Koulè Vèt
PREMYE
MOSO LABIB
“Sila
a ki te mete nou nan malè a, l’ap kondui nou nan kè kontan an ankò”.
NAN LIV PWOFÈT BARIK 4,5-12.27-29
Pran kouraj, pèp Bondye, Izrayèl yo sonje a: si yo
te vann nou nan nasyon yo, se pa pou nou te kapab detwi; men se paske nou te pwovoke
Bondye nan kòlè jous li fache, li renmèt nou bay lènmi yo; nou te eksite l’
nèt, li menm ki fè nou an, Bondye tout tan an, antan nou ofri sakrifis bay demon
yo antan nou pa ofri bay Bondye; nou bliye Bondye, li menm ki ba nou manje; nou
fè nouris nou, Jerizalèm, lapenn.
Li wè kòlè a k’ap vin sot nan Bondye pou l’ rive
sou nou, li di: “Koute, limit Siyon yo, Bondye fè yon gran dèy tonbe sou mwen;
sèke mwen wè pèp mwen an ki pati an ekzil, kòm prizonye, ni pitit gason m’ yo
ni pitit fi m’ yo, se Sila a ki ekziste tout tan an ki kondui yo; sèke mwen te
nouri yo avèk kè kontan, mwen blije kite yo pati avèk dlo nan je m’.
Pèsòn pa bezwen fè fèt sou do m’ paske mwen vèv, mwen
pou kont mwen; yo tout pati kite m’, poutèt peche pitit mwen yo, paske yo vire
do bay lalwa Bondye a.
Pran kouraj, pitit yo, rele kot Granmèt la; souvni
nou ap rete nan kè sila a ki te kondui nou an. Menm jan lespri nou te fè nou
vire do bay Bondye a, konsa dis fwa plis se pou nou tounen ankò pou nou chèche l’;
sèke sila a ki te fè malè a rive sou nou an, se li menm tou ankò k’ap fè kè
kontan tout tan an rive sou nou avèk delivrans nou an”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 68,
33-35. 36-37
R/ Granmèt la koute pòv yo.
Pòv yo ap wè, y’ap kontan; chèche Bondye, se pou kè
nou viv. Paske Granmèt la koute pòv yo, li pa meprize prizonye l’ yo. Syèl la
ak tè a ap fè lwanj li, lanmè a ak tout bèt ki ladan l’.R.
Paske Bondye ap sove Siyon, l’ap bati vil Jida yo;
y’ap abite la, y’ap posede l’. Ras sèvitè l’ yo ap eritye l’, moun ki renmen
non l’ yo, y’ap abite nan li. R.
LEVANJIL
“Fè kè nou
kontan paske non nou ekri nan syèl yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 10, 17 24
Lè sa a:
Swasanndouz yo tounen avèk kè kontan, y’ap di: “Granmèt,
menm demon yo, yo obeyi nou o non ou”.
Li di yo: “Mwen te wè Satan tankou zeklè ki t’ap tonbe
sot nan syèl la. Men mwen ba nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak skòpyon ak
sou tout pouvwa lènmi an, epi anyen p’ap fè nou sa k’ mal. Sèlman se pa pousa
pou nou fè kè nou kontan, poutèt lespri yo obeyi nou an; se pou nou fè kè nou
kontan pito paske non nou ekri nan syèl la”.
Lè sa a menm li tresayi nan Lespri Sen an, li di: “Mwen
fè konpliman pou ou, Papa, Granmèt syèl la ak tè a, paske ou te kache bagay sa
yo pou savan yo ak moun entelijan yo, epi ou te devwale yo bay sa ki pòv yo. Wi,
Papa, se konsa sa te fè ou plezi. Papa m’ renmèt mwen tout bagay. Pèsònn pa
konnen sa Pitit la ye, sof Papa a, epi sa Papa a ye, sof Pitit la ak moun Pitit
la vle devwale sa”.
