Páginas

MADI 24

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Yo fini kay Bondye a, yo fè Pak la”.
NAN LIV ESDRAS 6, 7-8. 12b. 14-20
Jou sa yo: wa Dariyis ekri chèf rejyon ki lòt bò larivyè a, li di:
“Kite chèf Juif yo ak ansyen yo bati kay sakre Bondye a, pou yo kapab bati kay Bondye sa a nan plas li. Mwen pase lòd tou pou nou kite chèf Juif yo bati kay Bondye a; nan richès wa a, sa vle di nan enpo rejyon lòt bò larivyè a bay yo, y’a pran pou yo bay mesye sa yo, pou travay la pa jwenn baryè. Mwen menm Dariyis, mwen deklare desizyon an, mwen vle pou yo reyalize l’ kòrèk”.
Ansyen Juif yo t’ap bati kay la, yo t’ap fè pwogrè, daprè deklarasyon pwofèt Aje avèk Zakari pitit Ado te fè davans; yo bati, yo monte kay la, daprè lòd Bondye Izrayèl la avèk lòd Siris ak Dariyis avèk Ataksesès, wa Pès yo, yo fini kay Bondye sa a jous twazyèm jou mwa Ada a, nan sizyèm ane rèy wa Dariyis.
Pitit Izrayèl yo, prèt yo ak levit yo ak tout rès pitit yo ki te tounen sot nan ekzil yo, yo fete konsekrasyon kay Bondye a avèk kè kontan; alokazyon konsekrasyon kay Bodye a, yo ofri san towo, de san kabrit, kat san mouton, douz bouk pou peche tout Izrayèl, daprè kantite fanmi Izrayèl la. Yo enstale prèt yo daprè klas yo ak levit yo daprè gwoup yo, pou aktivite Bondye yo nan Jerizalèm, daprè sa k’ ekri nan liv Moyiz la.
Pitit Izrayèl yo ki te vin sot an ekzil yo, yo fè Pak la sou katòzyèm jou premye mwa a. Prèt yo ak levit yo, yo pwòpte tankou yon sèl moun: yo tout yo pwòpte pou yo sakrifye Pak la pou tout pitit yo ki te vin sot an ekzil yo, ni pou frè yo, ni pou yo menm.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.        
SÒM REPONS 121, 1-2. 3-4a. 4b-5
R/ Nan kay Granmèt la n’a prale ak kè kontan.
Mwen kontan poutèt yo di m’: “Nan kay Granmèt la n’a prale”.
Pye nou deja kanpe nan pòt ou yo, Jerizalèm.R.
Sèke se la ras yo ap monte, ras Granmèt la, temwayaj Izrayèl, pou fè lwanj non Granmèt la. Sèke se la fotèy yo enstale pou jijman an, fotèy kay David la.R.
LEVANJIL
“Manman m’ ak frè m’, se sila yo ki koute pawòl Bondye a, k’ap fè l’”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 8, 19-21
Lè sa a:
Manman Jezi ak frè l’ yo vin kote l’, men yo pa t’ kapab pwoche kote l’ akoz foul la.
Yo anonse l’: “Manman ou ak frè w’ yo kanpe deyò a, yo vle wè ou”.
Li reponn, li di yo: “Manman m’ an frè m’ yo, se sila yo k’ap koute pawòl Bondye a, epi k’ap fè li”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan premye Lekti a, nou wè wa Dariyis ki ekri otorite rejyonal ki lòtbò larivyè a, pou li mande yo bay Juif yo pèmisyon pou yo konstwi kay sakre Granmèt la nan plas li. Nou wè wa sila a te gen anpil enterè pou bèl travay kontwiksyon sa  sa a te rive fèt: li te pase lòd pou yo finanse travay la ak lajan enpo yo te ramase pou wa a, paske li te konprann nesesite pou pèp la te rive jwenn yon espas pou li adore Bondye li, aprè plizyè ane li te pase gaye nan tè ekzil. Travay sa ki te fèt daprè lòd Bondye Izrayèl la avèk lòd Siris ak Dariyis avèk Ataksesès, wa Pès yo, te fini jous twazyèm jou mwa Ada a, nan sizyèm ane rèy wa Dariyis. Premye moso Labib la di nou tou pitit Izrayèl yo, prèt yo ak levit yo ak tout rès pitit yo ki te tounen sot nan ekzil yo, yo fete konsekrasyon kay Bondye a avèk kè kontan; alokazyon konsekrasyon kay Bondye a, yo ofri san towo, de san kabrit, kat san mouton, douz bouk pou peche tout Izrayèl, daprè kantite fanmi Izrayèl la. Yo enstale prèt yo daprè klas yo ak levit yo daprè gwoup yo, pou aktivite Bondye yo nan Jerizalèm, daprè sa k’ ekri nan liv Moyiz la.
Nan kontèks sa nou wè, gen yon total 700 bèt ki te sakrifye pou moun yo te ka jwenn padon pou peche yo.
Nan sans sa a yo di nou pitit Izrayèl yo ki te soti an ekzil, yo fè Pak, sa vle di yo pran wout rekonsilyasyon ak Bondye lavi a, yo adore yo chante chan fèt, yo rejwi nan Granmèt la (sòm 121). Jounen jodi a, frè ak sè m’ yo, Bondye kontinye ap lanse yon envitasyon ba nou, pou nou kase tèt tounen vin jwenn li, l’ap rele nou nan lamès chak jou l’ap rele nou nan sakreman yo. Li p’ap mande nou sakrifye ni kabrit, ni bèf, ni kochon, ni mouton pou li kapab pwòpte nou, paske san Jezi a te gen tan koule pou sa deja. Okontrè sèl sakrifis Granmètt la ap mande nou, se sakrifis kè nou, se chanje tout vye panse nou yo, tout vye mantalite nou yo, se ouvri kè nou ba li antre pou dife renmen li an kapab boule tout rasin mechanste ki nan kè nou, tout sa ki kenbe nou prizonye pou nou pa sèvi li temwen, pou nou pa sèvi li ak tout kè nou. Nan Levanjil Sen Lik la, Jezi ap di nou kisa ki vrè parante li a: “Manman m’ an frè m’ yo, se sila yo k’ap koute pawòl Bondye a, epi k’ap fè sa li mande”. Kidonk, yon moun ap montre li fanmi ak Jezi, se nan fason li konfòme lavi li ak pawòl Bondye a, se nan jan li kite pawòl la kondisyone panse ak aksyon li. Ala bon sa ta bon si nou ta rive fanmi ak Jezi!
LAPRIYÈ: Granmèt o, tanpri souple ede nou louvri kè nou ba ou chak jou, pou ou kapab opere kansè ogèy nou yo, kansè rayisans nou yo. Ede nou fè yon pak, fè nou kase tèt tounen vin jwenn ou, wete nou nan ekzil peche nou yo. Amèn.

PWOPOZISYON: Mwen ta renmen frè ak manman Jezi! Mwen pral fè yon jefò pou mwen plis atantif ak pawòl Bondye a pou mwen kapab viv daprè pawòl la.

No hay comentarios:

Publicar un comentario