Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Granmèt la fè nou jwenn lavi ansanm avèk li, antan li padonnen tout fot
nou yo”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO 2, 6-15
Frè m’ yo:
Menm jan nou resevwa Jezikri Granmèt la, se konsa pou
nou mache nan li, antan nou pran rasin nan li, nou bati nan li, nou asire nan
li gras a lafwa a, jan nou te aprann nan, antan nou plen rekonesans pou li.
Atansyon pou pèsonn pa twonpe nou avèk filozofi ak
manti ki vid, daprè lansèyman lèzòm transmèt yo, daprè gran prensip ki antre
nan konpozisyon tout sa nou wè a, san yo pa suiv Jezikri; paske se nan li menm,
ak tout kò l’, tout sa Bondye ye a abite, epi nou plen ak sa k’ nan li a, li menm
ki chèf tout otorite ak pouvwa; se nan li yo koupe po ti kò nou ak yon sikonsizyon
ki pa fèt ak men moun k’ap wete kò chè a, men nan sikonsizyon Jezikri a: nou
antere avèk li nan batèm nan, nan li nou leve vivan, antan nou met lafwa nan
aksyon Bondye, li menm ki leve l’ sot nan pami mò yo.
Nou menm, ki te mouri akoz fot yo, epi poutèt kesyon po
ti kò nou an, li fè nou viv avèk li, li padonnen tout fot nou yo, li detwi biyè
dèt la ki te ekri kont nou an; sa k’ te kont nou an, li pran l’ nan li menm, li
kloure l’ sou kwa a; li degrade otorite ak pouvwa yo, li trennen yo aklè, li
ranpòte laviktwa sou yo devan tout moun nan li menm.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 144,
1-2. 8-9. 10-11
R/ Granmèt la bon pou tout moun.
M’ap fè lwanj
ou, Bondye m’, wa mwen, m’ap fè konpliman pou non ou pou tout tan ak tout tan gen
tan.
Chak jou m’ap
fè lwanj pou non ou pou tout tan ak tout tan gen tan. R.
Granmèt la gen
pitye, li gen kè sansib, li gen pasyans, li gen anpil kè sansib.
Granmèt la
bon pou tout moun, kè l’ sansib pou tout sa l’ fè.R.
Y’ap fè lwanj
ou, Granmèt, tout sa w’ fè yo; sen w’ yo ap fè konpliman pou ou.
Y’ap deklare
bèlte rèy ou an, y’ap anonse pouvwa ou.
LEVANJIL
“Pandan tout lannuit la li t’ap lapriyè. Li chwazi
douz yo, li rele yo apot”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 6, 12-19
Rive jou sa
yo, Jezi monte sou mòn nan pou l’ lapriyè, li pase tout lannuit la ap lapriyè
Bondye.
Lè jou rive,
li rele disip li yo, li chwazi douz nan pami yo, li rele non yo Apot: Simon, sa
l’ bay ti non Pyè a, avèk Andre, frè l’ la, Jak avèk Jan, Filip avèk Batelemi,
Matye ak Toma, Jak pitit Alfe a, ak Simon, sa yo rele Fanatik la, epi Jid,
pitit Jak la, avèk Jida Iskaryòt la, sa k’ te trayi a.
Li desann
avèk yo, li kanpe nan plenn nan, ansanm ak foul disip li yo ak anpil foul pèp
ki sòti nan tout Lajide ak Jerizalèm ak rejyon lanmè a, ak Tir ak Sidon, yo te
vini pou yo koute l’, pou yo fè l’ geri yo sot nan maladi yo. Moun ki te gen lespri papwòp k’ap
maltrete yo, yo te geri.
Tout foul la te vle touche l’, paske te gen yon pouvwa
ki te soti nan li epi ki te geri yo tout.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan refleksyon sou pawòl Bondye a pou jounen sa a,
nou ka eseye dekouvri plizyè mesaj atravè tèks nou li yo. Nan yon premye moman,
premye lekti a nou li nan Lèt Pòl ekri moun Legliz Kolòs yo, nou wè l’ap chèche
yon mwayen pou l’ di fidèl yo, sa ki pi enpòtan nan lavi kretyen an, se chèche
fè sa Bondye vle, se swiv tras Jezikri, se patisipe nan soufrans, lanmò li pou
nou kapab goute lavi tout bon vre a, pou nou kapab resisite ansanm ak Granmèt
la. Li di ke sikonsizyon an se yon aksyon eksteryè ki pa gen ase valè pou l’ ta
detèmine kalite lafwa nou. Merit yon kretyen pa make sou li, men nan aksyon l’ap
poze, paske se fwi yo pye bwa ki pèmèt konnen ki kalite pye bwa li ye tout bon
vre. Nan
pwovèv kreyòl la, yo toujou di, joumou pa donnen kalbas! Apot la ap di nou ke
nou pa bezwen gonfle lestomak nou, nou pa bezwen fè grandizè paske nou pa kapab
konte sou fòs pa nou; se mizerikòd Granmèt la k’ap soutni nou. Glwa nou se pa
nan fòs pa nou, men se nan sa Bondye fè nan nou. Lòt refleksyon nou kab fè a
pati de lekti sa yo, se refleksyon sou enpòtans lapriyè. Atravè Levanjil li a,
Lik ap di nou lè Jezi te gen pou l’ te chwazi douz apot yo, li te monte sou yon
mòn, li pase tout lannwit la ap lapriyè li desann, li chwazi douz mesye yo pou
mache avèk li jous nan bout chemen an, ki vle di, jis jou kote li pral remèt tèt
li pou nou. Pasaj levanjil la di nou ke apèn Jezi kòmanse misyon sa, li te gen tan
ap geri malad yo, li te gen tan ap chase demon. Se te vrèman siy liberasyon an,
siy delivrans Bondye Papa a te pwomèt pèp li a nan bouch pwofèt yo.
LAPRIYÈ:
Granmèt Papa, tanpri fè m kado yon lafwa ki solid. Pèmèt mwen viv an pwofondè
richès lavi kretyèn nan.Mèsi paske, tankou douz apot yo, ou chwazi m’ pou m’ al
anonse pawòl ou a. Amèn.
PWOPOZISYON: Menm jan ak apot yo Jezi chwazi w’
pou w’ fè yon misyon espesyal nan jounen sa a; se pou w’ chèche dekouvri ki
misyon sa a epi reyalize l’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario