Koulè Vèt
VENNSETYÈM
DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE-C
PREMYE
MOSO LABIB
“Moun ki
kòrèk la ap viv nan lafwa l’’’.
NAN LIV PWOFÈT ABAKOUK 1,
2-3; 2, 2-4
Jouskilè, Granmèt, m’ap rele, pou ou pa koute? M’ap pouse rèl kote ou, antan m’ap
sibi move tretman, epi ou p’ap sove m’? Pouki sa ou fè m’ wè mechanste ak tray?
Pouki sa ou ret ap gade piyay ak enjistis devan m’? Pouki sa diskisyon ak
rayisans vin pi fò?
Granmèt la reponn mwen, li di: “Ekri vizyon an, eksplike l’ sou adwaz,
pou moun k’ap li l’ la kapab li byen; sèke vizyon an lwen toujou, men l’ap
parèt alafen, li p’ap twonpe; si l’ fè reta, tann li, paske l’ap vini sètènman,
li p’ap mize. Men, moun ki pa kwè a, nanm li p’ap dwat nan li; moun ki kòrèk la
se nan lafwa l’ l’ap viv”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 94, 1-2. 6-7. 8-9
R/
Pito jodi a nou tande vwa Granmèt la: “Pa fèmen
kè nou”.
Vini, an nou fete pou Granmèt la; an nou bat bravo pou Bondye delivrans
nou. An nou pwoche devan fas li avèk lwanj, avèk kantik an nou bat bravo pou
li.R.
Vini, an nou adore l’, an nou bese atè, an nou pliye jenou devan Granmèt
la ki fè nou, paske li menm li se Bondye nou,nou menm nou se pèp pak li, mouton
men l’.R.
Si jodi a nou te kapab tande vwa l’: “Pa fèmen kè nou,
tankou nan Meriba, daprè jou Masa nan savann nan, kote zansèt nou te eseye m’
nan: yo te eseye m’, malgre yo te wè aksyon m’ yo”.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Pa wont temwayaj
Granmèt nou an”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 1, 6-8. 13-14
Ou menm mwen renmen anpil la:
Mwen avèti ou pou favè Bondye a ki nan ou a depi m’ te met men sou tèt
ou a, ou fè l’ leve vivan. Bondye pa t’ ba nou yon lespri kè sote, men yon lespri
ki bay fòs, renmen ak pouvwa pou metrize kò nou. Konsa pa wont temwayaj Granmèt
nou an ni pa wont mwen ki prizonye l’; men travay pou Levanjil la daprè fòs
Bondye a.
Pawòl korèk ou te tande nan bouch mwen yo, suiv modèl yo ba ou a, nan
lafwa ak renmen ki nan Jezikri a. Kenbe bon depo a pa pouvwa Lespri Sen an ki
abite nan nou an.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Si nou te
gen lafwa”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 17, 5 10
Lè sa a:
Apot yo di Granmèt la: “Fè nou vin gen plis lafwa”.
Granmèt la menm di: “Si nou te gen lafwa tankou yon ti
grenn seneve, nou ta di pye bwa sa a: “Derasinen ou, al plante ou nan lanmè a”;
epi li ta obeyi nou.
Kilès nan nou, si l’ gen yon sèvitè k’ap travay tè a
oubyen k’ap gade mouton, lè sèvitè a tounen sot nan jaden, èske l’ap di l’: “Fè
vit, travèse, mete ou atab”; èske li p’ap di l’: “Pare dekwa pou m’ manje, pase
tabliye nan ren ou, sèvi m’, joustan mwen fin manje, mwen fin bwè; aprè sa, ou
menm w’a manje, w’a bwè?” Èske l’ap gen sèvitè sa a rekonesans, poutèt li fè sa
l’ kòmande a? Mwen pa kwè.
Se konsa nou menm tou, lè n’a fin fè tout sa yo kòmande
nou, se pou nou di: “Nou se sèvitè ki pa vo anyen: se sa nou te dwe fè a, se li
nou fè”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Vè lane 597, twoup militè Wa Nabikodonozò
yo te anvayi lavil Jerizalèm. Kalamite sa te pote te vin agrave, paske yo
eksplwate pèp la, yo te fè li anpil enjistis, yo te fè vyolans sou dirijan li
yo. Se nan mitan sitiyasyon ensipòtab sa pwofèt Abakouk te leve vwa li pou di:
“Jouskilè, Granmèt, m’ap rele, pou ou pa koute? M’ap pouse rèl kote ou, antan m’ap
sibi move tretman, epi ou p’ap sove m’? Pouki sa ou fè m’ wè mechanste ak
tray?...”Anpil moun
te konprann Bondye te endiferan, Bondye te fè silans.Sitiyasyon pèp jwif la t’ap viv nan tan sila a, li pa
nètman diferan ak sa limanite ap viv nan tan jounen jodi a.Nan nivo lokal, nou
kapab obsève anpil dezòd ak enjistis tankou: eksplwatasyon, chomaj, pobrete,
vyolans, grangou, soufrans ak lanmò. Yon lòt bò, nan nivo entènasyonal, imaj
nou wè yo pa twò enteresan, paske nou pa kapab konte kantite moun k’ap viv nan
endijans ak soudevlopman, kantite milyon moun ap mouri grangou, moun ap mouri
nan lagè, nan tirani ak opresyon, tandiske peyi ki pi avanse yo, y’ap diskite
ti pwoblèm yo pou defann ti enterè meske yo, san ke yo pa gen gwo sousi pou
rezoud pwoblèm povrete a ak pwoblèm grangou a.Konsa tou, lafwa kretyen yo fè
lasoudorèy. Kòman fè Bondye fè silans? Kòman nou kapab etabli relasyon ant
lafwa nan Bondye ak sitiyasyon terib sa ke limanite ap fè fas la? Èske li posib
pou nou kontinye kwè nan Bondye? Nan ki Dye nou kapab kwè? Li vrèman fasil e demagojik pou nou
pretann ke Bondye pa ekziste fas a gwo pwoblèm ki devan limanite. Li vrèman
fasil pou nou di Legliz pa itil anyen, puiske li pa ka fè anyen pou tout moun
sa yo k’ap mouri grangou. Ou ta gen
enpresyon ke pèsonn moun pa responsab, tout moun lave men yo. Epi se Bondye yo
vle bay pote tout chay, kòmsi se Bondye ki ta dwe rezoud sa nou menm nou gen
kapasite pou nou rezoud.
Nou dwe fè fas: Apot Pòl, nan gwo angajman li pran
pou defann levanjil la, malgre li retwouve li nan prizon- nan yon kontèks kote
Newon te vle pèsekite kretyen yo- li ekri Timote e li ankouraje li pou li kenbe
lanp lafwa li limen, pou li fè fas ak lènmi an pou Jezi ak pou Levanjil la. Li
afime pou di, lespri nou te resevwa, se pa yon lespri ki pou fè nou fè bak, se
pa yon lespri lachte, men se yon lespri ki bay fòs ak bon jijman. Rekòmandasyon apot la,
se premye travay kwayan yo. Premyèman, se fè fas, pa kache, pa wose zepòl, pa
rete endiferan. Tout pwoblèm moun genyen, se pwoblèm pou kretyen, se sijè ki
konsène kretyen an.(Gade GS: Jwa ak Lespwa…). Kontrèman ak sa anpil moun panse,
relijyon pa okipe li de relijyon, men se de moun li okipe li. Relijyon se pa
yon bagay ki la pou fè ou bliye koze ki konsène moun, okontrè li la pou pote
lavi pou moun, espesyalman pou pòv yo ak moun sosyete a mete sou kote yo.Grangou, povrete, chomaj,
eksplwatasyon, soufrans, lanmò, elatriye, se bagay ki mete an kesyon diyite
moun. Nou pa kapab ap chante kantamwa nou, si nou rete endiferan devan grav
pwoblèm sa yo, swa se nan peyi nou, paske nou tout se frè ak sè. Kidonk nou pa
kapab kontinye ap lapriyè yon fason kòmsi pa t’ gen anyen ki te pase, okontrè
nou bezwen lapriyè menm jan ak pwofèt la, yon fason kote nou montre nou gen
lafwa epi nou gen konfyans nan Bondye. Men se pa la nou dwe kanpe, kote nou ap
tann Bondye toujou la pou li vin wete nou nan dife. Kòm moun ki gen lafwa, nou
deja konnen ki remèd Bondye ba nou pou maladi nou yo. Nou konnen Bondye kreye
nou e li ba nou entelijans ak volonte pou nou kapab chèche solisyon pou pwoblèm
nou yo.
Granmèt,
fè nou vin gen plis lafwa: Tankou disip Jezi, nou dwe rekonèt lafwa nou piti.
Paske lafwa se ba yon bagay nou kreye avèk entelijans nou, men se yon angajman
pèsonèl. Se konsa Jezi fè disip li yo konnen sa lè yo mande li pou li ogmante
lafwa yo. Lafwa, se
konfyans nan Bondye e, poutèt sa menm, s konfyans nan travay Bondye, ke nou
menm nou ye. Kretyen, li konnen pi byen pase tout moun ke nou pa kapab ap tann
tout bagay nan men Bondye, paske Bondye te lage mond lan nan men nou, sou
responsablite nou. Malgre sa, kretyen
an konnen ke nou menm moun, nou pa kapab rezoud tout pwoblèm. Pa gen manti nan
sa. Men jiskaske nou rive nan limit posiblite nou, gen anpil chemen toujou ke
nou dwe pase e ken anpil travay ke nou dwe reyalize. Nou pa kapab rete bra
kwaze, nou dwe chèche solisyon pou pwoblèm limanite, pwoblèm pa nou ak pwoblèm
tout moun ak tout pèp.Nou dwe travay nan tèt ansanm ak tout moun bòn volonte.
Men, malgre tout efò n’ap fè, sa pa anpeche nou jwenn anpil moun movèz fwa ki
rete endiferan oubyen moun ki vle tann pèlen pou nou. Se lè nou gen bòn volonte
epi nou fè jefò nou gen dwa pou nou rele kot Granmèt la pou li chanje mantalite
moun ki pa vle nou pote chanjman k’ap bon pout tou moun nan, pou nou kapab
jwenn remèd pou mal k’ap depafini ak moun nan tan sa yo: enjistis, grangou,
inegalite, povrete ak soufrans.
NB: refleksyon sa, se
tradiksyon yon refleksyon ki fèt sou sit: http://www.mercaba.org/DIESDOMINI/T-O/27C/marco_do_27c.htm
LAPRIYÈ: Granmèt, ba nou fòs pou nou kapab
ranpli misyon nou kòm pwofèt ak wa, pou nou kapab lite kont tout mal k’ap fini
ak sosyete nou an.
PWOPOZISYON: Jodi a, gade pou w’ wè kisa ou ka fè pou yon
pwochen k’ap soufri; si pwoblèm li depase kapasite ou, lapriyè pou li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario