Páginas

JEDI 26

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Bati kay la, m’ap jwenn plezi m’ nan li”.
KÒMANSMAN LIV PWOFÈT AJE 1,1-8
Nan dezyèm ane wa Dariyis la, sou sizyèm mwa a, nan premye jou mwa a, pawòl Granmèt la rive pa lantremiz pwofèt Aje sou Zowobabèl, pitit Salatyèl, chèf Jida, epi sou Jezi, pitit Losedèk, prèt an chèf la, li di: “Men pawòl Granmèt lame yo, ki di: Pèp sa a di: “Li pa ko rive, tan pou bati kay Granmèt la”.
Pawòl Granmèt la rive pa lantremiz pwofèt Aje, li di: “Èske tan an rive pou nou, pou nou abite nan kay ki byen plafonnen, epi kay sa a menm pèsònn pa okipe l’? Koulye a men pawòl Granmèt lame yo: “Kalkile nan kè nou sou wout nou yo. Nou simen anpil, men nou rekòlte yon ti kras; nou manje, men nou pa gen vant plen; nou bwè, men nou pa pase swaf nou; nou abiye nou, men nou pa cho; moun ki ranmase pri travay li, li mete yo nan yon bous ki gen twou”.
Men paròl Granmèt lame yo: “Kalkile nan kè nou sou wout nou yo, monte sou mòn nan, pote bwa, bati kay la, l’ap fè m’ plezi, m’ap jwenn bèlte m’ nan li”, deklarasyon Granmèt la”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.          
SÒM REPONS 149, 1-2. 3-4. 5-6a e 9b
R/ Granmèt la jwenn plezi nan pèp li a.
Chante pou Granmèt la yon kantik nouvo; lwanj li nan legliz sen yo.
Se pou Izrayèl kontan nan sila a ki fè l’ la, se pou pitit Siyon yo danse pou wa yo.R.
Se pou yo fè lwanj pou non l’ avèk dans, sou tanbou ak gita se pou yo chante pou li.
Paske Granmèt la jwenn plezi nan pèp li a, l’ap fè pòv yo jwenn konsiderasyon nan delivrans la.
Se pou sen yo fete nan bèlte a, se pou yo kontan sou kabann yo.
Lwanj Bondye yo nan bouch yo: bèlte sa a pou tout sen l’ yo.R.
LEVANJIL
“Jan, mwen te fè koupe tèt li! Kilès sila a mwen tande tout bagay sa yo sou li a?”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 9, 7-9
Lè sa a:
Ewòd, ki te chèf ka peyi a, tande tout sa Jezi te fè; li t’ap ezite, paske gen kèk moun ki t’ap di se Jan ki leve sot nan pami mò yo, dòt menm t’ap di se Eli ki parèt, dòt ankò t’ap di se yon pwofèt nan sa lontan yo ki leve.
Ewòd menm di: “Jan, mwen te fè koupe tèt li! Kilès sila a mwen tande tout bagay sa yo sou li a?” Epi li t’ap chèche pou l’ wè l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Lavi nou kòm kretyen, se yon bagay vrèman enpòtan nan kwasans kominote n’ yo, nan devlopman sosyete a, nan bon jan òganizasyon fanmi nou yo. Yon moun k’ap viv nan yon milye byen detèmine, li pa ka rete endiferan fas ak difikilte, pwoblèm, andikap ki kapab ekziste nan kote li menm l’ap viv la oubyen kote l’ap travay la. Bondye, depi lè li te kreye nou, li te vle nou grandi, devlope epi viv nan bon jan amoni ak moun epi ak lanati. Kidonk lèzom pa dwe chèche yon byenèt pèsonèl sèlman, men tou byenèt kolektivite. Se reyalite sa a nou wè nan premye lekti a, kote Bondye sanble ap envite moun nan pou l’ retwouve larezon. Se pa sèlman chèche fè bèl ak pwòp kay pa yo, men se pou yo gade anviwònman, se pou yo gade kay Bondye a, Tanp Granmèt la. Sa fè m’ wè anpil kote pèp kretyen an refize konprann enpòtans kolaborasyon pèsonèl li nan konstwiksyon yon edifis ki solid pou ekzèse kilt nou yo. Si mwen menm mwen pwòpte lakay mwen, mwen pa ta bezwen pale de kote Bondye rete a, kote pèp Bondye a rankontre pou viv oubyen pou aprann kòman pou viv reyalite wayòm nan nan koute y’ap koute pawòl Bondye lavi a.
Gen divès fason pou n’ fè lwanj ak konpliman pou Bondye, se pa sèlman nan angaje n’ nan sèvis Legliz la, men se angaje n’ nan sosyete a tou pou l’ kapab vin bèl. Se pote kolaborasyon nan tout jefò k’ap fèt pou n’ pèmèt sosyete nou yo vin pi bèl, pi kòrèk. Nou pa dwe fè solidarite nan sa k’ mal, men nou dwe rete vijilan pou n’ pote tout kolaborasyon posib nan sa ki byen nan kominote kote n’ap viv, kote n’ap travay yo, kote n’ dwe veye pou n’ pa kore okenn sistèm, okenn inisyativ k’ap oprime moun, ki manke respè a diyite moun. Glwa Bondye se moun nan ki kanpe dyanm, se moun nan k’ap devlope nan toulède dimansyon an: dimansyon imèn nan ak dimansyon espirityèl la. Pou sa tounen yon reyalite, nou dwe reflechi sou sans lavi nou daprè Pawòl Bondye a.
Nan levanjil la nou dekouvri pwoblèm Wa Ewòd genyen lè l’ aprann Jezi ap mache fè anpil mèvèy nan tout rakwen kote l’ pase. Renome sa a Jezi te genyen an fè Ewòd sonje Jan Batis li te fè touye a. Men li pa konnen pwisans Bondye ki kreye syèl la ak tè a. Li pa konprann se yon nouvo tan ki rive kote Bondye deside pou l’ montre kè sansib li pou li manite, pou l’ detwi tout pouvwa lanmò k’ap anglouti lèzòm.
Jan Batis se te yon pwofèt ki t’ap preche repantans e ki te envite moun yo batize nan rivyè Jouden an. Li t’ap di moun yo, tan an prèske rive, se pou yo konvèti. Anpil moun te konn vin jwenn li pou yo resevwa batèm pou padon peche yo. Ewòd te rive fè koupe tèt li paske l’ t’ap denonse move fason wa a te vle viv, kote l’ te pran madanm pwòp frè l’ mete lakay pa l’ malgre frè li a te vivan. Jan Batis te denonse move jès sa a ak tout kè l’ pou l’ montre yo Bondye pa pran plezi nan sa. Se poutèt li te santi li verite a te blese li ki fè Ewòd te bay lòd pou yo touye Jan Batis, pou l’ te fè pitit madan frè l’ la plezi. Menm lè Jan Batis mouri, travay la gen pou l’ kontinye pi rèd. Nou konnen se pwòp kò a ki ale men li ale pou l’ viv pou tout tan avèk Sila a ki te rele li pou li mete lòd nan sosyete a.
Se pou nou pa janm kraponnen nan pote Pawòl la tout kote n’ pase, nan pataje Bòn Nouvèl Wayòm Bondye a nan tout rakwen kote nou pase. Se pou n’ aprann mize lavi nou kòm kretyen sou bagay k’ap dire pou tout tan an. Pawòl Bondye a, se Lavi nèt ale a. Jan te bay lavi l’ nan sèvis anonse Wayòm Bondye a. Jan Batis te sila a ki t’ap anonse vini Jezikri a, li menm Bondye te voye a pou l’ pote delivrans pou tout moun, pou l’ kraze peche a epi pou l’ rekonsilye limanite. Se pou bon aksyon n’ yo fè pale de nou menm, paske yo se vrè temwanyaj prezans Jezi nan Legliz li a, kote deja nou se manm kò li ki byen vivan an.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri souple, ede n’ vin tounen vrè kretyen k’ap preche Bòn Nouvèl Wayòm nan avèk anpil konviksyon epi pou n’ gen asirans Jan Batis ansanm ak Jezi te genyen, pou n’ konnen se Lespri ou a k’ap kondi nou nan travay sa a.
PWOPOZISYON: Mwen envite nou fòme ekip misyonè pou n’ fè apostola, swa nan yon katye oubyen nan yon lopital, oubyen vizite moun ki malad nan zòn kote n’ap viv la pou n’ pataje bèl mesay levanjil la ki se sous lavi tou nèf la pou tout moun ki kwè yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario