Koulè
Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Jou Granmèt la, se jou
fènwa ak bouya”.
NAN
LIV PWOFÈT JOWÈL
1, 13-15; 2, 1-2
Mete
rad dèy, kriye, prèt yo; pouse rèl, sèvitè lotèl yo; antre, kouche nan sak,
sèvitè Bondye m’ yo, paske sakrifis ak vide bwason disparèt sot nan kay Bondye
nou an.
Deklare
yon jèn ki sen, konvoke reyinyon an, rasanble ansyen yo, ak tout moun ki abite
tè a nan lakay Bondye nou an, pouse rèl kot Granmèt la: “A-a-a, jou malè a”,
paske li tou pre, jou Granmèt la, l’ap rive tankou yon ravaj ki sòti nan sila a
ki gen tout pouvwa a.
Sonnen
twonpèt nan Siyon, pouse rèl sou mòn mwen an ki sen an, tout moun ki abite tè a
twouble, paske jou Granmèt la rive, paske li tou pre. Jou fènwa ak bouya, jou nyaj
ak vapè; tankou devan-jou k’ap gaye sou tèt mòn yo, konsa yon pèp ki anpil, ki
fò: pa gen kon li depi nan kòmansman, epi apre li, p’ap genyen, jous nan ane jenerasyon
ak jenerasyon.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 9, 2-3. 6 e
16.: 8-9
R/ Granmèt la ap jije fas tè a nan jistis.
M’ap fè lwanj ou, Granmèt, ak tout kè m’; m’ap rakonte tout mèvèy ou yo.
M’ap fè kè m’ kontan, m’ap danse
nan ou, m’ap chante kantik pou non ou, ou menm ki anwo nèt la.R.
Ou kraze nasyon yo, ou detwi mechan yo; ou efase non yo pou tout tan ak
tout tan gen tan. Nasyon yo fonse nan fòs la yo te fouye a; nan pyèj sa a yo te
kache a, se la pye yo pri.R.
Granmèt la menm ap chita pou tout tan, li pare fotèy li pou jijman an, se li menm k’ap jije fas tè a nan jistis, l’ap
jije pèp yo ak balans ki byen regle.R.
LEVANJIL
“Si se ak dwèt Bondye mwen chase demon
yo, rèy Bondye a rive jous lakay nou”.
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 11, 15-26
Lè
sa a:
Kòm
Jezi t’ap chase demon yo, gen kèk moun nan foul la ki t’ap di: “Se ak pouvwa
Bèlzeboul, chèf demon yo, li chase demon”.Epi dòt menm t’ap eseye l’, yo mande l’
pou l’ fè mirak sot nan syèl.
Li
menm menm, kòm li te wè panse yo, li di yo: “Tout peyi wa ki divize sou pa
anndan, l’ap detwi, kay ap tonbe sou kay. Konsa si Satan divize sou pa anndan, kouman rèy
li kapab ret kanpe? N’ap di se ak pouvwa Bèlzeboul m’ap chase demon yo. Men si
se ak pouvwa Bèlzeboul m’ap chase demon yo, pitit nou yo menm, ak pouvwa kilès
y’ap chase? Se pousa se yo menm k’ap jij nou. Sèlman, si se ak dwèt Bondye m’ap
chase demon yo, rèy Bondye tou rive sou nou. Lè yon moun ki gen fòs, ki gen
zam, ap veye lakou l’, sa l’ posede yo, yo asire. Men si yon moun ki pi fò pase
l’ rive, li ranpòte laviktwa sou li, l’ap pran tout zam li yo, kote li te mete
konfyans li a, l’ap separe sa l’ pran yo.
Moun ki pa avèk mwen, li kont mwen; epi moun ki pa ranmase ansanm avèk mwen,
l’ap gaye.
Lè Lespri papwòp la sòti nan yon moun, l’al mache nan kote ki pa gen
dlo, l’ap chèche repo, li pa jwenn, li di: “M’ap tounen nan lakay mwen an kote
mwen te sòti a”. Lè l’ rive, li jwenn kay la pwòp, san fatra, byen dekore. Lè
sa a l’al pran sèt lòt lespri ki pi mechan pase l’, yo antre, yo abite la.
Dènye sityasyon moun sa a ap pi mal pase premye a”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Daprè pwofèt Jowèl, jou Granmèt la ap vini an sanble l’ pa lwen rive. Men se p’ap
yon jou tankou tout jou; se va yon jou terib, n’ap wè yon seri de bagay nou pa t’
konn abitwe wè. Pwofèt la ba nou yon mesaj, nou menm ki nan sèvis Granmèt la,
nou gen anpil ekzanp pou nou bay, gen de sakrifis sèvis sa a ap mande nou; se
pou nou fè yo, paske se sou nou pèp la ap gade; se pou nou ale nan tanp lan pou
n’ fè penitans, jene epi lapriyè, rasanble fidèl yo pou nou priye kot Granmèt
la ak lafwa. Fòk nou fidèl epi pèsevere. Si nou vle rive nan viktwa, se depi
kounye a pou nou prepare l’; rele nan pye Granmèt la, l’ap koute nou. Jou
Granmèt la ap vini an, p’ap gen ni gwo nèg ni ti nèg, paske se li ki chèf tout
chèf; tankou sòm 9 la di nou, kote l’ parèt, lènmi li tranble devan l’, li fè
bak epi li disparèt. Se Granmèt la k’ap fè kè nou kontan, se li menm k’ap pran
defans pou nou; se poutèt sa, fòk nou louwe, chante ak kè kontan, paske jitis
li korèk. Levanjil la ap reafime nou jodi a, Jezikri se pitit Bondye Papa a. Papa
l’ te voye l’ sou tè a ak yon misyon byen detèmine; li te ba li pouvwa pou
kòmande tout bagay. Men chèf lalwa yo pa t’ konprann travay li, kote li t’ap fè anpil mirak,
geri moun ki malad, chase move lespri, chèf otorite yo tande sa e li te difisil
pou yo te kwè! Tout pwofesè lalwa yo te deplase pou y’al wè ak je yo kilès ki
Jezi a; yo te di se Bèlzeboul li gen sou li. Nan tan Jezi a, moun yo te gen yon
sèl kalite kwayans; li te pi fasil pou yo te kwè nan pouvwa satan olye yo kwè
nan pouvwa Bondye; pafwa lè yon moun malad yo te konsidere sa tankou travay
satan. Bèlzeboul, se non yon ansyen zidòl, youn nan non yo te bay satan; se sa k’
fè lè Farizyen yo te wè jan Jezi t’ap geri malad, li t’ap chase demon, yo te
akize l’, yo te pretann se maji li t’ap fè ak pouvwa satan. Jezi menm pa okipe
sa moun ap di, li kontinye travay li pou montre misyon li te genyen sou tè a;
jis jodi a misyon l’ap kontinye sou tè a, nan peyi nou, nan kominote nou, nan
sosyete a ak nan fanmi nou, se nou menm ki fè plas dekwa pou l’ reyalize misyon
sa a; an nou fè Bondye konfyans etan n’ap respekte misyon an ak pouvwa li genyen .An nou kite Jezi travay avèk nou,
pou n’ kab genyen laviktwa sou mal la.
LAPRIYÈ:
Bondye Papa, ou menm ki te bay Jezi pitit ou a pouvwa pou l’ chase satan ki te
anpech bèbè a pale, nou vle mande w’ jodi a, ede n’ chase tout move lespri ki
anpeche n’ pale pawòl ou a nan sosyete a ak nan kominote nou yo; ba nou fòs pou
n’ kraze tout lapèrèz ki anpeche n’ vanse pi devan, konsa n’a gen libète pou n’
fè tout pitit ou yo kòmanse goute peyi wa ki nan syè la. Amèn.
PWOPOZISYON:
M’ap ouvè
je m’ pou m’ kab wè tout sa ki pa avèk mwen, se kont yo kont mwen; moun ki pa
ramase ak mwen, se gaye li gaye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario