Koulè Blan
TERÈZ
DE LANFAN JEZI KI SEN, Vyèj e savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE
MOSO LABIB
“Men
m’ap vide yon rivyè lapè sou li”.
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 66, 10-14c
Fè kè nou kontan ansanm ak Jerizalèm, danse nan li,
nou tout ki renmen l’ ; fè kè nou kontan avèk li anpil, nou tout ki t’ap
kriye sou li. Se pou nou souse, pou nou plen ak richès konsolasyon l’, pou nou
tire lèt, pou nou pran nan tout kalite glwa li avèk kè kontan.
Sèke men sa Granmèt la di : “Men m’ap vide tankou yon gran larivyè lapè sou li, m’ap
vide glwa nasyon yo tankou yon ravin dlo k’ap anvayi l’ ; glwa sa yo, n’ap
souse yo ; y’ap pote nou pou nou tete, y’ap karese nou sou jenou. Tankou
yon manman k’ap karese pitit li, se konsa m’ap konsole nou, epi nan Jerizalèm n’ap
konsole”.
N’ap wè, kè nou ap kontan, zo nou ap boujonnen
tankou ti plant, sèvitè Granmèt yo ap rekonèt men l’.
Pawòl
Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
130, 1.2.3.
R/ Konsève nanm mwen nan lapè
kote ou, Granmèt.
Granmèt, kè m’ pa gonfle, je m’ pa leve; mwen pa mache nan gran aksyon, ni
nan mèvèy ki depase m’.R.
Se tou kalm, se tou trankil mwen mete nanm mwen ;
tankou yon ti bebe sou bra manman l’, tankou yon ti bebe, se konsa nanm mwen ye
anndan mwen.R.
Se pou Izrayèl espere sou Granmèt la, depi koulye a
epi jous pou tout tan.R.
“Si nou pa vin tankou ti moun piti, nou p’ap antre nan peyi
wa syèl la’’.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 18, 1-4
Lè sa a, disip yo pwoche kot Jezi, yo di: “Kilès, ou kwè, ki pi gran
nan peyi wa syèl la?”
Jezi rele yon ti moun piti, li mete l’ kanpe nan
mitan yo, li di: “Amèn, mwen di nou: si nou
pa konvèti pou nou vin tankou ti moun piti yo, nou p’ap antre nan peyi wa syèl
la’’.
Konsa tout moun k’ap rantre nan ti kondisyon moun
li a tankou ti moun piti sa a, se li menm ki pi gran nan peyi wa syèl la”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Si
nou pa vin tankou timoun piti, nou p’ap antre nan wayòm syèl la. Jodi a Legliz
ap fè memwa Terèz Maten, sila yo rele Terèz de Lanfan Jezi, ki sen epi ki vyèj.
Anpil fwa yo anplwaye tèm: Ti Terèz de lanfan Jezi; an fransè yo di :“Petite
Thérèse de l´enfant Jésus”. Terèz n’ap sonje jodi a, se te yon mè Kamelit ki te
viv yon vyep ti tan lavi relijyez nan yon monastè. Sante Terèz pa t’ pèmèt li
bay anpil; epoutan li te bay tout sal te genyen pou sèvi lòt yo. Kòm yon mè
kontanplativ, li te konn pase anpil tan ak Jezi nan Sen Sakreman, nan fè adorasyon chak jou.
Sa se vrèman yon mistè; yon mè kontanplativ, Legliz deklare l’ patròn
misyonè yo. Legliz
pa twonpe fasil paske se fòs Lespri Sen an k’ap dirije. Terèz te pase anpil tan
ap soufri, li pa t’ kapab ni mache ni travay; poutan chak jou diran plis pase
yon ane li te monte ak desann macheskalye kouvan an pandan l’ t’ap trennen sou
dèyè l’ depi nan maten rive jis nan aswè. Lè l’ fin desan mach la, anvan l’ monte
l’ li te konn di: Granmèt, se pa paske m’ kapab, men mwen fè l’ pou misyonè ki
pi lwen yo, sitou pou sa k’ap viv yon vi difisil nan misyon kote yo ye a.
Gen
yon gwo relasyon ant memwa jodi a ak levanjil la; Terèz de lanfan Jezi te
chwazi fè yon konfyans total a Granmèt la epi tounen pi piti chak jou pandan l’
te abandone l’ nan men Granmèt la. Terèz te viv yon bèl vi depi nan bagay ki pi
piti rive jis nan gwo, antan li te montre ke Se Bondye li mete pi wo pase tout
bagay. Nan yon liv kote Terèz eksplike lavi l’, (tit la se: Histoire
d’une âme), ki tradui nan plis pase 60 lang, li envite nou konprann ke
nenpòt ti chemen ki trase a pati de levanjil la, se yon wout ki ka mennen
nenpòt moun nan sentete.Levanjil jodi a di nou si nou pa vin tankou yon timoun
piti nou p’ap antre nan wayòm Bondye a. Annou wè ansanm kèk karakteristik yon
timoun piti. Li gen konfyans nan manman l’ ak papa l’, li obeyi paran l’ epil
respekte yo, li pale verite, li toujou swaf lanmou paran l’, li fè volonte
paran l’, gen anpil lòt karakteristik toujou men an nou rete sou sa yo,
konprann ke nou se yon timoun epi paran nou se Bondye, Jezi ak mari. Nou met
konfyans nou nan yo, nou respekte yo, nou fè sa Bondye mande nou fè, nou abandone nou nan lanmou yo; mwen asire w’ si
ou menm ak mwen menm gen atitid sa, nou deja eritye wayòm syèl la.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki prepare peyi wa w’ la pou pòv yo ak
piti yo, fè nou suiv tras Terèz ki sen avèk konfyans, pou, gras a priyè l’, ou
devwale glwa tout tan ou nan nan nou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:
Mande Bondye gras pou w’ ka obeyi pawòl li a epi fè volonte l’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario