Koulè Vèt
VENNSENKYÈM DIMANCH ÒDINÈ ANE-C
PREMYE MOSO LABIB
“Kont sila yo k’ap “achte pòv yo ak lajan-an””.
NAN LIV PWOFÈT
AMÒS 8, 4-7
Koute sa, nou
menm k’ap kraze pòv la, k’ap fè malere yo tonbe nan peyi a, n’ap di: “Kilè pou
mwa a pase, pou nou vann machandiz yo? kilè pou Saba a pase, pou nou louvri depo
ble yo, pou nou fè mezi a vin pi piti, pou nou monte pri a, pou nou deregle balans
yo; konsa n’a achte pòv yo ak lajan ak malere yo pou yon pè sapat, jous pay ble
a n’ap van”.
Granmèt la fè
sèman sou logèy Jakòb: “Mwen pa gen dwa janm bliye tout aksyon yo”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
112, 1-2. 4-6. 7-8
R/ Fè lwanj Granmèt la, li menm ki leve pòv la.
Fè lwanj, ti moun Granmèt la, fè lwanj pou non Granmèt
la.
Se pou non Granmèt la beni depi koulye a e pou tout
tan.R.
Granmèt la wo anlè tout nasyon, anlè syèl yo bèlte l’ ye.
Kilès ki tankou Granmèt Bondye nou an, li menm ki abite
nan wotè yo, ki voye je sou pòv yo nan syèl la ak sou tè a? R.
Li leve pòv la sot atè a, li leve malere a sot nan
fatra a, pou l’ fè 1’ chita avèk chèf yo, avèk chèf pèp li yo.R.
DEZYÈM MOSO
LABIB
“Se pou yo
lapriyè pou tout moun kot Bondye, li menm ki vle pou tout moun sove”.
NAN PREMYE
LÈT APOT PÒL KI SEN POU TIMOTE 2,1-8
Ou menm mwen
renmen anpil la:
Mwen mande
tou dabò pou yo pèsiste kot Bondye, pou yo lapriyè, pou yo fè demann, pou yo di
mèsi, pou tout moun: pou wa yo ak tout moun ki nan yon plas ki wo, dekwa pou
nou kapab viv an pè, byen trankil, nan tout devwa relijyon an, antan nou serye.
An verite se sa ki bon, se sa ki fè Bondye Sovè nou an plezi, li menm li vle
pou tout moun sove, pou yo rive nan konesans laverite a.
Sèke se yon
sèl Bondye ki genyen, se yon sèl entèmedyè tou ki genyen ant Bondye ak lèzòm, se
moun sa a, Kris la, li menm ki renmèt pwòp tèt li kòm pri delivrans pou tout
moun, kòm temwayaj nan tan ki byen chwazi yo; se pou temwayaj sa a menm yo mete
m’ kòm moun k’ap preche ak kòm apot (se laverite mwen di, mwen pa bay manti),
kòm pwofesè nasyon yo nan lafwa ak laverite.
Konsa mwen vle
pou moun yo lapriyè tout kote, antan yo leve men ki pwòp, san kòlè ni diskisyon.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Nou pa kapab
sèvi Bondye avèk lajan”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 16,
1-13
Lè sa a: Jezi t’ap di disip li yo:
“Te gen yon mesye ki te rich, li te gen yon jeran, yo denonse
jeran an kote l’, yo di li t’ap gaspiye byen l’ yo. Li rele jeran
an, li di l’: “Kisa m’ tande sou ou a? Rann kont sou sèvis ou, paske ou p’ap
kapab responsab byen yo ankò”.
Jeran an di
nan kè l’: “Kisa pou m’ fè, paske mèt mwen wete plas la nan men m’? Travay
latè, mwen pa kapab; mande lacharite, m’ap wont. Mwen konnen kisa m’ap fè, pou
lè yo revoke m’ nan travay la, mwen jwenn moun ki resevwa m’ lakay yo”.
Li rele chak
moun ki dwe mèt li, apa, li di premye a: “Konbyen ou dwe mèt mwen?” Li di: “San
barik luil. Li di l’: “Pran biye w’ la, chita vit: ekri senkant”. Aprè sa, li
di yon lòt: “Ou menm konbyen ou dwe?”' Li di: “San sak farin”. Li di l’: “Pran
biye w’ yo, ekri katreven”. Mèt la fè lwanj jeran malonèt la, paske li te aji
avèk ladrès; sèke pitit syèk sa a yo gen plis ladrès avèk ras yo pase pitit limyè
yo.
Mwen menm mwen
di nou: “Fè zanmi avèk lajan malonèt la; pou lè nou pa genyen, yo kapab resevwa
nou nan joupa tout tan yo.
Moun ki fidèl
nan ti kras, li fidèl tou nan anpil, moun ki malonèt nan ti kras, li malonèt
tou nan anpil. Konsa, si nou
pa t’ fidèl nan lajan malonèt la, kilès k’ap konfye nou sa k’ vre a? Si nou pa t’
fidèl nan bagay moun, kilès k’ap ba nou pwòp afè pa nou?
Okenn sèvitè pa kapab sèvi de mèt: oubyen l’ap rayi
youn, l’ap renmin lòt la; oubyen l’ap kole kò l’ sou youn, l’ap meprize lòt la.
Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo, se pou nou kontan, se pou nou chante
lakontantman, menm jan sòm nan envite nou fè li a: Fè lwanj Granmèt la, li leve
pòv yo. Nou menm pòv nou
gen yon gwo avoka pou fè defans nou. Se pa menm jan ak anpil avoka nou konnen
ki di y’ap defann dwa moun epi se piye y’ap piye pòv yo, se lajan y’ap fè sou
tèt yo, se kout fo mezi y’ap ba yo. Pwofèt Amòs mande n’ sispann piye pòv yo, sispann fè moun abi, sispann
eksplwate yo. Jezi vle chanjman, li vle nou pran ka pòv yo. Yo se moun, yo se
pitit menm Papa ak nou.
Jezi mande tou, nan pawòl jodi a, pou nou ret fidèl ak li. Pa gaspiye byen l’ yo. Pa lontan y’ap mande w’ regleman. Si tout konfyans ou se
sou lajan li ye w’ap soufri anpil. Pa fè lajan tounen yon dye pou ou. Nou pa
kapab sèvi de mèt alafwa. Swa nou ak Bondye, swa nou ak enmi Bondye a. Sa k’ pa
avè n’ li kont nou. Nou gen de pye nou pa kab kouri nan de chemen. Sonje ti
pwovèb kreyòl sa a : « chen gen kat pye, li pa kapab kouri nan kat
chemen ». Jezi repran premye kòmandman
pou nou ankò : Sèvi Bondye ak tout kè n’. Bay Jezi pi gwo plas nan lavi
ou. Si se Jezi ki sant lavi w’, ou p’ap puije pòv yo, w’ap renmen yo, w’ap
defann yo pou gwo aloufa yo pa kontinye maltre yo. Se pou Bondye beni nou byen
beni.
LAPRIYÈ : Bondye pòv yo,
men nou devan ou, pran ka nou. Pa kite yo fin depafini ak nou, pale nan lespri
yo, nan kè lòt yo, pou yo konprann nou se moun, nou se pitit ou tou menm jan ak
yo, nou gen dwa pale, nou gen dwa mache, nou gen dwa manje, nou gen dwa travay,
nou gen dwa al lekòl, nou gen dwa ak lopital, nou gen dwa dòmi anndan yon kay,
nou gen dwa viv kote lavi a miyò pou nou, nou gen dwa touche byen pou travay
nou fè yo. Pale nan yo e beni yo Papa.
PWOPOZISYON:
Bay pòv san sekou yo lamen, ede yo konnen yo se moun, yo gen yon diyite sakre.
Pa eksplwate yo ni ankouraje sila k’ap fè sa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario