Páginas

LENDI 7

Koulè Blan ou Koulè Ble
MARI KI SEN, KI VYÈJ, DAPRÈ WOZÈ A
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
NAN TRAVAY APOT YO 1, 12-14
 Apre sa, apòt yo desann mòn Oliv, yo tounen Jerizalèm. Mòn lan te toupre lavil la, distans yon kilomèt konsa. Lè yo rive Jerizalèm, yo moute nan chanm anwo kay kote yo konn ye a. Lè sa a te gen Pyè, Jan, Jak ak Andre, Filip ak Toma, Batèlmi ak Matye, Jak, pitit Alfe a, Simon, nonm patriyòt la, epi Jid, pitit Jak la. Yo tout mete tèt yo ansanm, yo t'ap lapriye san rete. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè l' yo tou.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.            
SÒM REPONS : Lik 1, 46-55
R/ Lespri m' pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen.
Nanm mwen ap chante pou Mèt la ki gen pouvwa.Lespri m' pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen.R
Paske li voye je l' sou mwen, yon sèvant ki soumèt devan li. Wi, depi koulye a, epi pou tout tan, tout moun pral di: Ou se yon fanm Bondye beni! R
Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen. Non li, se yon non pou tout moun respekte.R
L'ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li. Li fè lèzòm santi fòs ponyèt li. Li fè moun ki gen lògèy ak gwo lide nan kè yo pèdi tèt yo.R
Li desann chèf ki te byen chita nan fotèy yo. Li leve moun ki pa gen pretansyon yo. Li bay moun ki grangou yo anpil byen.R
Li voye rich yo ale san anyen. Li vin pote sekou bay pèp Izrayèl k'ap sèvi l' la. Li pa bliye fè wè jan li toujou gen kè sansib, pou Abraram ansanm ak tout ras li a, dapre pwomès li te fè zansèt nou yo.R
LEVANJIL
Men wap ansent, w’ap anfante yon ti gason.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK  KI SEN 1, 26-38
Lè sa a:
Bondye voye anj Gabriyèl nan yon vil Galile yo rele Nazarèt, kot yon vyèj ki te fiyanse avèk yon mesye yo te rele Jozèf, moun nan kay David la, non vyèj la se te Mari.
Anj la antre kote l, li di : Sali, ou menm ki plen favè, Granmèt la avèk ou, ou beni pami tout fi.
Lè l’ tande sa, li twouble poutèt pawòl li a, li t’ap kalkile ki kalite mòd salitasyon sa a.
Anj la di l’: Pa pè, Mari, ou jwenn gras kot Bondye: men w’ap ansent, w’ap anfante yon ti pitit gason, w’ap rele non l’ Jezi. L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sa a ki anwo nèt la, Granmèt Bondye ap ba li twòn David papa l’, l’ap kòmande kòm wa nan kay Jakòb la, pou tout tan peyi wa l’ la p’ap janm fini.
Mari di Anj la: «Kijan pou sa fèt, paske mwen  pa gen konesans lèzòm?»
Anj la reponn, li di l’ : « Espri Sen an ap vini nan ou, fòs Sa a ki anwo nèt la ap kouvri ou ak lonbraj li. Se pousa Sa a k’ap fèt nan ou a, l’ap sen, y’ap rele l’ Pitit Bondye. Men Elizabèt, kouzin ou an, li menm li ansent yon ti gason nan vyeyès li a, mwa sa a se sizyèm nan pou sa a yo te rele “pa kapab fè pitit la”; paske anyen pa enposib kot Bondye ».
Mari di: « Men sèvant Granmèt la; se pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a ». Epi anj la pati kite l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Jodi a Legliz ap fete Mari ki sen, ki vyèj, daprè Wozè a (Notre-Dame du Rosaire). Se yon okazyon nou kapab fè yon ti reflechi sou valè ak enpòtans chaplè a. Anpil fwa, anpil nan nou kòm kretyen katolik, nou konn pè pou frè ak sè separe nou yo pa wè si n’ap resite chaplè, paske lè yo wè nou, yo kapab lonje dwèt sou nou pou di : men moun k’ap adore Mari yo. Nou menm, nou santi nou fache, nou anbete, nou ògeye paske yo wè nou konsa. Jodi a, avèk fòs Lespri Sen an, mwen ap di nou, lè nou rankontre ak sitiyasyon sa yo, nou dwe leve tèt nou gade direksyon syèl la epi di Bondye mèsi paske li fè w’ gras resevwa pannkat Mari ki vyèj epi ki sen an nan fwon ou.
Ki kote chaplè a sòti?
Yon chaplè gen 5 dizèn. Lè nou pale de yon wozè, nou pale de 3 fwa yon chaplè (3x5=15) epi (15x10=150). Enben 150 grenn chaplè sa a li ranplase 150 sòm ke mwán yo te konn resite chak jou. Tout venerasyon a manman Mari kòmanse ofisyèlman anndan Legliz la avèk pap Pi X ki te selebre grandyozman fèt Imakile Konsepsyon, ki vle di Mari ki san tach. Pawòl nou repete yo menm, se menm pawòl zanj Gabriyèl la nou jwenn nan levanjil jodi a: Mari fè kèw kontan ou menm ki plen favè Granmèt la avèk ou...Si nou ta kontinye menm chapit levanjil sa a n’ap wè kote Elizabèt te konplete priyè sa a pandanl t’ap di: Ki lès mwen ye pou manman sovè a vin visite m’! Li beni w’ pase tout fi e li beni pitit w’ap fè a.
Anpil fwa li parèt tèlman difisil pou nou abandone nou nan bra Granmèt la; nou di nou pa konprann; e nou di nou p’ap angaje nou nan sa nou pa konprann. Zanj lan di Mari ou pral ansent, an nou reflechi sou pawòl sa a: si antan ke fi, ou ta pran plas Mari, yon jou maten ou wè yon moun parèt lakay ou li lage bonm sa a, ki sa ou t’ap di? San dout, tousuit ou t’ap panse a sosyete ayisyèn nan, se nòmal pou ta panse ke yo pral chante sou ou, panse byen nan kòman fanmi, zanmi ak nèg sa ou te fiyanse a t’ap reyaji! Se byen pou w’ panse konsa, pou di moun sa m’ regrèt anpil, m’ pa kapab aksepte sa. Men ou panse tou ke Mari li te viv nan yon sosyete tankou pa nou an? Si l’ te di non, si l’ te panse menm jan ak nou, ou panse jodi a, ni mwen ni ou, nou t’ap eritye lafwa nan Jezi Granmèt la? An nou pran yon tan pou nou reflechi sou bagay sa a, pou nou wè konbyen fwa nou anpeche ke Jezi Granmèt la retounen sou tè a paske nou pa vle di l’ fè volonte pa l’ nan nou; konbyen fwa nou kite frè ak sè nou yo mouri nan move kondisyon paske nou pa gen renmen nan kè nou; nou fèmen je nou e nou fè kòmsi nou pa wè yo pou nou kapab pa ede yo leve. Manman Mari te viv nan yon sosyete ki te ekzijan tou, men li te konprann nesesite pou li te fè volonte Bondye anvan tout bagay; li pa t’ pè kritik sosyete a, li pa t’ pè pèdi bèl nòs, elatriye. “Wi” li te di a, se li n’ap viv jodi a; Jezi ki fèt nan vant yon fanm, ki te mouri epi ki leve byen vivan e k’ap entèsede pou nou bò kot Papa a. Pou sa ann mande Granmèt la fòs ak kouraj Lespri Sen an pou nou aprann kite volonte li fèt nan lavi nou, pou nou aprann di li “wi” menm si anpil fwa nou pa fin wè klè oubyen nou pa fin konprann plan li.
LAPRIYÈ : Granmèt, vide gras ou a nan kè nou, nou menm ki konnen, daprè nouvèl anj la te bay, Jezikri Pitit ou a te tounen moun, tanpri, gras a priyè Mari ki sen, ki Vyèj, fè soufrans li ak lakwa li, kondui nou rive jous nan glwa rezireksyon an. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON : Resite yon dizèn chaplè nan entansyon tout moun ki inyore enpòtans Manman mari nan Legliz la.

No hay comentarios:

Publicar un comentario