Koulè Vèt
VENNSIZYÈM
DIMANCH TAN ÒDINÈ ANE-C
PREMYE MOSO
LABIB
“Nou menm k’ap
lage kò nou nan pozisyon mòl, k’ap chante, y’a pral ekzile nou”.
NAN LIV PWOFÈT AMÒS 6, la. 4-71
Men pawòl Granmèt la ki gen tout
pouvwa a:
“Madichon pou nou, k’ap fè banbòch
nan Siyon, k’ap met konfyans nou nan mòn Samari a; nou menm k’ap dòmi sou
kabann ki fèt ak defans elefan, k’ap pran pozisyon mòl sou divan nou yo; k’ap manje mouton nan bann mouton yo, ak bèf nan
pak la, k’ap chante ak son bandyo: tankou David; yo konprann yo kapab envante enstriman
mizik, y’ap bwè diven nan boutèy yo, y’ap fwote kò yo ak pi bon kalite losyon,
yo pa pran pitye sou malè Jozèf la. Se pousa koulye a y’ap pati nan tèt kolòn ekzile
yo, bann moun k’ap pran plezi yo ap disparèt”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 145, 7. 8-9a. 9bc-10
R/ Fè lwanj Granmèt la, nanm mwen.
Li menm ki kenbe verite a pou tout
tan, ki fè jijman pou moun y’ap maltrete yo, ki bay sa k’ grangou yo manje. Granmèt
la defèt chenn yo.R.
Granmèt la klere avèk yo, Granmèt
la leve sa k’ tonbe yo, Granmèt la renmen moun ki kòrèk yo, Granmèt la
pwoteje etranje yo.R.
Òfelen an ak
vèv la, li soutni yo, men wout pechè a, li gaye l’. Granmèt la ap wa pou tout
tan, Bondye w’ la, Siyon, pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Kenbe kòmandman an jous Granmèt la vini”.
NAN PREMYE
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 6, 11-16
Moun Bondye yo, chèche jistis, devwa
relijyon an, lafwa, charite, pasyans, dousè. Batay bon batay lafwa a, kenbe
lavi tout tan an, kote yo rele w’ la, sa ou te fè bèl deklarasyon lafwa pou li a
devan anpil temwen an.
Mwen pase w’ lòd devan Bondye k’ap
fè tout bagay gen lavi, epi devan Jezikri ki te bay temwayaj devan Pons Pilat
la nan bèl deklarasyon an, pou ou kenbe kòmandman an san tach, san repwòch,
jous Granmèt nou Jezikri rive; Sila a ki sen an ap fè l’ parèt nan tan l’ la,
sila a ki gen pouvwa li menm sèl la, Wa wa yo, ak Granmèt chèf yo, li menm sèl
ki gen lavi tout tan an, ki abite yon limyè kote yo pa kapab pwoche a, li menm
pèsonn nan moun yo pa t’ wè a, ni yo pa kapab wè l’, konsiderasyon ak otorite
tout tan pou li. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Ou te resevwa byen, Laza menm te resevwa malè; koulye a li jwenn konsolasyon
isit la, ou menm menm, w’ap soufri”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 16, 19-31
Lè sa a: Jezi di farizyen yo:
“Te gen yon mesye ki te rich, li te
konn abiye avèk vlou, ak swa, 1i te konn ap fè banbòch chak jou ak gran fèt. Te
gen yon pòv k’ap mande lacharite, yo te rele l’ Laza; li te konn kouche nan
papòt li, kò l’ plen ak blès, li te konn anvi plen vant li ak ti kal manje ki te
konn tonbe sot sou tab rich la, men pèsòn pa t’ konn ba li; okontrè se chyen yo
ki te konn vin niche kote l’ te malad yo. Rive pòv la ki te konn mande lacharite
a vin mouri, mesaje yo pote l’ nan zantray Abraam; rich la vin mouri tou, yo
antere l’ nan lanfè.
Li leve je l’, pandan li te nan gwo
soufrans, li wè Abraam byen lwen, avèk Laza nan vant li; li rele byen fò, li
di: “Papa Abraam, pitye pou mwen, voye Laza pou l’ tranpe ti pwent dwèt li nan
dlo, pou l’ rafrechi lang mwen, paske m’ap soufri anpil nan flanm sa a”.
Abraam di l’: “Pitit, sonje, ou te resevwa
byen yo nan lavi ou, Laza menm te resevwa malè yo; koulye a atò li jwenn
konsolasyon isit la, ou menm menm w’ap soufri anpil. Avèk tout sa, ant ou menm epi
nou menm, gen yon gran vid ki enstale, ki fè, moun ki vle travèse sot isit la
al kote ou, yo pa kapab, ni yo pa kapab travèse sot laba a vin isit la”.
Li di: “Mwen lapriyè ou, papa, voye l’
lakay papa m’ (mwen gen senk frè), pou l’ deklare yo pou yo pa vin nan kote
soufrans sa a”.
Abraam di l’: “Yo gen Moyiz ak pwofèt
yo: se pou yo koute yo”. Li di: “Non, papa Abraam; men si youn nan mò yo ta al
kote yo, yo ta fè penitans”.
Li di l’: “Si yo pa koute Moyiz ak pwofèt
yo, menm si youn nan mò yo leve, yo p’ap kwè”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Pawòl
Bondye a pa sispann envite nou travay pou nou kapab rive nan kondisyon pou n’
rive jwi bèlte a bò kote Bondye lavi a, Bondye rezireksyon an. Se sa Sen Pòl vle
fè kretyen yo sonje nan Lèt li voye bay Timote a. Kretyen an pa dwe mete sou
kote sa ki korèk la, devwa relijyon an oblije nou chache viv nan charite,
pasyans, dousè daprè lafwa n’ nan Sila a ki se Sous tout benediksyon: Jezikri.
Jan li te di nan lòt pasaj, fòk nou vin tounen vrè imitatè Jezikri, Mèt nou an.
Se li k’ap fè nou viv gras a kado l’ te fè nou an: kado Lespri Sen an, Lespri
laverite a, Lespri lavi a, Lespri k’ap klere nou pou n’ sòti anba tout kalite
tenèb nou kapab rankontre nan sosyete n’ap viv la. Se Lespri Bondye a k’ap ede
n’ disène sa Bondye pa pran plezi nan yo epi k’ap ede n’ aji tankou moun Bondye
k’ap temwaye de sa nou viv ak Kris la, de sa li kite nan men nou pou n’
transmèt bay lòt yo. Pou sa, Pòl ap ankouraje nou pou nou rete nan kominyon
tout tan ak Bondye, nan lapriyè.
Nan levanjil la nou wè kote Jezi bay yon parabòl pou l’ montre n’ nesesite
pou nou travay, pou rive nan bèlte syèl la. Bondye kite chak moun lib pou
deside kòman yo vle viv, menm lè an premye li mande n’ pou n’ fè sa ki byen an,
sa k’ap ede lòt la devlope. Chak moun ta dwe
aji daprè sa konsyans li mande l’. Men chak grenn moun ta sipoze gen yon
konsyans ki dwat, pou konprann vrè sans ekzistans li, pou li kapab aji nan
sosyete a yon fason pou l’ fè l’ avanse nan direksyon Bondye vle pou limanite
a, nan direksyon ki bon pou tout moun. Pawòl Bondye ap ede n’ genyen yon
konsyans ki vrèman dwat, yon konsyans ki libere anba tout fòm esklavaj peche a.
Nonm rich nan levanjil la t’ap viv san konsyans dwat sa a. Se sa k’ fè li
te mal kalkile sitiyasyon lavi l’ lè manzè lanmò frape l’. Akoz li pa t’
pratike lajistis anvè pòv Laza ki te tout tan devan papòt li nan nesesite, nonm
rich sa a pa t’ konnen se yon devwa sakre pou l’ mete richès li yo nan sèvis pòv
yo, moun ki nan malsite yo. Kidonk wè li jwenn kondanasyon ke pwòp kondwit li
te fabrike a. Sa l’ te plante a, se sa li rekòlte.
Granmèt la vle pou n’ rete vigilan nan fason n’ap viv kòm moun. Li vle pou
n’ konprann vrè sans lavi nou. Se sa Jezi menm te vin montre n’ lè l’ pase sou
tè a ap mache fè byen, pote lavi kote lanmò vle blayi, pote lesperans kote k’
gen dezespwa, pote lapè kote k’ gen lagè. Mesaj li kite pou limanite a vrèman fondamantal
pou transfigire mond nou an.
LAPRIYÈ: Granmèt, ede n’
louvri je nou byen gran pou n’ pa janm kite bèl mesaj ou te kite sou kote,
dekwa pou tout lavi n’ tounen yon ofrann ki fè w’ plezi epi pou n’ mete n’ nèt
ale nan sèvis lòt yo.
PWOPOZISYON: Chache dekouvri nan
kominote n’ap viv la yon moun oubyen yon gwoup moun k’ap viv nan sitiyasyon
endiy epi angaje pwòp tèt ou pèsonèlman oubyen an gwoup nan yon aksyon pou w’
amelyore oubyen chanje kondisyon lavi moun sa a oubyen gwoup sa a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario