Páginas

LENDI 23

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Moun ki fè pati pèp Granmèt la, se pou l’ monte Jerizalèm, pou l’ bati kay Granmèt la”.
KÒMANSMAN LIV ESDRAS 1, 1-6
Nan premye ane Siris, wa Pès yo, pou reyalize pawòl Granmèt la ki te sòti nan bouch Jeremi an, Granmèt la drese lespri Siris, wa Pès yo, li fè deklarasyon nan tout rèy li a, li menm voye lèt, li di:
“Men pawòl Siris, wa Pès yo: “Tout rèy tè a, Granmèt Bondye syèl la ban mwen yo, se li menm ki pase m’ lòd pou m’ bati kay pou li nan Jerizalèm, ki nan peyi Jida a. Kilès nan nou ki fè pati tout pèp li a? Se pou Bondye l’ la avèk li: se pou l’ monte Jerizalèm, ki nan peyi Jida a, pou l’ bati kay Granmèt Bondye Izrayèl la: se li menm Bondye ki nan Jerizalèm. Tout lòt moun yo, nan nenpòt ki kote yo abite, se pou yo ba l’ konkou, chak moun kote l’ ye a, avèk lajan ak lò, ak pwovizyon, ak bèt, se pou yo ajoute kado pou yo ofri nan kay sakre Bondye a, kay sa a ki Jerizalèm nan”.
Chèf fanmi Jida ak Benjamen yo leve, ni prèt yo ak levit yo, ak tout moun Bondye touche lespri yo, pou yo monte al bati kay sakre Granmèt la, kay sa a ki te Jerizalèm nan. Tout moun ki te alantou yo, yo ba yo kout-men, ak veso lajan ak lò, ak pwovizyon ak bèt, ak bijou, san konte kado yo t’ap ofri.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.            
SÒM REPONS  125, l-2ab. 2cd-3. 4-5. 6
R/ Granmèt la fè mèvèy avèk nou.
Lè Granmèt la te fè prizonye Siyon yo tounen an, nou te tankou nan rèv. Lè sa a bouch nou te plen ak kè kontan, epi lang nou ak chante fèt.R.
Lè sa a yo t’ap di nan pami nasyon yo: “Granmèt la fè mèvèy avèk yo”. Granmèt la fè mèvèy avèk nou; nou vin gen kè kontan.R.
Granmèt, fè prizonye nou yo tounen tankou ravin nan Sid yo.
Moun ki simen ak dlo nan je, yo ranmase ak chante fèt.R.
Yo t’a prale, yo t’ap kriye, antan y’ap pote semans pou simen an; y’ap vini sou wout la ak chante fèt, pandan y’ap pote zepi yo.R.
LEVANJIL
“Yo poze lanp sou etajè, pou moun k’ap antre yo wè limyè a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI DAPRÈ LIK KI SEN 8, 16-18
Lè sa a: Jezi di foul yo:
“Pèsònn pa limen yon lanp pou l’ kache l’ anba yon veso, oubyen pou l’ poze l’ anba kabann, men se sou yon etajè li poze l’, pou moun k’ap antre yo wè limyè a. Sèke pa gen anyen ki kache, ki p’ap parèt klè; pa gen anyen yo sere, pou yo pa konnen l’, pou l’ pa vin klè.
Gade byen kijan n’ap koute; paske moun ki genyen, y’ap ba li; tout moun ki pa genyen, menm sa l’ konprann li genyen an y’ap wete l’ nan men li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan premye mosolabib la, yo pale nou de konstwiksyon tan Jerizalèm soun gouvènman wa Siris ki t’ap kòmande Pès yo, se yon evènman ki te pase lontan avan Jezi te vini sou tè a. Kisa tanp sa te vle di nan istwa pèp Izrayèl? Tanp la se kay sakre, sa vle di se yon espas kote moun kapab rankontre ak Bondye, yon espas kote Bonye abite; se poutèt sa li te dwe konstwi ak anpil swen. Tanp sila a, se pa yon espas kote moun te kapab antre pou fè nenpòt ki bagay, se pa yon savan oubyen yon mache. Se sa k’ fè gen yon pasaj levanjil ki pale sou kòman Jezi te chase kèk machann ki t’ap regle biznis yo anndan tanp la. Tanp Jerizalèm nan, se pa t’ yon espas ki te senbolize prezans Bondye, men se te senbòl inite pèp sa a tou. Aprè pèp la te gaye toupatou nan ekzil, Bondye te fè li tounen nan peyi li ak kè kontan, tankou nou wè sa nan sòm 125 la. Pèp la te gaye, e li te pèdi tè li, li te pèdi tanp la, men li pa t’ pèdi lafwa, li pa t’ pèdi lespwa nan Bondye. Se sa k’ fè Bondye pa t’ abandone li, men li te kontinye akonpaye li, li te ba li fòs sou wout la. Sòm 125 la, se yon kantik ki eksprime tout santiman rekonesans pèp la. Granmèt la fè mèvèy pou nou. Moun ki simen ak dlo nan je, ak tristès, yo ranmase ak chante fèt, ak kè kontan.  Granmèt la pa gen anyen li pa ka fè. Li se kòmansman ak finisman, Alfa ak Omega. Nou menm, tou frè ak sè mwen yo, mwen kwè Bondye fè nou anpil favè, li fè anpil mèvèy nan lavi nou; konbyen fwa nou pran tan pou di li mèsi? Èske nou konn pran yon minit chak jou nan lavi nou pou nou di li mèsi? Anpil fwa lè yo poze nou kesyon pou mande nou si nou se kretyen, nou di wi nou se kretyen; men nou souvan di nou pa gen tan, nou toujou pran pretèks nou gen anpil taravay, anpil aktivite. Yon kesyon: Kilès ki ba ou tan ak taravay ou a? Èske sa w’ap fè a gen plis enpòtans pase Bondye? Èske se sèlman lè ou malad w’ap gen yon ti tan pou Bondye.
Atravè Levanjil jodi a, Jezi ap di nou atansyon! “Pèsònn pa limen yon lanp pou l’ kache l’ anba yon veso, oubyen pou l’ poze l’ anba kabann, men se sou yon etajè li poze l’, pou moun k’ap antre yo wè limyè a”. Deja Jezi di nou nou se sèl ak limyè tè a. Si nou se sèl nou gen misyon pou nou bay gou; si nou se limyè, misyon nou se klere nan fènwa ki anvayi lavi lòt yo. Jezi ap di nou jodi pou nou mete limyè nou sou etajè. Si nou menm ki batize, kominye, konfime, elatriye, nou pa patisipe nan okenn aktivite Legliz, nou pa fè okenn jès solidarite, nou toutan nan joure, nou nan zen,…kisa nou di moun ki poko batize a fè? Ki ekzanp nou ba li? Kijan nou ankouraje li antre nan Legliz la? Kijan n’ap ede li rankontre ak Bondye. Mezanmi ann bay kò nou 2 kout fwèt. Se pou kè nou tounen vrè tanp Lespri Sen an, kay kote Bondye toujou prezan. Se pou prezans sa manifeste nan pawòl nou ak nan aksyon nou.

LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki se limyè k’ap klere mond lan, tanpri pèmèt mwen branche lavi mwen sou ou toutan pou mwen kapab tounen limyè pou lòt yo.


PWOPOZISYON: Ki kote lanp lafwa mwen ye? Sou etajè oubyen anba kabann?

No hay comentarios:

Publicar un comentario