Páginas

LENDI 30

Koulè Blan
JEWÒM KI SEN, Prèt e savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Tout sa k’ ekri a, antan se Bondye ki pouse yo ekri l’, li sèvi pou bay ansèyman”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 3, 14-17
Ou menm mwen renmen anpil la:
Rete nan sa ou te aprann yo ak sa ou te kwè yo, paske ou konnen nan men ki moun ou te aprann yo, epi paske se depi ou piti ou konn sa k’ ekri a ki sakre a, ki kapab pare ou pou sove a, gras a lafwa ki nan Jezikri a.
Tout sa k’ ekri a, antan se Lespri Bondye ki pouse yo ekri l’, li sèvi pou bay ansèyman, pou montre verite a, pou korije, pou fè moun antre pi fon nan jistis la, pou moun Bondye a kapab vin bon nèt, antan li pare pou tout kalite bon travay.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.          
SÒM REPONS 118, 9. 10. 12. 13. 14
R/ Aprann mwen volonte ou yo, Granmèt.
Kòman yon jenòm kapab kenbe chemen l’ pwòp ? Se antan l’ kenbe pawòl ou yo.R.
Ak tout kè m’ mwen te chèche ou, pa fè m’ pèdi wout sot nan kòmandman ou yo.R.
Nan kè m’ mwen kache pwomès ou yo, pou m’ pa fè peche kont ou.   R.
Konpliman pou ou, Granmèt ; aprann mwen volonte ou yo.R.
Ak po bouch mwen mwen konte tout desizyon bouch ou yo.R.
Nan chemen temwayaj ou yo mwen jwenn plezi m’ tankou nan tout kalite richès.R.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 13, 47-52
Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon privye yo voye nan lanmè.Li pran tout kalite pwason. Lè li fin plen, pechè pwason yo rale l' sou bò rivaj la. Yo chita, yo triye pwason yo: yo mete bon pwason yo nan panyen, yo jete sa ki pa bon yo nan lanmè ankò. Se konsa sa pral rive tou lè tout bagay va fini. Zanj Bondye yo va vini, y'ap mete mechan yo yon bò, moun ki fè sa ki byen yo yon bò.
Y’a jete mechan yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo. Jezi mande disip li yo: Èske nou konprann tout sa? Yo reponn: Wi. Lè sa a, Jezi di yo: Se konsa, tout dirèktè lalwa ki tounen yon disip nan Peyi Wa ki nan syèl la ap tankou yon mèt kay k'ap rale met deyò bagay li fenk achte ak bagay li gen depi lontan nan byen l' yo.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye a pa janm vyeyi; malgre se yon pawòl ki ekri depi plizyè mil lane, li toujou rete aktyèl, li toujou genyen menm enpòtans la, men valè a. Pawòl Bondye a ede nou nan plizyè fason, se yon lanp k’ap klere chemen nou pou nou pa tonbe. Se yon gid ki ba nou anpil asirans. Tankou nou wè sa nan Dezyèm Lèt Apot Pòl ekri Timote a, pawòl la sèvi pou bay ansèyman, pou montre verite a, pou korije, pou fè moun antre pi fon nan jistis la, pou moun Bondye a kapab vin bon nèt, antan li pare pou tout kalite bon travay. Pawòl la pa gen manti ladan li ; se pou sa Sen Pòl t’ap ankouraje Timote pou li rete fidèl ak lansèyman Pawòl epi pou li kenbe lafwa li.
Jodi a, pawòl Bondye a kontinye gaye toupatou, gen anpil moun ki mete lavi yo nan sèvis Pawòl la, e se Bondye ki rele yo pou yo tounen minis pawòl, paske pawòl la dwe rive nan tout kwen, li dwe sonnen nan tout zòrèy, li dwe blese anpil kè, move san yo koule, lè sa se liberasyon an ki kòmanse, se pòt delivrans la ki louvri. Lè Pawòl Bondye a blese yon moun, se pa pou li sikatrize moun nan, pou li kite mak sou li, men se pou li kapab desikatrize li, pou efase tout vye mak santiman moun sa te pote nan kè li, pou li kapab tounen yon moun tou nèf, yon moun nouvo.
Jodi a, mwen menm ki gen chans koute pawòl sa, kisa m’ap fè pou li kapab opere mwen, pou li kapab desikatrize mwen ? Anpil fwa mwen konn endiferan a pawòl, mwen pa ba li enpòtans ni mwen pa bay predikatè yo enpòtans. Mwen vle pran yon desizyon pou mwen konfòme lavi mwen ak Pawòl la, pou mwen kapab viv pou plezi Granmèt la. Anpil fwa, mwen bliye si se peleren mwen ye, mwen tèlamn santi mwen alèz sou tè sa, mwen gen tout sa mwen bezwen e mwen pa bay Bondye regle anyen pou mwen. Menm ti pòv la k’ap viv bò kote mwen an, mwen pa konnen li ekziste, kè mwen di anpil, paske mwen te travay di pou mwen genyen tout byen mwen yo ; ki kote mwen prale ak yo lè mwen mouri ? Èske y’ap mete mwen nan sèkèy la ansanm ak yo ? Menm si yo ta fè sa, kisa sa ap itil mwen ?
Jodi a, si mwen sou tè a, se paske Bondye ban mwen yon chans toujou, kantite moun mwen te konnen ki te gen gwo pwojè, yo mouri e yo pa ale ak anyen. Yo menm gen tan bliye yo. Pase pou mwen ap kritike moun, pou mwen ap fè moun abi ak mechanste, mwen pral pataje sa mwen genyen, pou mwen kapab gen gwo trezò Bondye ap bay nan dènye jou a. Tan plezi a, tan banbòch la fini, kounye a, se lè pou mwen fè yon bagay serye ak lavi mwen, paske Bondye pa t’ voye mwen sou tè pou mwen fè betiz. Men se yon misyon li te voye mwen vin ranpli, menm jan ak Jewòm ki sen.
LAPRIYÈ : Bondye, ou menm ki te mete nan kè Jewòm ki sen, ki prèt, yon panchan plen dousè ak chalè pou sa k’ ekri yo ki sen an, tanpri, fè pèp ou a nouri kè l’ pi plis avèk pawòl ou a, fè 1’ jwenn sous lavi a nan li. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Pwofite ti tan pelerinaj ou sou tè a pou ou prepare ou pou dènye jou a pa siprann ou. Ede lòt moun prepare yo tou.

No hay comentarios:

Publicar un comentario