Koulè Vèt
PREMYE
LEKTI
“Esdras
louvri liv lalwa a, li fè konpliman pou Granmèt la, tout pèp la reponn: Amèn,
amèn”.
NAN LIV NEEMI 8, l-4a. 5-6. 7b-12
Jou sa yo:
Tout pèp la rasanble tankou yon sèl moun sou laplas la
ki devan pòtay dlo yo, pwofesè yo di Esdras pou l’ pote liv lalwa Moyiz la, sa
Granmèt la te kòmande bay Izrayèl la. Prèt Esdras pote Liv lalwa a vre devan
foul gason yo ak fi yo, ak tout moun ki te kapab konprann, nan premye jou mwa septanm
nan. Li li ladan l’, avèk yon vwa byen klè, sou laplas la ki te devan pòt dlo
yo, depi nan maten jouska midi, devan gason yo ak fi yo ak moun sajès yo; zòrèy
tout pèp la te drese nan direksyon liv la.
Esdras, skrib la, te kanpe sou yon estrad an bwa, yo te
fè pou l’ kapab pale. Esdras louvri liv la devan tout pèp la (li te depase wotè
tout pèp la nèt); kon l’ louvri l’, tout pèp la kanpe. Esdras fè konpliman pou
Granmèt Bondye ki gran an, tout pèp la reponn: “Amèn, Amèn”, antan y’ap leve men
yo. Yo plwaye kò yo, yo adore Bondye, plat atè. Levit yo fè pèp la fè silans
pou l’ koute lalwa a. Pèp la menm te kanpe nan plas li. Yo li nan liv Lalwa
Bondye a yon jan ki poze, yon jan ki klè pou moun kapab konprann; yo konprann
pandan y’ap li a.
Neemi (sa vle di Atèsata) avèk Esdras, prèt la ak
skrib la, ak mesye nan ras Levi yo, yo t’ap eksplike tout pèp la: “Se yon jou
ki sen pou Granmèt Bondye nou an: pa ret tris, pa kriye”. Sèke tout pèp la t’ap
kriye, lè l’ tande pawòl lalwa a.
Li di yo: “Ale, manje bon vyann, bwè bon diven, voye
pòsyon bay moun ki pa t’ pare manje; paske jou Granmèt sa a sen. Pa ret tris:
kè kontan Granmèt la se fòs nou”.
Levit yo menm t’ap fè tout pèp la fè silans, yo t’ap
di: “Pe bouch nou, paske jou sa a sen, pa pran lapenn”.
Konsa tout pèp la pati, pou l’ manje, pou l’ bwè, pou l’
met pòsyon apa, pou l’ fè kè l’ kontan, paske yo te konprann pawòl yo te anseye
yo a.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 18, 8. 9. 10.
11
R/
Jistis Granmèt la dwat, li fè kè yo kontan.
Lalwa Granmèt la san tach, li refè nanm, temwayaj
Granmèt la fidèl; li bay ti moun yo sajès.R.
Jistis Granmèt la dwat, li fè kè yo kontan, kòmandman
Granmèt la klè, li klere je yo.R.
Respè Granmèt la nèt, li dire pou tout tan gen tan,
jijman Granmèt la yo vre, yo kòrèk yo tout ansanm.R.
Yo pi chè pase lò, ak bijou ki gen anpil pri, yo pi
dous pase myèl, ak reyon myèl k’ap koule.R.
LEVANJIL
“Lapè nou an ap poze
sou li”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 10, 1-12
Lè sa a:
Granmèt la chwazi swasanndouz lòt; li voye yo de pa de
devan l’ nan tout vil ak bouk kote li te gen pou l’ ale.
Li t’ap di yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo se yon
ti kras yo ye. Lapriyè Granmèt rekòlt la, pou l’ voye ouvriye nan rekòlt li. Ale: men mwen voye nou tankou mouton
nan pami lou. Pa pote sak, ni bous, ni sapat, pa salye pèsònn nan chemen.
Nan nenpòt kay nou antre, kòmanse di: “Lapè pou kay sa
a”; si gen yon pitit lapè la, lapè nou an ap poze sou li; otreman, l’ap tounen
vin jwenn nou. Rete nan menm kay sa a, manje, bwè sa yo genyen; paske ouvriye a
merite salè li.
Pa travèse sot nan kay al nan kay. Nan nenpòt ki vil
nou antre, epi yo resevwa nou, manje sa yo pote ba nou, geri malad yo ki nan
vil la, di yo: “Rèy Bondye a tou pre nou”.
Men nan nenpòt ki vil tou nou antre, epi yo pa resevwa
nou, sòti sou laplas li yo, epi di: “Menm pousyè, ki te kole sou nou nan vil
nou an, nou kite l’ pou nou; sèlman aprann sa, rèy Bondye a tou pre”. Mwen di
nou Sodòm ap jwenn plis padon jou sa a pase vil sa a”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Pawòl
Bondye pou jodi a, se yon pawòl ki bay lespwa, ki envite nou fè kè nou kontan
etan n’ap akeyi pawòl la nan lavi nou. Se yon pawòl ki eksplike nou reyalite
misyon yon kretyen.
