Koulè Blan
ANJ
GADYEN YO KI SEN
(Memwa)
PREMYE
MOSO LABIB
“Anj mwen an ap mache devan ou”.
NAN LIV EKZÒD 23, 20-23a
Men pawòl Granmèt la :
“Men m’ap voye anj mwen an, k’p mache devan ou, l’ap
pwoteje ou sou wout la, l’ap fè ou antre nan kote m’ te pare a. Fè atansyon li,
koute vwa l’, pa konprann pou ou meprize l’, paske li p’ap padonnen ou si ou fè
peche, epi li gen non mwen nan li. Si ou koute vwa l’, epi ou fè tout sa m’ di,
m’ap ènmi ènmi ou yo, m’ap kontrarye moun k’ap kontrarye ou yo. Anj mwen an ap
mache devan ou”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
90, 1-2. 3-4. 5-6. 10-11
R/ Li pase zanj li yo lòd sou ou,
pou yo pwoteje ou nan tout wout ou yo.
Moun ki abite nan pwoteksyon Sa a ki anwo nèt la, li rete anba lonbraj Sa a ki gen tout pouvwa a.
Li di
Granmèt la: “Kachèt mwen ak fòs mwen, Bondye
mwen, mwen espere nan ou”.R.
Sèke li menm l’ap delivre ou sot nan pyèj chasè yo
ak nan pawòl mechan. Ak zèl li yo l’ap kouvri ou, anba plim zèl li w’ap kache.R.
Zam ak pwoteksyon, se verite l’ la ; ou p’ap
pè bagay k’ap fè moun pè nannuit, devan flèch k’ap vole lajounen, devan epidemi
k’ap mache nan fènwa, devan sa a k’ap fè ravaj gwo midi.R.
Malè a p’ap pwoche kote ou, chatiman p’ap pwoche
tant ou a. Paske l’ap pase zanj li yo lòd sou ou, pou yo pwoteje ou nan tout wout
ou yo.R.
LEVANJIL
“Zanj yo tout tan ap gade fas Papa m ki nan syèl la”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 18,
1-5. 10
Lè sa a disip yo pwoche kot Jezi, yo di:
“Kilès, ou kwè, ki pi gran nan peyi wa syèl la?”
Jezi rele yon ti moun piti, li mete l’ kanpe nan
mitan yo, li di: “Amèn mwen di nou: si nou pa konvèti pou nou vin tankou ti moun piti yo, nou
p’ap antre nan peyi wa syèl la. Konsa tout moun k’ap
rantre nan ti kondisyon moun li a tankou ti moun piti sa a, se li menm ki pi
gran nan peyi wa syèl la. Moun k’ap resevwa youn nan ti piti sa yo o non mwen,
se mwen menm l’ap resevwa.
Atansyon pou nou pa meprize youn nan ti piti sa yo;
mwen di nou reyèlman, zanj pa yo nan syèl la, se tout tan y’ap gade fas Papa m’
ki nan syèl la”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Bèf san ke, Bondye pouse
mouch pou li. Timoun ak moun ki pi piti, ki pi vilnerab yo, Bondye voye zanj li
yo pou yo mache ansanm avèk yo, pou yo pwoteje yo. Men si yon moun konnen se li
menm ki konnen, si yon moun ogèye, si l’ meprize sa k’ pi piti yo, si l’ konn
ap pete fyèl moun, moun sa a li menm, li gen lè panse li pa bezwen Bondye. Li konnen li fò, epoutan li fèb, paske li pa
aksepte kite yon lòt moun ede l’. Moun
sa a p’ap janm kontan, li p’ap janm alèz.
Se
nan sans sa Jezi di konsa, sa k’ pi piti, se li k’ pi gran. Paske se pi piti a
menm ki toujou konte sou Granmèt la, epi Granmèt la p’ap janm lage l’. Pwoblèm li mèt pa piti, men li pa janm bliye
si gras Letènèl la pi gwo pase tout pwoblèm.
Yo mèt ap plede pèsekite l’, kè l’ p’ap sote, paske li konnen li pa pou
kò li, li gen zanj Papa Bondye toupwisan an k’ap mache avè l’, k’ap pwoteje li.
Se
nan sans sa Jezi ap envite nou tounen timoun. Li mande nou chanje mantalite
nou, sispann fè jalouzi, sispann sèvi ak vyolans, sispann imilye moun. Li mande
nou louvri kè nou, mete tout lespwa nou nan Granmèt la, ki konnen tout bagay.
Si nou fè sa, n’ap jwenn kè poze.
Pou
n’ chanje kè nou, fò n’aprann nan men sa k’ pi piti pase nou yo. Se ti moun ki
poko konn anyen, ki ka fè n’ konprann anpil bagay. Se sa k’ pi malere yo ki ka fè n’ jwenn
richès levanjil la. Se moun sosyete a mete a kote, moun yo pi meprize yo, ki
kapab montre nou kijan Jezi akeyi nou.
Fò n’ al jwenn
moun sa yo, paske se yo menm ki ka aprann nou mete konfyans nou nan Granmèt
la. Se yo menm k’ap aprann nou kite zanj
Bondye a kondwi nou. Se lè n’ mache ansanm avèk yo, n’ap rive nan kè poze ak kè
kontan.
LAPRIYÈ: Bondye, depi davans, yon
jan ki depase mezi espri nou, ou te voye zanj ou yo ki sen yo pou pwoteje nou,
tanpri, nou menm k’ap priye ou, fè nou favè pou nou toujou jwenn defans nou nan
pwoteksyon yo, epi pou nou jwi ansanm avèk yo pou tout tan. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Ki
sa m’ krent, ki sa m’ pè, nan lavi mwen ?
Èske m’
mete konfyans mwen nan Bondye ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario