Koulè Wouj
MATYE KI SEN, Apot e Evangelis
Fèt.
PREMYE MOSO LABIB
“Li bay kèk moun gras pou yo apot, dòt menm pou yo evanjelis”.
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU EFEZYEN YO 4, 1-7. 11-13
Frè m’ yo:
Mwen priye nou, mwen menm prizonye nan Granmèt la, pou
nou mache korèk daprè direksyon vwa ki rele nou an, antan nou rete nan pòv ti
kondisyon moun nou an, antan nou tou dou, antan nou pran pasyans pou nou youn
sipòte lòt nan charite a; fè efò pou nou konsève lespri ki fè nou fè yon sèl la
nan chenn lapè a: yon sèl kò ak yon sèl lespri, menm jan yo rele nou nan yon
sèl esperans ki nan bout chemen kote yo rele nou an; yon sèl Granmèt, yon sèl
lafwa, yon sèl batèm; yon sèl Bondye ak Papa tout moun, ki anlè tout moun, ki
nan tout bagay epi ki nan nou tout.
Chak moun nan nou jwenn kado gras la daprè sa Jezikri mezire
pou li a. Se li menm ki bay kèk moun gras pou yo apot, kèk lòt menm se pwofèt,
dòt ankò se sa k’ evanjelis, dòt yo menm se gadyen ak savan sakre: konsa sen yo
kapab vin kòrèk nèt nan travay sèvis la, antan kò Jezikri a ap bati, joustan
nou tout nou rive fè yon sèl nan lafwa a ak nan konesans Pitit Bondye a, pou
nou tout ansanm nou vin sèl moun sa a ki kòrèk nèt la, nan mezi dènye devlopman
Jezikri a.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM RÉPONS 18,
2-3.4-5
R/ Sou tout tè a yo tande vwa yo.
Syèl yo ap rakonte glwa Bondye, travay men l’, platfòm
syèl la ap anonse l’. Jou ap deklare pawòl bay jou, nuit
ap montre syans bay nuit.R.
Pa gen langaj ni pawòl, pou yo pa konprann vwa yo. Sou
tout tè a bwi vwa yo sòti, jous nan limit tè a pawòl yo rive.R.
LEVANJIL
“Suiv mwen.
Li leve, li suiv li”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 9-13
Lè sa a:
Pandan Jezi t’ap pase, li wè yon mesye ki te chita nan
biwo kontribisyon an, yo te rele l’ Matyte; li di l’: “Suiv mwen”. Li leve, li
suiv li.
Rive antan li sou tab nan kay la, anpil kolèktè ak pechè
te vini, yo te sou tab avèk Jezi ak disip li yo.
Lè farizyen yo wè sa, yo di disip li yo: “Pouki sa mèt
nou an ap manje avèk prepoze yo ak pechè yo?”
Jezi menm ki tande sa, li di: “Se pa moun ki an sante
ki bezwen doktè, men se sa ki malad. Al aprann sa sa vle di: “Se mizerikòd mwen
vle, se pa sakrifis”; sèke mwen pa vini pou m’ rele moun ki kòrèk yo, men se pechè
yo mwen vin rele”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jezi te chwazi douz moun nan mitan
tout disip li yo pou yo te mache pi pre li, epi pou yo te responsab misyon li a
apre l’ te monte nan syèl la. Douz
moun sa yo, se yo menm nou rele apòt yo. Epi nan gwoup douz apòt yo, gen kat
nèg ki te pran desizyon chita ekri istwa lavi Jezi ak patizan li yo, pou mesaj
la te ka rive pi lwen. Yo chak te rakonte istwa a jan yo te wè l’, ak jan yo te
konnen kominote yo te pral kapab konprann li pi byen.
Kat liv sa yo, se yo menm nou rele Levanjil yo, nan Bib la. Pati sa nan Bib
la ekri nan lang grèk, epi mo “levanjil” la sòti nan yon mo nan lang grèk
(euaggelion), ki vle di « Bòn Nouvèl ». Kòm se nan kat liv sa yo nou jwenn tout sa k’ gen pou wè ak lavi Jezi,
epi Jezi li menm se Bòn Nouvèl li ye ak Bòn Nouvèl li pote pou nou, se sa k’ fè
yo bay kat liv sa yo non sa. Epi mo « Bib » la li menm, sòti nan yon
mo grèk (biblia) ki vle di « plizyè liv » (yon grenn liv, nan lang
grèk, se « biblion »).
Vrèman vre, Bib
la se yon biblyotèk li ye. Nou jwenn plizyè liv ladan li, tankou liv Ekzòd la
ak tout liv pwofèt yo nan pati nou rele Ansyen Kontra a, ak liv Levanjil yo ak
tout lèt Sen Pòl te ekri yo, nan pati nou rele Nouvo Kontra a. Ansyen Kontra a gen pou wè ak tout sa k’ te
vini avan Jezikri, sitou ak alyans Bondye te fè ansanm ak pèp Izrayèl la. Nouvo
Kontra a gen pou wè ak jan Jezi te renouvle alyans sa yon jan ki louvri pou
tout moun nèt kapab antre ladan.
Jodi a, se fèt Sen Matye. Sa vle di n’ap sonje youn
nan nèg ki te ekri istwa lavi Jezi, sa fè 2,000 an. Gras a li menm, Levanjil la
gaye nan lemonn antye, epi nou ka konnen kiyès Jezi ye. Ayibobo pou Matye,
zanmi Jezi !
LAPRIYÈ : Bondye,
poutèt mizerikòd ou ki san parèy, ou te aksepte chwazi Matye ki sen kòm Apot,
sot nan ran pibliken, tanpri, fè nou favè, pou nou jwenn sekou nan ekzanp li ak
priyè l’, pou nou suiv ou, pou nou merite kole kò nou solid kote ou. Pa pouvwa
Jezikri.
PWOPOZISYON : Ki sa pou m’ lage jodi a, pou m’ kapab swiv Jezi pi
byen ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario