Koulè Blan oubyen Ble
NESANS MARI KI SEN, KI VYÈJ
Fèt
PREMYE MOSO LABIB
“Lè pou l’anfante a rive”
NAN LIV PWOFÈT MICHE 5, 2-5a
Men pawòl Granmèt la:
“Kanta ou menm, Bètleyèm Efrata,
ou tou piti nan lame Jida yo; se nan ou l’ap soti pou mwen, sa a k’ap chèf nan
Izrayèl la. Ras papa li
soti depi nan kòmansman, depi nan jou lontan nèt yo. Se pou sa l’ap lage yo
jous nan tan an pou sa a ki gen pou l’ anfante a ap fè pitit la, epi rès frè l’
yo ap tounen vin jwenn Izrayèl.
L’ap kanpe, l’ap gadiyen mouton yo avèk fòs Granmèt la,
avèk glwa non Granmèt Bondye l’ la; y’ap tounen, paske koulye a l’ap jwenn gran
konsiderasyon jous nan bout tè a. Li menm l’ap lapè a”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
OUBYEN:
“Sa
yo Bondye chwazi davans yo, li pare plas pou yo davans tou”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN
YO 8, 28-30
Frè m’ yo:
Nou konnen pou moun ki renmen Bondye,
tout bagay sèvi pou byen yo, yo menm li rele pou yo vin sen, daprè desizyon li
pran davans. Reyèlman, sa yo li konnen depi davans pou moun pa l’ yo, depi
davans tou li pare yo pou yo vin pran menm fòm ak pòtre Pitit li a, pou li menm
li vin tounen premye pitit nan pami tout foul frè yo. Sa yo li fin pare davans
la, li rele yo tou; sa yo li rele a, li fè yo vin sen tou; sa yo li fè vin sen an,
li ba yo glwa a tou.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 12,
6ab.6cd
R/ Se pa ti kras kontan mwen kontan nan Granmèt la.
Kanta mwen menm se nan mizerikòd ou a mwen espere. Kè m’ ap danse nan delivrans ou a.R.
M’ap chante
pou Granmèt la, li fè m’ jwenn byen yo, m’ap jwe mizik pou non Granmèt la ki anwo
nèt la.R.
LEVANJIL
“Sa a ki pran
nesans nan li a, se nan Lespri a li soti”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI DAPRÈ MATYE KI SEN 1,1-16. 18-23
Liv [ras]
[anfantman] Jezikri, pitit David, pitit Abraam.
Abraam anfante
Izaak, Izaak menm anfante Jakòb, Jakòb menm anfante Jida ak frè l’ yo. Jida
anfante Farès ak Zara sot nan Tamar, Farès anfante Eswòn, Eswòn anfante Aram,
Aram anfante Aminadad.Aminadad anfante Naasòn, Naasòn anfante Salmòn, Salmòn
anfanté Boòz sot nan Raab, Boòz anfante Obèd sot nan Rut, Obèd anfante Jese, Jese
anfante wa David.
Wa David anfante Salomon sot nan sa a ki te madanm Iri a,
Salomon anfante Roboam, Roboam anfante Abya, Abya anfante Asa, Asa anfante
Jozafat. Jozafat anfante Joram, Joram anfante Ozyas, Ozyas anfante Joatam,
Joatam anfante Akaz, Akaz anfante Ezekyas, Ezekyas anfante Manase. Manase
anfante Amon, Amon anfante Jozyas, Jozyas anfante Jekonyas ak frè l’ yo, lè ekzil
Babilòn nan.
Aprè ekzil Babilòn nan, Jekonyas anfante Salatyèl,
Salatyèl anfante Zowobabèl, Zowobabèl anfante Abioud, Abioud anfante Elyakim,
Elyakim anfante Azòr, Azòr anfante Sadòk, Sadòk anfante Akim, Akim anfante
Elioud, Elioud anfante Eleazar, Eleazar anfante Matan, Matan anfante Jakòb.
Jakòb menm anfante Jozèf, ki te marye ak Mari; se nan Mari sa a menm Jezi pran
nesans, li menm yo rele Kris la.
Kanta Jezikri menm, men ki jan li te fèt: Mari, manman l’
te marye ak Jozèf; anvan yo vin abite ansanm, rive li vin ansent gras a Lespri
Sen an; Jozèf menm, mari l’ la, kòm se te yon moun kòrèk, li pa t’ vle denonse l’,
li deside ranvwaye l’ an sekrè.
Pandan li t’ap kalkilé sou sa, zanj Granmèt la parèt
nan rèv, li di l’: “Jozèf, pitit David, pa pè resevwa Mari, madanm ou an: sèke
sa a ki pran nesans nan li a, se nan Lespri Sen an li sòti. L’ap anfante yon ti
gason, w’ap rele non l’ Jezi; paske se li menm k’ap sovè pèp li a sot nan peche
l’ yo”. Tout sa rive, pou reyalize sa Granmèt la te di pa lentèmedyè Pwofèt la:
“Men Vyèj la ap ansent, l’ap anfante yon ti gason, y’ap rele non l’ Emanyèl, sa
vle di “Bondye avèk nou” ”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi samdi a, ki se jou Lavyèj Mari, n’ap selebre
Nesans Mari ki Sen e ki Vyèj. Nòmalman nou konnen se 8 septanm ki fèt
Nesans Lavyèj, men puiske se dimanche li tonbe ane sa, e se youn nan gwo
fèt Legliz la, alò, Legliz la pase li jodi a, paske okenn fèt pa gen priyorite
sou jou dimanch.
Jodi a Legliz la envite nou selebre nan kè kontan Nativite Lavyèj Mari.
Se yon okazyon pou nou medite sou enpòtans Mari genyen nan istwa delivrans la.
Paran Mari, se te Án ak Jwachen. De moun sa yo te gen difikilte pou yo anfante, alafen Bondye koute priyè
yo, e li ba yo Mari; konsa yo te konsakre li bay Granmèt la.
Fèt maryal sa antre nan litiji womèn nan nan finisman
VII èm syèk, lè Pap Serge I, ki te yon pap Oryantal, t’ap mennen bak Legliz. Kretyen yo fete ak kè kontan Nesans Mari menm jan nou
fete Jan Batis. Tou lède fèt sa yo
anonse delivrans la (Sovè a ki gen pou l’fèt). Se Legliz Jerizalèm ki te premye
onore souvni nativite manman Bondye nan yon fèt ki selebre nan vil Wòm. E Wòm
te adopte li asireman nan fen VII èm syèk kote pap Serge I (687-701) dedye
Legliz sa ki konstwi sou ranplasman kote kay Sent Án te ye. Li te epapiye byen
vit nan tout Oksidan, presizeman nan peyi Lafrans. Nan XI èm syèk sen Fulbert
te kontribiye pou fè plis moun konnen fèt sa.
Nesans Mari ap fè nou sonje ke nou tout resevwa apèl pou nou akeyi Jezikri,
pou li kapab vin fèt nan mitan nou, e nan fèt l’ap fèt nan nou, l’ap fè nou fèt
nan vrè lavi a, lavi ki anwo a, lavi ki nan Lespri a, lavi n’ap viv kòm pitit
ke papa a renmen anpil yo. Nan levanjil la, vizaj Jozèf kapab eklere nou nan
sans sa. Tankou li menm, an nou akeyi Kris la, pandan ke n’ap pran Mari lakay
nou. Si « wi » Mari a te endispansab pou Pitit Bondye a te tounen
moun, « wi » Jozèf la te endispansab tou pou li kapab tounen « Mesi »
ki sòti nan desandans David e ki vin akonpli pwomès Bondye te fè a. Nou menm
kounye a, ann mele wi nou an avèk pa
Jozèf la pou nou akeyi Mari nan istwa lavi nou e avèk Mari, Sovè ke li pote nan
vant li an, fè tout moun rive jwenn delivrans Granmèt la.
LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri, bay sèvitè w’ yo
sekou gras syèl la, pou sa yo ki jwenn kòmansman delivrans a lè Mari ki sen e
ki Vyèj te vin manman an, yo rive jwenn plis lapè nan fèt Nesans li a. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : M’ap rekonèt enpòtans Mari genyen nan istwa delivrans
lan. M’ap resite yon dizèn chaplè jodi a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario