Páginas

MÈKREDI 9

Koulè Vèt
“W’ap plenyen poutèt pye masketi a, epi pou m’ pa ta pran pitye pou Niniv, gran vil la?”
NAN LIV PWOFÈT JONAS 4, 1-11
Jonas vin gen yon gran lapenn, li fache, li lapriyè kot Granmèt la, li di: «Tanpri, Granmèt: èske se pa sa mwen te di, lè m’ te nan peyi m’ nan toujou a? Se pousa menm mwen te chèche sove kò m’ Tasis la; sèke mwen konnen ou se yon Bondye ki bon, ki gen kè sansib, ki gen pasyans, ki gen anpil pitye, ki padonnen anpil mal. Koulye a, Granmèt, ou mèt pran lavi m’, paske lanmò pi bon pou mwen pase lavi ».
Granmèt la di: « Èske ou gen rezon fache a? »
Jonas sòti nan vil la, l’al chita nan direksyon solèy leve, parapò a vil la, li fè yon ti joupa la, li chita anba lonbraj li, pou l’ wè sa k’ap rive lavil la. Granmèt la pare yon pye masketi, li monte anlè tèt Jonas, pou l’ fè lonbraj anlè tèt li, pou l’ pwoteje l’; sèke li te gen lapenn. Jonas menm kontan poutèt pye masketi a, li kontan anpil. Bondye pare yon ti vè ki monte granmaten nan landmen, li pike pye masketi a; pye masketi a mouri.
Lè solèy la leve, Granmèt la pase lòd pou yon van cho rive, pou l’ boule, solèy la frape anlè tèt Jonas, Jonas pran kout solèy, li mande lanmò, li di: « Pito m’ mouri pase m’ viv ».
Granmèt la di Jonas: “Èske ou gen rezon fache poutèt masketi a?”
Li di: «Mwen gen rezon fache menm jous pou m’ mouri».
Granmèt la di: «Ou pran lapenn poutèt pye masketi a, ou pa t’ travay, ou pa t’ fè l’ grandi, nan yon sèl nuit li fèt, epi nan yon sèl nuit li mouri; epi mwen menm mwen pa ta pran pitye pou Niniv, gran vil la, kote gen plis pase san-ven-mil moun ki pa konnen sa k’ men dwat yo ak men goch yo, epi yon pakèt zannimo?»
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.            
SÒM REPONS 85, 3-4. 5-6. 9-10
R/ Granmèt, ou gen pasyans, kè ou sansib anpil.
Pran pitye pou mwen, Granmèt, paske mwen rele kote ou tout lajounen. Fè nanm sèvitè w’ la kontan, paske se kote ou, Granmèt, mwen leve nanm mwen.R.
 Paske ou menm, Granmèt, ou bon, ou tou dou, kè ou sansib anpil pou tout moun k’ap rele ou yo. Pare zòrèy ou, Granmèt, nan lapriyè m’ nan, koute vwa lapriyè m’ nan.R.
Tout nasyon yo ou fè a, y’ap vini, y’ap adore devan ou, Granmèt; y’ap fè lwanj pou non ou, paske ou gran, ou fè mèvèy: ou menm sèl ki Bondye.R.
LEVANJIL
“Granmèt, aprann nou lapriyè”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 11, 1-4
Lè sa a:
Jezi te yon kote, li t’ap lapriyè; lè l’ fini, youn nan disip li yo di l’: “Granmèt, aprann nou lapriyè, tankou Jan te aprann disip li yo”.
Li di yo: “Lè n’ap lapriyè, se pou nou di: “Papa, se pou yo rekonèt non ou sen, se pou rèy ou rive. Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li jodi a epi padonnen peche nou yo, menm jan nou menm tou nou padonnen tout moun ki dwe nou, pa kite nou tonbe nan pyèj”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Premye moso Labib la se kontinyasyon premye lekti nou te li yè a; nan li nou wè jan Granmèt la aksepte sakrifis pèp Niniv la e li padone yo; paske li se yon Bondye mizerikòd, li pa vle pitit li yo peri nan move chemen, e li toujou pre pou l’ padone yo chak fwa yo retounen kote li.
Youn nan envitasyon tèks sa fè nou, se pou nou dekouvri jan Bondye genyen pitye pou nou, jan li pa gade sou fot nou yo pou li padone nou san repwoche n’. Li pa ta renmen pou nou yon pèdi, li vle sove nou. Konsa, nou dwe chante lwanj Granmèt la poutèt li renmen nou epi li pran pasyans ak nou. Men tou, nou dwe angaje nou, nou dwe aprann renmen epi padone lòt yo menm jan Bondye renmen nou epi li padone nou.
Nan Levanjil la, Jezi montre nou kouman pou nou lapriyè Bondye Papa n’ ki nan syèl la. Tout kretyen ta dwe fè priyè sa chak jou, malgre pafwa nou fè l’ san n’ pa pran konsyans pwofondè lapriyè sa. Lè nou di “Papa nou ki nan syèl la...”, nou vle di nou tout se pitit yon sèl papa, nou tout se frè, e si nou se frè, nou pa dwe santi nou plis, ni mwens ke lòt yo e nou dwe renmen youn lòt.
“Se pou nou rekonèt se ou ki wa”: Se pou nou bay Bondye tout glwa ak onè, paske se li menm ki mèt lavi nou, se sèl li menm pou nou adore. “Padone sa nou fè ou tankou nou padone moun ki fè nou kichòy”. Se nan fason nou padone frè ak sè nou yo, n’a ka eksperimante lanmou ak padon Bondye ba nou an.
“Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li jodi a”: Granmèt la vle nou aprann viv ak pen nou bezwen chak jou a, san nou pa akimile richès, ni byen materyèl, paske li men menm kòm Papa bon kè, l’ap ede nou jwenn nouriti pou lavi nou nan moman nou bezwen li an.
LAPRIYÈ: Bondye Papa a, ede nou viv lapriyè ou montre nou an, bay yon kè senp pou nou ka renmen ou epitou pou nou ka padone frè n’ ak sè nou yo. Amèn.

PWOPOZISYON: M’ap pran yo ti moman nan jounen jodi a pou m’ di Bondye mèsi pou priyè sa li montre m’ nan. M’ap peze chak mo nan priyè sa, pou mwen konprann tout bon vre kisa li vle di. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario