Páginas

MADI 8

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Moun Niniv yo chanje soti nan move chemen yo, Bondye pran pitye pou yo”.
NAN LIV PWOFÈT JONAS 3, 1-10
Pawòl Granmèt la rive sou Jonas yon dezyèm fwa, li di:
“Leve, al Niniv, gran vil la, preche sa m’a di ou la ladan l’”. Jonas leve, l’al Niniv daprè pawòl Granmèt la. Niniv la se te yon gran vil, ki te mande twa jou pou travèse l’, Jonas kòmanse antre nan lavil la, li mache pandan yon jounen, l’ap rele, l’ap di: “Rete karant jou ankò, epi Niniv ap detwi”. Moun Niniv yo kwè nan Bondye, yo deklare yon jèn, yo abiye ak rad sak depi pi gran jous pi piti.
Pawòl la rive kot wa Niniv la, li leve sot sou fotèy li, li jete rad li sot sou li, li abiye ak rad sak, li chita sou sann. Li fè deklarasyon, li di nan Niniv, daprè pawòl wa a ak chèf yo: “Ni moun, ni milèt, ni bèf, ni mouton, yo p’ap goute anyen, yo p’ap manje anyen, yo p’ap bwè dlo, se pou moun yo kouvri ak sak, ni bèt yo, se pou yo rele kot Granmèt la ak fòs, se pou chak moun chanje, kite move chemen l’ ak peche l’ap fè ak men l’. Ki moun ki konnen si Bondye p’ap chanje, pou l’ padonnen, pou l’ tounen sot nan dife kòlè l’ la, pou nou pa peri?” Bondye wè travay yo, paske yo te chanje sot nan move chemen yo a, Bondye pran pitye, li kite malè a li te di l’ap fè yo a, li pa fè l’.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.            
SÒM REPONS 129, 1-2. 3-4ab. 7-8
R/ Si ou kenbe fot yo, Granmèt, ki moun k’ap kanpe?
Nan bafon yo m’ap rele kote ou, Granmèt; Granmèt, koute vwa m’. Se pou zòrèy ou panche nan vwa lapriyè m’ nan.   R.
Si ou kenbe fot yo, Granmèt, Granmèt, ki moun k’ap kanpe?
Paske kote ou se padon, nou respekte ou.R.
Paske kot Granmèt la se kè sansib, se delivrans an kantite kote l’. Se li menm k’ap delivre Izrayèl sot nan tout fot li yo.R.
LEVANJIL
Mat resevwa llakay li. Mari chwazi pi bon pòsyon an.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 10, 38-42
Lè sa a:
Jezi antre nan yon bouk; yon madanm yo te rele Mat resevwa l’ lakay li. Li te gen yon sè yo rele Mari, ki te chita pou kont li nan pye Granmèt la, l’ap koute pawòl li yo.
Mat menm t’ap fatige kò l’ anpil nan sèvis la; li kanpe, li di: “Granmèt, sa pa fè ou anyen, pou sè m’ nan kite m’ ap sèvi tou sèl? Manyè di l’ pou l’ ede m’”.
Jezi pran lapawòl, li di l’: “Mat, Mat, ou pran tèt chaje, ou pran traka pou anpil bagay. Epoutan se yon sèl ki nesesè: Mari chwazi pi bon pòsyon an, sa yo p’ap wete nan men l’ nan”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a, se yon bon jou pou nou reflechi sou renmen ak pasyans Granmét la genyen pou tout pitit li yo. Premye lekti a montre nou kouman Bondye manifeste kokenn chenn lanmou ak mizerikòd li pou pèp Niniv la, malgre yo li nan peche. Premyèman,  li voye pwofèt li al pale ak pèp la, pou l’ fè yo pran konsyans de sitiyasyon peche yo t’ap viv la. Li pa pran desizyon pou l’ fini avèk pèp la; okontrè, li chache tout moyen pou li ede li chanje fason l’ap viv la.
Pèp Niniv la  deside fè yon chanjman nan lavi li avèk prèch Jonas la, pèp la  pran konsyans move aksyon li t’ap komèt yo epi tout timoun kou gran moun pran desizyon pou yo repare peche sa yo nan fè sakrifis, nan lapriyè ak jèn. Eksperyans pèp sa dwe yon leson pou nou tout: premyèman li koute pawòl pwofèt la, epi an menm tan, yo di ak tout kè yo fòk nou retounen nan chemen Granmèt la. Se menm atitid sa pawòl la envite nou viv jodi a, fè yon chanjman nan lavi nou, deside konvèti pou vivi pou Bondye. Konsa, menm jan ak Mari, n’a gen entelejans pou nou chwazi pi bèl pòsyon an, sa pèsonn moun p’ap ka wete nan men nou an. Chemen konvèsyon sa mande pou nou toujou la nan pye Jezi, paske se li men menm ka ba nou lagras pou nou kapab sèvi Bondye ak tout kè nou, yon sèvis ki pa bay chatiman ni traka, yon sèvis ki bay kè kontan e ki enspire nan esperyans mistik nou fè ak Granmèt la, lapriyè ak meditasyon pawòl Bondye a.
LAPRIYÈ:Granmèt, ede m’ pran chemen konvèsyon ou mande m’ nan pawòl ou a, ban m’ yon kè dosil ki toujou pare pou l’ koute vwa ou. Pa kite travay avèk okipasyon lavi a anpeche m’ sèvi ou ak tout kè m’.

PWOPOZISYON: Mwen pran desizyon jodi a pou mwen chache kenz (15) minit pou mwen chita tande vwa Granmèt la  ki vle pale avèk mwen, nan lapriyè ak meditasyon.

No hay comentarios:

Publicar un comentario