Li vire kot disip li yo, li di: “Se chans pou je yo ki
wè sa n’ap wè yo; paske mwen di nou anpil pwofèt ak wa te vle wè sa n’ap wè yo,
men yo pa t’ wè l’, epi tande sa n’ap tande yo, men yo pa t’ tande li”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Bondye fidèl, li pa janm bliye pwomès li fè nou. Se nou menm ki pa
fidèl anvè Bondye. Anpil fwa, nou kite li, n’al chèche lòt dye ki pa ka fè
anyen pou nou oubyen ki ka fè yon ti bagay pou yon ti bout tan. Sa lakòz nou
tonbe nan peche, nou tonbe nan tout sa k’ pa bon. Nou rayi youn lòt, nou touye
youn lòt, nou fè manti sou lòt, nou chèche pouvwa nan move kondisyon, elatriye.
Lè sa tou, nou pa fè volonte Bondye, nou fè pito sa k’ nan lide nou ase paske
nou di pa gen Bondye oubyen nou di li mouri. Tout bagay sa yo fè nou rale
chatiman Bondye vin sou nou. Nou vin vilnerab paske nou pa gen Bondye nan lavi
nou. Lènmi an ki se peche a bouche je nou, li jete nou nan lanmò ; sa vle
di pa gen kè kontan, pa gen lavi, pa gen tèt ansanm, pa gen renmen. Peche a fè
kè nou di. Nou pa rèspèkte ni livè ni lete. Nou kite kòmandman Bondye yo pou
nou swiv pwòp lide pa nou, move lide nou yo ki p’ap janm mache ak sa Bondye di.
Men Bondye si tèlman
renmen nou, li si tèlman gen kè l’ sansib pou nou, malgre tout sa nou fè ki pa
bon, malgre nou vire do ba li, li toujou la ap tann nou pou l’ rekonsilye ak
nou, pou l’ delivre nou. Chatiman li sou nou pa janm pou kondane nou nèt pou
nou mouri, ni se pa pou l’ vanje sa nou fè l’ ki mal ; okontrè, pou nou
korije, pou nou vin kòrèk devan li, paske li korije moun li renmen an.Paske li
se yon Bon Papa.
Pwofèt Barouk ap di nou pran
kouraj, rele Bondye paske li kapab delivre nou malgre peche nou yo ;
chèche li tout tan, san rete paske moun ki chèche, l’ap jwenn. Chèche epi
twouve : se de bagay ki konpoze atitid sajès la.
Nan Levanjil jodi a, Jezi
ap di nou pa chèche kontantman nou nan sa nou fè, men chèche l’ pito nan Bondye
Granmèt la. Fè kè nou kontan pito paske nou gen espwa al viv ak Bondye pou tout
tan, paske non nou deja ekri nan syèl la, paske Bondye fè nou konnen li nan
Pitit li a, Jezikri. Men nou va konnen li tout bon vre, se lè nou fè nou tou
piti devan li, lè nou viv nan senplisite, lè nou pa kite lògèy plen kè nou
poutèt kalite plas nou okipe nan Legliz la oubyen nan sosyete a ; se lè
nou fè tout lavi nou, tout sa nou ye tounen yon zouti pou n’ sèvi Bondye nan
lòt yo, sa ki pi fèb yo, pi piti yo. Wi se chans pou moun ki rive jan sa a
devan Granmèt la, se chans pou moun ki wè pitit moun nan e ki fè l’ parèt aklè
nan lavi yo nan jan y’ap viv.
Ann sèvi Bondye ak tout
kè nou san nou pa sèvi lòt dye. Ann pa di Bondye « uit » pou « wi »,
paske li twò renmen nou pou n’ap viv nan manti ak li, pou n’ap sèvi li nan
ipokrizi.
LAPRIYÈ : Granmèt, ou menm ki renmen nou e ki vle
lavi pou nou, tanpri ede nou konprann pi plis chak jou sa ki nan volonte w’,
yon fason pou nou viv yon jan ki kòrèk nan sosyete a ak nan Legliz la etan nou
fè nou tou piti devan ou.
PWOPOZISYON : Jodi a ak pandan tout lavi nou,
ann chèche konprann sa Bondye vle di nou ak jan li vle pou nou sèvi li nan
Legliz la ak nan sosyete a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario