Páginas

VANDREDI 4

Koulè Blan
FRANSWA D’ASIZ KI SEN
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Tè a kloure sou kwa a pou mwen, ni mwen menm tou pou tè a”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU GALAT YO 6, 14-18
Frè m’ yo :
Mwen pa gen dwa chèche lwanj mwen okenn kote, sof nan kwa Granmèt nou Jezikri a ; gras a li, tè a kloure sou kwa pou mwen, epi mwen menm tou pou tè a.
Reyèlman, nan Jezikri, ni sikonsizyon, ni pa sikonsizyon, sa pa vo anyen ; sa ki gen valè se kreyati tou nèf la. Tout moun ki suiv règ sa a, lapè sou yo ak mizerikòd, ni sou Izrayèl Bondye a tou.  Aprè sa, piga pèsòn trakase m’, paske mwen pote mak Granmèt Jezi nan kò m’.
Gras Granmèt nou Jezikri avèk espri nou, frè m’ yo. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.            
SÒM REPONS 15, l-2a e 5. 7-8. 11
R/ Se ou menm, Granmèt, ki pòsyon eritaj mwen.
Prezève m’, Bondye, paske mwen espere nan ou. Mwen di Granmèt la: “Se Granmèt mwen ou ye,  Granmèt, pòsyon eritaj mwen ak kalis mwen: se ou menm ki kenbe nan men ou sa m’ gen pou m’ viv.”R.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la ki ban m’entelijans ; menm nannuit ren m’ ban m’ leson. Mwen te mete Granmèt la devan fas mwen tout tan, paske li adwat mwen, mwen p’ap tranble.R.
W’ap fè m’ konnen wout lavi yo, ansanm ak kè kontan k’ap debòde lè fas ou parèt, plezi adwat ou jous pou tout tan.R.
LEVANJIL
“Ou kache bagay sa yo pou moun sajès yo, ou devwale yo bay ti moun piti yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 11, 25-30
Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di:
“Mwen fè konpliman pou ou, Papa, Granmèt syèl la ak tè a, paske ou kache bagay sa yo pou moun sajès yo ak moun entelijans yo, ou devwale yo bay ti moun piti yo. Wi, Papa, paske se konsa sa fè ou plezi.
Papa m’ renmèt mwen tout bagay; pèsòn pa konnen Pitit la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof Pitit la ak moun Pitit la vle devwale l’.
Vin jwenn mwen, nou tout k’ap fatige, k’ap redi anba gwo chaj, m’ap refè fòs nou.
Pran jouk mwen sou nou, pran leson nan men m’, paske mwen tou dou, mwen tou piti nan kè m’; n’ap jwenn repo pou nanm nou, paske jouk mwen fasil pou pote, chaj mwen lejè.”
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Levanjil jodi a vle atire atansyon nou sou yon mo kle, se sa nou kapab rele senplisite a. Poukisa jounen jodi a li enpòtan pou nou pale de senplisite epi kijan pou nou fè nou piti devan lòt yo? Se yon zafè ki senp. Se paske nan tan n’ap vin kounye a, anpil moun pa gen kapasite pou yo rabese yo. Yo dwe santi yo toujou pi wo pase lòt la, se yo menm ki pou ap dirije, yo pa aksepte pran konsèy nan men lòt moun; kidonk se lògèy k’ap domine. Nan Levanjil la Jezi vle ba nou yon lòt ekzanp. Li montre nou se pa fè gwo etid ki pi enpòtan nan fason pou nou konprann trezò Bondye yo. Sa ki konte se sajès, senplisite epi renmen. Pa gen moun k’ap rive konnen Papa a si li pa adopte fason sa yo pou li viv. Depi nan nesans li, nou wè kijan Granmèt la te fè li tou piti pou li kapab vin viv pami nou, pou li te kapab pataje doulè ak soufrans nou kòm moun. Men jounen jodi a anpil moun inyore ekzanp sa Jezi te ba nou an, yo gen difikilte pou yo rabese yo, yo toujou panse yo plis pase lòt yo. Sen Legliz la envite nou fè memwa li jounen jodi a montre ke li posib pou nou viv nan senplisite pandan n’ap ede sa ki pi fèb yo.
Kiyès Sen Franswa te ye? Ki ekzanp li kite pou nou? Franswa se te yon relijye italyen, dyak epi se li menm ki te fonde kominote Fransisken an. Franswa te toujou viv nan lapriyè, kè kontan; li te toujou tou senp, li te renmen evanjelize lòt moun epi li te renmen respekte tou tout sa Bondye kreye. Franswa te sòti nan yon fanmi ki te trè rich epi li te toujou gen nan lide li pou li kapab genyen pi gwo grad chak jou pi plis. Se konsa pandan maladi li, Bondye pwofite sèvi ak li pou kapab montre lèzòm, depi gen volonte konvèsyon an se yon bagay ki posib. Se konsa Granmèt la te pale ak Franswa, li mande li kite tout sa li genyen pou li kapab ede li nan travay Wayòm nan. Ti jèn nan te gen anpil difikilte nan fanmi li nan kòmansman, paske papa li pa t’ rive konprann aksyon pitit la t’ap komèt.  Gras Bondye te pèmèt li pote laviktwa sou tout fòs ki t’ap anpeche li. Franswa te twouve li enpòtan pou li viv yon stil vi ki senp pandan li t’ap mache preche moun pou yo konvèti epi se nan mande lakay moun li te rive jwenn tout sa ki nesesè pou li kapab viv. Vwala li te rich, epi li vin tounen yon mandyan.
Franswa te rete yon modèl pou anpil moun nan fason li te viv senplisite li, li montre anpil moun ke li posib pou nou kapab detache nou ak byen materyèl yo e nou kapab gouvène e fè anpil bagay san gonfle lestomak nou. Franswa te mouri jou ki te 3 oktòb 1226 epi Pap Gregwa IX te kanonize li nan lane 1228. Nou fete Sen Franswa jou ki 4 oktòb chak ane, jou sa se jounen mondyal bèt yo e yo konsidere li kòm patwon tout bèt yo. Nan lane 1979 Pap Jan Pòl II te nome li patwon moun ki okipe zafè ekoloji a. Jou ki te 13 mas 2013 la, kadinal Bergoglio te itilize non Franswa pou fè referans ak Franswa D’Asiz ki te zanmi pòv yo.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te fè Franswa ki sen favè pou l’ sanble avèk Jezikri antan l’ vin pòv, antan li viv daprè ti kondisyon moun li a, tanpri, fè nou monte nan tras-wout li a, pou nou suiv Pitit ou a, epi pou nou fè youn avèk ou gras a yon charite ki ba nou kè kontan. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Kisa mwen kapab bay Bondye pou fè li plezi? Nan ki fason mwen kapab fè solidarite ak pòv yo, sila yo ki pa gen dekwa pou yo viv?

No hay comentarios:

Publicar un comentario