Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Men jou a ap rive, l’ap flanbe tankou yon fou”.
NAN LIV PWOFÈT MALACHI 3,
13-20a
“Nou pale pawòl ki rèd kont mwen,
deklarasyon Granmèt la; epi nou di: “Ki sa nou di kont ou a?” Nou di: “Se pou
granmesi yon moun ap sèvi Bondye; epi ki avantaj ki genyen pou obsève kòmandman
l’ yo, pou n’ap mache tou tris devan granmèt lame yo? Koulye a menm nou deklare se awogan yo ki gen chans; paske moun yo k’ap
fè peche yo se yo menm ki kanpe, epi sa k’ap eseye Bondye yo, se yo menm ki sove”.
Lè sa a atò
moun ki respekte Granmèt yo, yo pale youn ak lòt, Granmèt la fè atansyon, li
koute, yo ekri yon liv souvni devan l’ pou moun ki respekte Granmèt la epi k’ap
kalkile sou non l’. Granmèt lame yo di: “Nan jou m’ fè a y’ap tankou yon byen
espesyal pou mwen m’ap pran pitye pou yo, tankou yon papa pran pitye pou pitit
li k’ap sèvi l’. Y’ap tounen, y’ap wè diferans ant moun ki kòrèk la ak mechan an
epi ant moun k’ap sèvi Bondye a ak sa k’ pa sèvi l’.
Men jou a k’ap
rive, l’ap flanbe tankou yon fou, tout awogan yo ak tout moun k’ap fè peche yo,
y’ap tankou pay, jou k’ap vini an ap flanbe yo, deklarasyon Granmèt lame yo, ki
p’ap kite ni rasin ni jèm pou yo. Men nou menm ki respekte non m’ yo, se solèy
jistis la k’ap leve pou nou, avèk delivrans la nan reyon l’ yo”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
1, 1-2. 3. 4 e 6
R/ Se chans pou moun ki met konfyans li nan Granmèt la.
Se chans pou
moun, ki pa ale nan reyinyon mechan yo, ki pa kanpe nan chemen moun peche yo,
ki pa chita nan reyinyon moun k’ap derespekte Bondye yo; men se nan lalwa Granmèt
la volonte l’ ye.R.
L’ap tankou
yon pye bwa ki plante sou bò dlo k’ap kouri, k’ap bay fwi l’ nan sezon l’; fèy
li p’ap tonbe, tout sa l’ap fè ap reyisi.R.
Se pa konsa
pou mechan yo, se pa konsa, men y’ap tankou pousyè van ap vòltije. Sèke
Granmèt la konnen wout moun kòrèk yo, men chemen moun peche yo ap peri.R.
LEVANJIL
“Mande, y’ap ba nou”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
LIK KI SEN 11, 5-13
Lè sa a: Jezi
di disip li yo:
“Kilès nan nou
si l’ gen yon zanmi k’al kote l’ nan mitan nannuit, ki di l’: “Zanmi, prete m’
twa pen, paske mwen gen yon zanmi ki vin sòti nan vwayaj, li rive lakay mwen, mwen
pa gen anyen pou m’ mete devan l’; si lòt la reponn anndan an: “Pa anbete m’;
pòt la deja fèmen, ti moun mwen yo avèk mwen nan kabann; mwen pa kapab leve pou
m’ ba ou?”
Men, si mesye a
kontinye ap frape, mwen di nou: Menm si li p’ap leve pou l’ ba li l’ kòm zanmi,
l’ap leve kan menm, l’ap ba li tout sa l’ bezwen, poutèt lòt la ap anbete l’
la.
Mwen menm mwen
di nou: Mande, y’ap ba nou; chèche, n’ap jwenn; frape, y’ap louvri ba nou. Sèke
tout moun ki mande li resevwa, moun ki chèche li jwenn, moun ki frape, yo
louvri ba li.
Kilès tou nan nou menm kòm
papa, si pitit nou mande nou pen: èske n’ap ba l’ wòch? oubyen pwason: èske n’ap
ba l’ koulèv nan plas pwason an? oubyen, si l’ mande nou ze, èske n’ap lonje
yon skòpyon ba li? Si nou menm, malgre nou move a, nou konn bay pitit nou bon
bagay, Papa nou ki nan syèl la ap ba nou bon lespri a pi plis toujou pou moun
ki mande l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Youn nan atitid yon
kretyen, se se pèseverans. Pafwa nou tèlman neglije nou kite lespri malen an
pran plas li nan nou menm, kote li vin rive dirije lavi nou; sa vle di li fè n’
vin chanje figi e nou pa sanble avèk kretyen ankò. Nou vin pa gen kontwòl lavi
nou, nou pa mèt pawòl nou yo. Nou menm rive derespekte Bondye pandan ke nou
bliye se li ki k’ap mennen bak lavi nou. Nou menm kretyen, se nou ki toujou pi
pèsekite, je malen an fikse sou nou e entansyon li pa lòt bagay ke rape nou nan
men Bondye nou an. Atansyon kretyen! louvri je nou! Nou se pechè se vre, nou pa
toujou fidèl ak Bondye, men li pa janm twò ta pou Granmèt la padone nou, pou
tout fwa nou pale li mal, pou tout fwa nou pa ba li onè ak lwanj ke li merite. Bondye
gen anpil kè sansib, li se yon bon papa e li pa janm bouke padone. Ann mèt konfyans nou
nan li, paske li p’ap kite nou pran wont. Pèseverans nan lapriyè se bousòl tout
kretyen. Si w’ mande Bondye avèk pèseverans ak lafwa, mwen asire ou, ou p’ap wont.
Pitit Bondye pa janm pèdi batay. Lè w’ santi w’ febli a, se lè sa a pou w’
kontinye kenbe pye Bondye pi di paske delivrans lan pa lwen. Pa gen moun ki gen
bon kè pase Bondye, Li se papa nou tout, nou sèlman gen pou devwa fè volonte li,
epi se wè mechan an ap wè nou li p’ap ka fè nou anyen. Pawòl sa a dwe motive
nou pou n’ kesyone tèt nou. Konbyen fwa nan moman tristès mwen ke mwen te derespekte
non Bondye? Pran konsyans de eta nou epi mande l’ padon pou tout fwa nou te vire
tèt nou gade dèyè, pou tout fwa nou te chache solisyon pwoblèm nou yo yon lòt
kote. Ann mande Bondye Lespri li a pou l’ ba nou anpil pèseverans pou n’ pa
janm febli malgre tout difikilte e pou n’ kapab tounen bon kretyen, modèl pou
lòt yo. Se pou volonte li toujou fèt nan lavi nou.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, ou menm ki gen gen kè sansib e ki toujou
prè pou padone malgre kondisyon kritik peche nou, klere nou avèk fòs pouvwa
Lespri w’ la pou n’ ka wè klè pou peche a pa bouche je nou. Ban m’ fòs nesesè
pou m’ pa janm bouke pèsevere dèyè lagras ou. Aprann mwen gen mizerikòd pou m’
kapab padone, menm jan ou menm ou toujou padone mwen.
PWOPOZISYON: Lè mwen mande,
Granmèt la ban mwen; e mwen menm, kisa mwen kapab bay? Èske mwen pa kapab
pataje kèk bagay materyèl ki bon ak yon moun ki nesesite? Oubyen èske mwen pa
kapab mete konesans mwen nan sèvis lòt yo?
No hay comentarios:
Publicar un comentario