Koulè Blan
MICHÈL,
GABRIÈL AK RAFAYÈL KI SEN, Akanj
Fèt
PREMYE MOSO
LABIB
“Mil milyon t’ap
sèvi li”.
NAN LIV PWOFÈT DANYÈL 7, 9-10. 13-14
Mwen t’ap gade joustan yo poze twòn
yo; Ansyen nan nou yo chita. Rad li te blan tankou nèj, cheve tèt li te tankou
yon lenn byen pwòp, twòn li se te flanm dife, wou l’ yo se te dife ki limen.
Yon gran rivyè k’ap flanbe, k’ap kouri vit, t’ap sòti nan fas li, mil milyon t’ap
sèvi l’, di mil san milyon te kanpe kote l’. Jijman an deklare, liv yo louvri.
Mwen t’ap gade nan vizyon nannuit, se
tankou yon Pitit moun ki t’ap vini avèk nyaj syèl yo, li rive jous kot Ansyen
nan jou yo. Yo kondui l’ devan fas li; Ansyen nan jou yo ba l’ pouvwa ak konsiderasyon
ak peyi wa; epi tout pèp, ras ak lang ap sèvi l’; pouvwa l’ se pouvwa tout tan,
ki p’ap disparèt; peyi wa li, se peyi wa ki p’ap detwi.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 137, l-2a; 2b-3. 4-5
R/ Devan fas zanj yo m’ap chante pou ou, Granmèt.
M’ap fè lwanj
ou, Granmèt, ak tout kè m’, paske ou tande pawòl bouch mwen yo. Devan fas zanj
yo m’ap chante pou ou, m’ap adore nan Tanp ou a ki sen an.R.
M’ap fè lwanj
pou non ou poutèt mizerikòd ou ak verite ou, paske ou fè pwomès ou a depase tout
sa yo konnen sou ou. Nenpòt ki jou mwen rele ou ou reponn mwen; w’ap devlope
fòs nan nanm mwen. R.
Y’ap fè lwanj
ou, Granmèt, tout wa sou tè a, paske yo tande pwomès bouch ou.Y’ap chante wout
Granmèt yo, paske glwa Granmèt la gran.R.
ALÉLOUYA
R. Alélouya.
Fè konpliman pou Granmèt la, tout pouvoua-l yo, sèvitè-l yo, k-ap fè volonté-l
yo. R. Alélouya.
LEVANJIL
“N’ap wè zanj Bondye k’ap monte-desann anlè Pitit moun nan”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 1,
47-51
Lè sa a:
Jezi wè
Natanayèl k’ap vin kote l’, li di sou li: “Men yon Izrayelit tout bon vre, nan
li pa gen manti”.
Natanaèl di l’: “Kote ou konnen m’?”
Jezi reponn, li di l’: “Anvan
Filip te rele ou, lè ou te anba pye figye a, mwen te wè ou”.
Natanayèl reponn li, li di: “Rabi,
ou se Pitit Bondye a, ou se wa Izrayèl la”.
Jezi reponn, li di l’: “Paske mwen
di ou “mwen te wè ou anba pye figye a”, ou kwè; w’ap wè pi gran bagay pase sa
yo”.
Li di l’: “Amèn, amèn, mwen di
nou; n’ap wè syèl la ouvri, epi zanj Bondye yo k’ap monte-desann anlè Pitit
moun nan”.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Istwa a pa fèt sèlman ak bagay nou kapab wè oubyen touche.
Genyen yon dimansyon transandantal, envizib nan istwa a. Se sa selebrasyon fèt
Sen Akanj yo (Michèl, Gabriyèl, Rafayèl) ap montre nou jodi a. Se Revelasyon Pawòl Bondye a ki vin devwa nou
reyalite kache sa, ki se wòch fondasyon esperans nou. Se zanj yo ki raple nou
dimansyon sa, e yo menm ki pèmèt nou konprann li. Mond zanj yo, se dimansyon
transantal nan istwa nou. Nan Labib la, yo evite prezante nou
Bondye k’ap aji dirèkteman nan istwa; se ta yon menas sou transandans divin li.
Kidonk kote yon zanja ji, se Bondye menm ki aji.
Zanj Migèl, ki
gen non li ki vle di «kilès tankou Bondye», parèt nan yon gwo konba ak Satan
nan Apokalips la, kote Satan pèdi batay epi yo jete li atè. Nan sèn sa a, Migèl
reprezante tout mati yo ki te venk satan gras ak san Mouton an epi ak temwayaj
yo te rive bay. Gabriyèl ak Rafayèl, se de lòt figi ki reprezante Bondye k’ap
aji atravè istwa a. Gabriyèl siyifi «fòs Bondye a» e Rafayèl «Medikaman Bondye
a». Nan Levanjil Sen Jan, yo di nou syèl la ouvri, epi zanj Bondye yo ap monte-desann anlè
Pitit moun nan”. Se rèv Jakòb la ki parèt nan liv Jenèz (28,10-17). Kwè nan
zanj yo, se kwè nan prezans transandantal Bondye k’ap aji nan istwa a. Lè nou
wè yon moun libere, oubyen nou wè yon evènman ki pote liberasyon, gen prezans
yon zanj; sa vle di toujou gen yon reyalite divin transandantal. Nan ka kontrè,
se satan k’ap aji, li menm ki reprezante mistè fòs mal yo ak tout estrikti k’ap
oprime moun. Lit zanj yo ap mennen avèk denmon yo, se reprezantasyon senbolik
konba ant byen ak mal.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki regle sèvis zanj
yo ak moun yo nan yon lòd ekstrawòdinè, fè nou favè, tanpri, pou sa yo ki
toujou kanpe nan syèl la ap sèvi w’ la, yo pote nou sekou nan lavi nou sou tè a.
Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Tounen
yon zanj pou limanite, kite Bondye aji nan ou pou ou konbat tout fòs mal, tout
fòs fènwa, pou libere frè ak sè ou yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario