Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Nou mouri ansanm avèk Jezikri; fè manb nou yo mouri”.
NAN LÈT APOT
PÒL KI SEN POU KOLOSYEN YO 3, 1-11
Frè m’ yo:
Si nou leve
ansanm avèk Jezikri, se pou nou chèche bagay ki anwo yo, kote Jezikri chita adwat
Bondye a: se bagay ki anwo yo pou nou goute, se pa sa k’ sou tè a. Nou mouri reyèlman
vre, lavi nou kache avèk Jezikri nan Bondye. Lè Jezikri, lavi nou an, ap parèt,
lè sa a, nou menm tou n’ap parèt avèk li nan bèlte a.
Konsa, mete
lanmò nan manb nou yo ki sou tè a: move plezi, bagay ki pa pwòp, move tandans,
move lide, avèk renmen lajan, ki sèvis zidòl. Bagay sa yo k’ap pwovoke kòlè
Bondye sou moun ki pa gen lafwa yo, nou menm tou nou te konn mache nan yo
lontan, lè nou t’ap viv nan yo; koulye a menm se pou nou kite tout bagay, kòlè,
move san, mechanste, madichon, gwo mo, wete tout sa sot nan bouch nou. Se pa
pou youn bay lòt manti, wete moun ansíen an avèk aksyon l’ yo sot sou nou, abiye
nou ak moun nouvo a, k’ap refèt tou nèf nan konesans la daprè pòtre sila a ki
kreye l’ la; kote pa gen payen ak Juif, sikonsizyon ak po ti kò, moun sovaj ak
moun lelit, esklav ak moun lib, men Jezikri ki tout bagay nan tout moun.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 144, 2-3. 10-11. 12-13ab
R/ Granmèt la bon pou tout moun.
Chak jou m’ap fè konpliman pou ou,
m’ap fè konpliman pou non ou, pou tout tan ak tout tan gen tan. Granmèt la
gran, li merite anpil lwanj, yo pa kapab sonde grande l’. R.
Y’ap fè lwanj ou, Granmèt, tout sa w’
fè yo; sen w’ yo ap fè konpliman pou ou.Y’ap deklare bèlte rèy ou an, y’ap
anonse pouvwa ou.R.
Pou yo fè pitit moun yo konnen mèvèy
ou yo, ak bèlte grandè rèy ou an. Rèy ou an, se rèy tout tan, kòmandman ou nan
pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
LEVANJIL
“Se chans pou
pòv yo. Madichon pou nou menm rich yo!”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI
SEN 6, 20-27
Se chans pou nou menm ki pòv, paske rèy
Bondye a pou nou.
Se chans pou nou menm ki grangou koulye
a, paske n’ap jwenn kont manje.
Se chans pou nou menm k’ap kriye
koulye a, paske n’ap ri.
Se chans pou nou menm lè moun yo
ap rayi nou, lè y’ap rejte nou, lè y’ap fè nou afwon, lè y’ap jete non nou
tankou bagay ki mal, poutèt Pitit moun nan: fè kè nou kontan jou sa a, danse;
paske men rekonpans nou anpil nan syèl la; se konsa reyèlman vre zansèt yo te
aji ak pwofèt yo.
Men madichon pou nou, rich yo,
paske n’ap jwenn konsolasyon nou!
Madichon pou nou, nou menm ki gen
vant plen, paske n’ap grangou!
Madichon pou nou, nou menm k’ap ri
koulye a, paske n’ap plenn, n’ap kriye!
Madichon lè moun yo ap fè
konpliman pou nou! Se konsa reyèlman vre zansèt yo te trete pwofèt manti yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan
levanjil jodi a, nou li pòsyon ke yo rele “Beyatitid yo”. Beyatitid la se yon
mo ke nou ka tradwi kòm “Kè kontan”. Se yon moso nan levanjil la tou ki dwòl
anpil paske li bay yon enpresyon ke Jezi ap pase moun yo nan betiz! Jezi ap di
moun yo byenere lè y’ap soufri, lè yo grangou, lè yo gen pèsekisyon, elatriye. Èske
nan mond n’ap viv koulye a se kalite moun sa yo ki byennere, oubyen se yo menm
k’ap viv nan kè kontan? Okontrè, se moun ki gen manje an abondans, se moun ki
gen anpil lajan, se moun tout moun apresye, tout moun bay valè, se moun sa yo
sosyete a di ki byennere. Ebyen kisa k’ap pase nan levanjil la? Pou ki rezon
Granmèt la deklare ke se pou kè yo kontan? Premyèman Jezi p’ap preche la
reziyasyon, se pa mande l’ap mande pèp la rete nan soufrans li, rete nan mizè,
san yo pa fè efò. Nou konnen byen tè sa a, se bagay ki la pou yon ti tan. Tout byen
yon moun fè sou tè a, lè l’ mouri li pa prale avèk anyen; byen ki etènèl yo, ki
la pou toutan yo, se byen ke w’ fè pwochen w’. Nan jou Jijman an, se yo ki ka
tounen prèv bon kretyen ke w’ te ye sou tè a. Nan chapit 25 levanjil Matye a,
yo pale sou denye Jijman an, lè Granmèt la ap jije lèzòm, se daprè charite, daprè
mezi renmen ak konpasyon yo te manifeste pou pwochen yo, daprè jan yo te
pratike lacharite a anvè sila yo ki pi pòv yo, ki pi frajil nan sosyete a.
LAPRIYÈ: Mèsi Bondye
Papa paske ou pa menm jan avèk nou, ou mande n’ viv senp epi pataje sa n’
genyen avèk sila yo ki pi piti yo.
PWOPOZISYON: Nan
jounen jodi a m’ap eseye viv senplisite Jezi mande m’ nan Levanjil jodi a e m’ap
eseye fè jounen an pi dous pou lòt yo ki antoure m’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario