Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Nan esklavaj nou an, Bondye pa t’ lage nou”.
NAN LIV ESDRAS
9, 5-9
Mwen menm, Esdras,
nan sakrifis aswè a, mwen leve sot nan soufrans mwen an, mwen chire manto m’ ak
chemiz mwen, mwen met jenou m’ atè, mwen leve men m’ kot Granmèt Bondye mwen, mwen
di:
“Bondye m’, mwen
wont, mwen jennen pou m’ leve fas mwen kote ou, paske peche nou yo vin anpil
sou tèt nou, fot nou yo devlope jous nan syèl la, depi sou jou zansèt nou yo. Men
nou menm tou nou fè peche ki lou jous nan jou jodi a; pou peche nou yo yo lage
nou, ni nou menm ni wa nou yo ni prèt nou yo, nan men wa yo sou tè a, nan epe,
nan ekzil, nan piyay, ak nan lawont figi, tankou jodi a menm.
Koulye a,
tankou yon ti kras pou yon ti moman, lapriyè nou rive kot Granmèt Bondye nou an,
pou yo lage rès nou yo, pou yo ba nou yon ti pikèt joupa nan kote l’ ki sen an,
pou Bondye nou an klere je nou, pou l’ ba nou yon ti lavi nan esklavaj nou an.
Sèke nou se esklav,
men nan esklavaj nou an Bondye nou an pa t’ lage nou; okontrè li fè nou jwenn
kè sansib devan wa Pès yo, pou l’ ba nou lavi, pou l’ fè kay Bondye nou an vin
bèl, pou l’ drese miray li yo ki te kraze yo, pou l’ ba nou yon lantouraj nan Jida
ak Jerizalèm”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS Tob 13, 2. 4. 6. 7. 8
R/ Granmèt, ou gran, pou tout tan.
Sèke se ou menm
ki pini, ki sove, ki kondui anba tè, ki ramne, pèsonn pa chape nan men ou.R.
Sèke li te
gaye nou nan pami nasyon yo, ki pa rekonèt li yo, pou nou te kapab rakonte
mèvèy li yo, pou nou te kapab fè konnen yo, paske pa gen okenn Bondye ki gen
tout pouvwa sof li menm.R.
Konsidere sa l’
fè nou, avèk respè ak krent se pou nou fè lwanj pou li, fè lwanj wa syèk tan yo
nan aksyon nou yo.R.
Mwen menm nan
tè kote m’ ekzile a, m’ap fè lwanj li, paske li montre bèlte l’ nan yon nasyon
ki nan peche.R.
Konsa se pou
nou tounen, pechè yo, fè sa ki korèk devan Bondye, antan nou kwè l’ap fè kè l’
sansib pou nou.R.
LEVANJIL
“Li voye yo
preche rèy Bondye a, pou yo geri malad yo”.
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 9, 1-6
Lè sa a:
Jezi rele douz Apot yo, li ba yo fòs ak pouvwa sou tout
demon yo, epi pou yo geri maladi yo. Li voye yo preche rèy Bondye a, epi geri
malad yo.
Li di yo: “Pa pran anyen sou wout la, ni baton, ni sak,
ni pen, ni lajan, pa gen de chemiz. Nan nenpòt ki kay nou antre, rete la, epi se
la pou nou deplase al yon lòt kote. Moun ki pa resevwa nou, sòti nan lavil la,
menm pousyè pye nou, souke l’ kòm temwayaj kont yo”. Yo pati, yo fè tout tou a,
nan bouk yo, y’ap preche levanjil la, y’ap fè gerizon tout kote.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan
premye Lekti a, Esdras eksprime tout santiman ki nan kè li kòm yon gwo lapriyè
bay Bondye. Pawòl li yo sanble plen ak sajès, regrè ak rekonesans: “Bondye m’, mwen wont, mwen jennen pou m’ leve fas mwen kote ou, paske
peche nou yo vin anpil sou tèt nou, fot nou yo devlope jous nan syèl la, depi
sou jou zansèt nou yo. Men nou menm tou nou fè peche ki lou jous nan jou jodi
a…”
Sa bon anpil, frè ak sè mwen yo, lè nou nan sitiyasyon peche, lè n’ap
viv dozado ak Bondye, nou pa dwe kite peche a toufe nou. Nou dwe reveye nou pou
nou fè lapè ak Bondye. Lè nou pran inisyativ sa, ebyen nou deja di non ak
satan, nou di non ak sas l’ap pwopoze nou e nou deja siyen pou gouvènman Bondye
a. Apot Pòl di nou kote peche ap miltipliye, se la sous lagras Bondye jayi ak
plis fòs; men èske sa vle di pou nou chwazi kontinye benyen nan peche a? Non.
Lè nou santi nou lèd, lè nou santi nou jennen ak Bopndye, lè nou santi nou wont
devan li, lè sa fòk nou pran desizyon pou nou mete jenou nou atè, pou nou
lapriyè pou Bondye kapab montre nou mizerikòd li, pou li pran pitye pou nou. Gen yon
tewolojyen ki te di, lè nou ajenou devan Bondye se lè sa a nou gran. Kidonk, lè
nou fè nou tou piti devan Bondye, lè sa Bondye li menm li leve nou, li ba nou
lebra, li soutni nou, li divinize nou, li mete nou byen wo. Levanjil jodi a kapab ede nou konprann sa
byen: Jezi rele douz mesye li te chwazi pou mache ak li yo. Puiske li te gen
tan ba yo tout lansyèman, tout fòmasyon ki nesesè, kounye a li konvoke yo, li
fè yon ti reyinyon ak yo, li voye yo nan misyon e li ba yo kèk enstriksyon sou
fason yo dwe reyalize misyon sa. Antan li ba yo fòs ak pouvwa pou domine tout
demon yo, li voye yo al fè de (2) bagay pren presize: preche rèy Bondye a epi
geri malad yo. Sa se yon bagay ekstrawòdinè! Jezi delege pwòp pouvwa li bay
disip yo, li voye yo al fè sa li menm li konn fè. Nou menm tou, se chak jou
Jezi ap rele nou pou nou tounen disip misyonè, pou nou al fè mirak, leve mò yo,
preche rèy Bondye, geri malad, chase demon. Deja depi nan batèm nou nou te
resevwa bèl misyon sa a; nou kominye nan sakreman kò ak san Jezi, pou nou kapab
tounen sa li menm li ye a, pou nou kapab fè yon sèl ak li, pou nou ka pran fòs
nan li pou nou reyalize misyon an. Men, lè nou konfime nan lafwa lè nou resevwa
sakreman Konfimasyon an, se lè sa nou resevwa an plenitid fòs ak kado Lespri
Bondye a, pou nou ale toupatou al fè patizan pou Granmèt la; se lè sa nou vin
tounen tout bon vre temwen Jezikri, temwen Legliz la, kretyen granmoun nan
lafwa. Jodi a apot yo pa la, misyon an se nan men nou li ye, travay liberasyon
tè a, se nan men nou tout ki batize Jezi kite li. Se pou nou branche nou nan
Bondye pou nou ka gen laviktwa sou tout fòs mal yo, pou misyon nou kapab pote
siksè. Amèn Alelouya!
LAPRIYÈ:
Granmèt mwen di w’ mèsi paske ou chwazi mwen kòm asosye ou na travay liberasyon
tè a, malgre mwen pa mweri; tanpri toujou ban mwen fòs ak kouraj ou pou mwen
kapab fè sa ou vle san mwen pa gade dèyè.
PWOPOZISYON: Vizite
yon moun ki malad oubyen moun ki nan prizon, lapriyè ak li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario