Koulè Blan
VENSAN DE PÒL
KI SEN, Prèt
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Se sa k’ fèb sou tè a Bondye chwazi”.
NAN PREMYE
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 1, 26-31
Nou menm yo rele a, gade kondisyon nou: nan pwen anpil
ki gen sa moun yo rele sajès, nan pwen anpil ki gen pouvwa, pa gen anpil ki nan
gran ras.
Men sè sa k’ fou sou tè a Bondye chwazi, pou l’ fè moun
sajès yo wont; se sa k’ fèb sou tè a Bondye chwazi, pou l’ fè sa k’ fò yo wont;
se sa k’ san konsiderasyon ak sa yo meprize sou tè a Bondye chwazi, ak sa k’ pa
anyen, pou l’ detwi sa k’ kichòy yo, pou okenn chè pa fè grandizè devan fas li.
Se li menm ki fè nou kichòy nan Jezikri, Jezikri sa a
ki vin tounen pou nou sajès ki sòti nan Bondye ak jistis ak sa k’ap fè nou vin
sen an, ak delivrans; konsa, daprè sa k’ ekri a: “moun k’ap leve tèt li, se nan
Granmèt la pou l’ leve tèt li”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 111, 1-2. 3-4. 5-7a. 7b-8.9
R/ Ala kontantman pou moun ki krenn Granmèt la.
Ala
kontantman pou moun ki krenn Granmèt la, ki met plezi l’ nèt nan lòd li yo. Desandans
li ap gen pouvwa sou tè a, ras moun kòrèk yo ap beni.R.
Glwa ak
richès nan kay li, jistis li ap rete pou tout tan gen tan, Limyè l’ ap leve nan
fènwa, pou moun kòrèk yo, li sansib, li pran pitye, li kòrèk.R.
Ala
kontantman pou moun sa a ki pran pitye, ki prete, ki regle zafè l’ yo kòrèk,
paske se pou tout tan li p’ap souke.
Moun ki kòrèk
la, y’ap sonje l’ tout tan, li p’ap pè, lè l’ tande move nouvèl.R.
Kè l’ pare, li espere nan Granmèt la, kè l’ asire, li
pap pè, joustan li meprize ènmi l’ yo.R.
Li separe, li bay pòv yo; jistis li rete pou tout tan gen
tan, kòn li ap leve nan glwa a.R.
LEVANJIL:
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 35-38
Jezi t'ap mache nan tout lavil yo ak
tout ti bouk yo. Li t'ap montre moun yo anpil bagay nan sinagòg
yo. Li t'ap fè konnen Bòn Nouvèl peyi kote Bondye Wa a. Li t'ap geri tout
kalite maladi ak tout kalite enfimite. Lè Jezi wè tout bann moun sa yo, kè l'
fè l' mal pou yo paske li wè yo te bouke, yo te dekouraje, tankou yon bann
mouton san gadò. Lè sa a, li di disip li yo: Rekòt la anpil, men manke travayè
pou ranmase l'. Mande mèt jaden an pou li voye travayè nan jaden l' lan.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: N’ap sonje jodi a youn nan zanmi Bondye yo ki nan syèl la, sila a yo
rele Sen Vensan de Pòl, yon prèt ki te bay Bondye kè li e ki te mete tout li
menm, tout enèji li nan travay Granmèt la. Se yon moun ki te pran konsyans Bondye
te renmen li, li te kite Bondye gade li, li te koute ti pawòl Granmèt la tedi
li an sekrè. Se konsa li te kite lanmou
Bondye transfòme li pou li te kapab yon siy wayòm li an nan mond n’ap viv la. Se tout moun Bondye rele pou antre nan bèlte li a, men
li pa ba tout moun yon sèl misyon, li bay chak moun travay p[a yo. Si tout moun te
gen yon sèl misyon bagay la pa t’ap enteresan. Imajine yon sosyete kote tout moun ta gen menm pwofesyon! Pa ekzanp, yon
sosyete kote tout moun se agwonòm, oubyen tout moun se enjenyè oubyen tout moun
se mason, oubyen tout moun se ebenis…Vrèman sa pa t’ap enteresan. Se poutèt sa
Bondye bay plizyè kalite don, Lespri Sen bay plizyè kalite kado. Sa ka rive yon
moun resevwa plizyè talan men li pa devlope tout menm jan. Pa ekzanp yon moun
kapab medsen men li gen kapasite tou pou li travay latè, menm si li pa fè sa
trè byen. Apot Pòl ap di nou tout bagay nou resevwa yo, se yon gras, se yon
favè Bondye fè nou, paske lè Bondye bay yon moun kichòy, se pa merit moun nan
ki motive Bondye ba li li, men se fòs renmen Bondye a k’ap aji; se yon renmen
san patipri, yon renmen san ,mezi, yon renmen san kondisyon.
Apot la ap di nou sa ki foli pou mond lan, li kapab
sajès pou Bondye. E sa ki sajès mond lan, se kapab “foli” pou Bondye. Poukisa?
Ebyen, se paske Bondye pa wè bagay yo menm jan ak nou, epi li pa nan menm
kategori ak nou. Nou menm moun, nou gade e nou jije tout bagay daprè aparans,
men Bondye li menm li jije moun daprè dimansyon kè yo. Nou menm moun nan sitiye
nan tan ak nan yon espas, nou kapab di nou gen tèl laj (pa ekzanp 20 lane),
n’ap viv tèl kote (pa ekzanp Sen Domeng); okontrè, Bondye li menm, yon jou
ak 1000 lane se menm bagay pou li. Paske li se mèt tan al
espas la. Sa fè nou pa kapab di men Bondye isit la oubyen men li laba a! Kidon Bondye etènèl; se pou sa gen moun ki
rele li Letènèl, sa vle di sila ki te la, ki la e k’ap toujou la. Li ta bon si
nou ta kapab kore nou sou Bondye sa, paske, tankou sòm 111 la di: se kontantman
pou moun ki krenn Granmèt la. Levanjil la di nou kè Jezi fè l’ mal, paske li wè
moun yo dekouraje, yo dezole, yo tankou mouton san gadò. Kidonk Jezi revele li
kòm Bon Gadyen an, nou menm nou se mouton an.Puiske nou se mouton, ann fè nou
dosil nan men li, pou li kapab kondui nou nan bon patiraj la, kote dlo a koule
pi fre a. Nou sèten li p’ap abandone nou pou vòlè a (Satan) pa pase pran nou.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te plen prèt Vensan ki sen avèk fòs apot yo pou sove
pòv yo avèk fòmasyon prèt yo, tanpri, fè nou cho ak menm lespri sa a, pou nou
renmen sa l’ te renmen, pou nou reyalize sa l’ te anseye. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Si ou tande Bondye ap rele ou jodi
a pou travay nan rekòt li a, pa fèmen pòt kè ou, paske manke travayè. Ankouraje
tout jèn ou konnen ki vle fè pè oubyen mè, oubyen yon pwofesyon kèlkonk.
No hay comentarios:
Publicar un comentario