Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Kanta ou menm, moun Bondye, suiv jistis la”.
NAN PREMYE
LÈT APOT PÒL KI SEN POU TIMOTE 6, 2c-12
Ou menm mwen renmen anpil la:
Se bagay sa yo pou ou anseye, pou ou preche. Si yon
moun anseye yon lòt fason, si l’ pa aksepte pawòl Granmèt nou Jezikri ki solid
yo, ni lansèyman ki regle sou relijyon an, se moun k’ap leve tèt li, ki pa konn
anyen, li gen maladi vire alantou kesyon ak batay mo; nan bagay sa yo se lanvi
ki leve, ak diskisyon, joure, move dout, kont ki pa kapab fini ki sot nan moun
ki gen lespri yo gate, ki pa gen laverite a, ki konsidere relijyon an tankou
bagay k’ap rapòte lajan.
Gen gran avantaj nan relijyon an si nou kontante nou ak
sa nou genyen. Nou pa t’ pote anyen sou tè sa a: konsa tou, pa gen dout sou sa,
nou pa kapab pote anyen sot sou tè sa a. Si nou gen manje ak dekwa pou nou abiye,
nou mèt satisfè avèk bagay sa yo. Sèke moun ki vle vin rich yo, yo tonbe nan
tantasyon ak nan pyèj dyab la, ak yon pakèt lanvi ki pa sèvi anyen, ki pa bon,
k’ap nwaye moun yo nan lanmò k’ap pèdi yo. Rasin tout mal yo, se renmen lajan,
moun ki met lide yo sou sa, yo devye sot nan lafwa a, yo rale anpil soufrans
sou pwòp tèt yo.
Kanta ou menm, moun Bondye, kouri lwen bagay sa yo;
suiv jistis la okontrè, relijyon an, lafwa a, charite a, pasyans la, dousè a.
Batay bon batay lafwa a, kenbe lavi tout tan an, kote yo rele w’ la, sa ou te
fè bèl deklarasyon lafwa pou li a devan pakèt temwen yo.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 48,
6-7. 8-10. 17-18. 19-20
R/ Se chans pou sila yo ki pòv nan lespri a, paske se pou yo rèy syèl yo ye.
Pouki pou m’ pè jou malè yo, lè mechanste pwofitè yo ap
antoure m’ nan? Yo menm ki met konfyans nan fòs yo, yo menm k’ap fè lwanj tèt
yo poutèt pakèt richès yo? R.
Sèke yon moun pa delivre pwòp tèt li; li p’ap bay Bondye
pri delivrans peche l’.
Pri delivrans nanm li twò chè: l’ap manke jous nan dènye
bout, pou l’ ta viv jouska lafen, pou l’ pa ta wè lanmò.R.
Pa pè, lè yon
moun vin rich, lè richès lakay li ap vin anpil. Sèke, lè l’ap mouri, li p’ap
pote tout bagay sa yo, richès li p’ap desann avèk li.R.
Malgre li t’ap
fè konpliman pou nanm li nan lavi l’: “Y’ap fè lwanj ou, paske ou aji byen ak
tèt ou”; malgre sa l’ a pral jwenn ras zansèt li yo, ki p’ap janm wè limyè.R.
LEVANJIL
“Medam yo te
avèk Jezi, yo t’ap sèvi l’ ak byen yo”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 8, 1-3
Lè sa a:
Jezi t’ap
travèse vil ak bouk yo, l’ap preche, l’ap anonse bòn nouvèl rèy Bondye a; douz
yo te avèk li, ni kèk medam li te geri sot anba pouvwa move lespri ak maladi:
Mari, sa yo rele Madlèn nan, sa l’ te wete sèt demon sot nan li a, Ján, madanm
Chouza a, minis Ewòd la, Sizán, avèk anpil lòt medam ki t’ap sèvi l’ ak byen
yo.\
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan tan sa yo, nou wè gen yon tandans pou melanje tout
bagay; gen moun ki menm vle mete tout bagay tèt anba. Gen moun ki menm vle pran
Legliz Bondye a pou yo regle biznis yo; de jou an jou divizyon ap miltipliye,
doktrin ap miltipliye, ti legliz ap pran nesans; nan yon sèl katye nou kapab
rive jwenn menm 10 “legliz”. Chak pyès kay tounen yon legliz! Gen anpil lespri
pèvèti ki preche bagay ki pa ale nan sans verite Levanjil la, gen anpil moun
k’ap kreye doktrin pou yo twonpe moun ki gen lespri yo fèb, moun ki gen ti
lafwa wòwòt nan Bondye. Mwen sonje, sa pa fè lontan, mwen te
monte yon bis: gen yon mesye ki te vini li monte nan bis la, li salye pasaje yo
epi envite yo fèmenm zye yo pou li fè yon lapriyè. Aprè li fè lapriyè a, li
kòmanse mande moun yo lajan, paske li te pretann li vle konstwi yon “tanp” pou
Bondye. Gen kèk moun ki te ba li lajan nan machin nan, men nan yon ti tan aprè
zen te pete! Gen yon madanm ki te di mesye a ke li pa t’ gen lespri Bondye nan
li, li te pran diskite avèk li epi sa te anime lòt pasaje ki te nan machin nan,
yo tout pran ri, menm moun ki te gen tan ba li kòb pou soutni pwojè a. Mesye a
te santi li te wont e li pa t’ pran tan pou li te desann machin nan. Mezanmi lè
yon moun vin pale nou de Bondye, se pou nou chèchè disène si se ak senserite li
vini pale ak nou. Pou ka mesye sa, se sèlman Bondye ak li ki konn si li te
sensè nan entansyon li a. Mwen menm sèl kesyon mwen te poze tèt mwen se: Èske
jounen jodi a manke espas nan legliz, ki fè yon moun ta vle konstwi yon tanp
pou Bondye? Èske nou pa konstate gen plis tanp pase kretyen!
Jodi a, Apot Pòl ap di nou fè atansyon
ak moun k’ap anseye yon lòt fason ke fason Jezi montre nou
an, moun ki pa aksepte pawòl Granmèt nou Jezikri ki solid yo, ni lansèyman ki
regle sou relijyon an, moun k’ap leve tèt li, ki pa konn anyen, ki gen maladi
vire alantou kesyon ak batay mo; nan bagay sa yo se lanvi ki leve, ak
diskisyon, joure, move dout, kont ki pa kapab fini ki sot nan moun ki gen
lespri yo gate, ki pa gen laverite a, ki konsidere relijyon an tankou bagay
k’ap rapòte lajan.
Si yon moun vle mache ak Granmèt la, se pou li chèche
pòv nan lespri li pou li kapab eritye wayòm syèl la. Si yon moun ap chèche
richès materyèl, li ka difisil pou li pòv nan lespri li. Si nou wè, n’ap sèvi
Bondye epi tout dezi nou yo pa konble, se pou nou kontan, paske lè tout dezi
yon moun konble, petèt sa ka fè li ogeye, sa ka fè li pa santi nesesite pou
Bondye ranpli li. Okontrè, nou dwe apran kontante nou ak sa nou genyen, pou nou
kapab lib pou sèvi Bondye. Konsa n’a liberte anba chèn esklavaj byen materyèl. Chèche
wayòm Bondye an premye epi tout lòt bagay yo ap vini aprè.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri ban mwen fòs pou
mwen suiv ou san ipokrizi; pa kite mwen di ni fè anyen ki pa an amoni ak pawòl
ou a ki se pawòl lavi, pawòl liberasyon. Fè mwen mache nan limyè pawòl la.
PWOPOZISYON: Gade pou w’ wè nan ki fason ou konn kontredi pawòl
Bondye a; mande Bondye entelijans pou ou pa tounen patizan dyab la nan fason
w’ap viv.
No hay comentarios:
Publicar un comentario