Nan tan lontan, sa vle di
avan Jezikri te vini sou tè a, moun yo t’ap fonksyone, yo t’ap viv selon jan
lalwa Moyiz la te mande sa. Yo te respèkte lalwa a anpil, atèl pwen nenpòt
vigil yon moun pa t’ aplike nan lalwa a, li te bon pou mouri. Ki fè, pèp
Izrayèl la, lè yo te fin tande Esdras ki t’ap li lalwa a pou yo, yo te vin tris
poutèt sa te parèt lou pou yo anpil. Jodi a ankò gen anpil lwa imèn k’ap peze
lou sou do nou, ki pa mache ak sa Bondye vle pou pitit li. Lwa sa yo ta sanble
gen plis enpòtans pase kòmandman Bondye yo: lwa pou fè lagè sou pretèks n’ap
chèche lapè, lwa pou peze pi piti sou pretèks n’ap ede; gen anpil lòt lwa ankò ki
an kontradiksyon ak volonte Bondye. Men Jezi se sila ki vin pran sou do l’ tout sa
ki twò lou pou nou. Li pran sou do l’ peche nou yo pou l’ mete lapè ak kè poze.
Li vin pote Bondye li menm menm nan mitan nou etan l’ap pale nou de Wayòm
Bondye a ki deja rive. Se menm misyon sa li te konfye swasanndouz disip
yo. Alò se sèl Lik ki pale nou de misyon swasanndouz yo. Matye pale de misyon
douz yo, men Lik te deja pale sou sa nan chapit 9 la.
Tankou Jezi di nou sa e
tankou nou kapab santi sa jounen jodi a, misyon an anpil men manke moun ki pou
fè l’, manke gen moun ki aksèpte reponn a angajman batèm yo. Misyon an pa
konsène responsab Legliz la sèlman tankou pap la, evèk yo, pè yo, dyak yo
oubyen layik angaje yo, frè yo, mè yo… men li konsène tout moun, tout batize.
Se nou tout ki pou mete men nan pat la, yon sèl dwèt pa manje kalalou. Men an
reyalite se pa nou menm k’ap angaje moun nan travay sa, se Bondye li menm menm
k’ap fè sa pa lentèmedyè Legliz la. Se sa ki fè Jezi di nou se pou nou lapriyè
Bondye pou l’ voye ouvriye nan travay la. Se pa yon misyon ki fasil. Li mande
anpil depasman ak lafwa nan Jezikri. Ale anonse Wayòm Bondye a nan tout vil,
nan tout rankwen, se sa Jezi mande nou. Li mande n’ pa pran anyen kòm defans kòmkwa
se li menm ki defans nou. Se pa yon misyon ki dwe fèt nan vyolans menm lè gen
lou ki pral bare nou sou wout la. Lou sa yo se moun ki pa vle koute pawòl
Bondye a, verite a ; moun k’ap fè tout kalite vye zak malonèt nan Legliz
la, nan sosyete a ; moun ki opoze a lapè, a wayòm Bondye a.
Se pa nan pawòl ase pou
nou anonse wayòm Bondye a, men nan aksyon n’ap poze yo, nan konpòtman nou. Jezi
di nou, tout kote nou rantre, rete la bay pawòl la, di kè poze pou yo, si yo
aksèpte l’ l’ap rete pou yo ; men si yo pa aksèpte l’ l’ap tounen vin
jwenn nou. Jounen jodi a nou pèdi sans « kè poze a », ki vle di
bonjou oubyen yon salitasyon. Moun pa vle di lòt bonjou ankò oubyen lè yon lòt
di l’ bonjou li pa anvi reponn. Poutan lè w’ di bonjou se yon benediksyon ou
mande Bondye pou moun ou salye a ; si l’ pa resevwa l’ l’ap tounen vin
jwenn ou. Answit tout kretyen dwe konnen se kominote kote misyonè a rive a ki
pou pran swen l’, ba l’ tout atansyon ak sa l’ bezwen. Nou pèdi sans bagay sa
yo jounen jodi a, nou pito kouri dèyè misyonè yo, nou pa resevwa yo.
Piga nou pèdi tan paske
gen ijans pou nou anonse wayòm Bondye a pou tout moun ka vin viv tankou pitit
Bondye tout bon vre. Si nou pran konsyans de sa, n’a angaje nou pi fon ak tout
kè nou nan misyon Jezikri konfye Legliz la. Konsa va gen kè kontan, lapè ak tèt
ansanm nan mond la, n’a santi deja n’ap viv nan wayòm Bondye pwomèt nou an,
paske li pa janm bliye pwomès li.
LAPRIYÈ : Granmèt, ou menm ki mèt misyon an, tanpri
fè gen plis moun ki angaje yo ladan l’ak tout kè yo pou yo anonse rèy Bondye a ;
konsa tout kwen tè a va rive konnen ou se Bondye ki vle lavi, lapè, renmen ak
jistis sou tout tè a pou tout moun.
PWOPOZISYON : Nou tout ki batize ann angaje nou pi fon nan misyon Jezikri konfye nou
an pou n’ fè disip pou li tout tan
e tout kote nou pase.
No hay comentarios:
Publicar un comentario