsonn pa gen dwa mande yo fè yon ti apostola. Yo
tankou moun ki vle chita sou 2 chèz alafwa, ki fè yo pral tonbe nan mitan. Nou menm tou, èske pa gen defwa nou fè menm jan? Nou di nou se kretyen, men
anpil fwa se kretyen sou po, kretyen orabè nou ye.
Jodi a, Jezi di nou: si nou vle swiv li tout bon,
se pou nou sispann ap balanse de bò. Fòk nou fè chwa nou.
Lè sa a, te gen anpil moun ki
t’ap fè wout ansanm ak Jezi. Jezi te konnen te gen ladan yo ki t’ap swiv li pou
enterè pa yo, ki fè li di yo: yon moun ki vle swiv mwen, fòk li renmen m’ plis
pase paran ak fanmi li yo, fòk li renmen m’ plis pase tèt pa li. Si se pa sa,
li pa ka disip mwen. Moun ki pa pote kwa l’, epi ki pa swiv mwen, li pa kab
disip mwen non plis.
Si yon moun vle bati yon kay,
premye bagay pou l’ fè, se chita kalkile si lajan l’ kont pou l’ bati kay la. Si l’ kòmanse bati, lè fini li pa kab fini, moun yo pral pase l’ nan rizib.
Menm jan tou, si yon wa vle fè lagè, se pou l’
kalkile depi davans si l’ kab bat lòt la k’ap mache sou li. Si se pa sa, se pou
l’ antann avèk li anvan batay la mare. Konsa tou, nou youn pa kab disip mwen,
si nou pa detache kè n’ ak tout sa n’ genyen. Kidonk pou
nou kenbe Jezi, fòk nou lage tout lòt bagay!
Frè m’ ak sè m’ yo, Jezi pa
janm chache twonpe nou. Li pale kare bare. Li envite nou swiv li. Li pwomèt nou
lavi ki p’ap janm fini an ak kè poze nèt ale. Men, li p’ap janm di sa fasil. Li
vle pou nou byen kalkile anvan nou angaje tèt nou ak li.
Swiv Jezi se yon bagay ki
konsekan, ki ekzijan anpil. Se sa k’ fè Jezi pa vle nou pran chemen sa a san nou
pa reflechi dabò pou nou byen konprann sa nou pral fè. Lè fini, li vle nou pran
angajman sa a ak yon sèl kè.
Te gen anpil moun ki t’ap fè
wout ak Jezi, men se pa yo tout ki te disip li. Jezi pa bezwen moun ki ta
vle swiv li. Li bezwen moun ki vle tout bon.
An nou mande tèt nou ki bò nou
ye ak Jezi. Èske se tout bon nou renmen l’ pase tout bagay? Oswa èske nou mete
l’ sou menm pye ak yon bann lòt bagay? Jezi pa vle pataje kè nou ak yon lòt
moun, ni ak lòt bagay. Fòk kè nou pou Jezi nèt ale.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, tanpri louvri
entelijans mwen pou mwen kapab fè pi bon chwa nan lavi mwen, ede mwen divòse ak
tout sa ki zidòl nan lavi mwen, ki fè mwen poko ka repons envitasyon w’ap fè
mwen ak tout fòs mwen. Amèn.
PWOPOZISYON: Se pou nou
renmen Jezi pi plis pase tout lòt bagay. Ann pran tan pou n’ kalkile sou ki bò
nou ye ak Jezi. Ak kisa pou n’ detache kè nou pou nou kab renmen Jezi tout bon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario