Páginas

SAMDI 12

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
Voye sèpèt yo, paske rekòlt la bout
NAN LIV PWOFÈT JOWÈL 3, 12-21
Men pawòl Granmèt la.
“Se pou nasyon yo reveye ansanm, pou yo monte nan tè Jozafat la; paske se la m’ap chita pou m’ jije tout nasyon yo ki alantou yo.Voye sèpèt yo, paske rekòlt la bout; vini, an nou desann, paske kote yo prije rezen an plen, basen yo ap ranvèse, paske mechanste yo twòp.
Pèp sou pèp nan tè jijman an! paske jou Granmèt la tou pre, nan tè jijman an. Solèy la fè lalin nan vin fènwa, zetwal yo pèdi klète yo, Granmèt la pouse rèl antan l’ nan Siyon, li fè tande vwa l’ antan l’ Jerizalèm, syèl yo ak tè a ap souke, Granmèt la se espwa pèp li a ak fòs pitit Izrayèl yo. N’ap konnen se mwen menm, Granmèt Bondye nou, ki abite nan Siyon, mòn mwen an ki sen an; Jerizalèm ap sen, etranje p’ap pase ladan l’ ankò.
Jou sa a, mòn yo ap degoute ak dousè, lèt ap koule sot nan ti mòn yo, nan tout ravin Jida dlo ap kouri, yon sous ap sòti nan lakay Granmèt la, l’ap wouze ravin pikan yo. Lejip ap vin tounen savann, Edòm ap tounen yon savann pèdi, poutèt yo te fè mechanste pou pitit Jida yo, poutèt yo te vide san inosan sou tè l’ la. Y’ap abite Jida pou tout tan, ak Jerizalèm pou jenerasyon ak jenerasyon, m’ap pwòpte san yo, sa mwen pa t’ ko pwòpte yo, epi Granmèt la ap abite nan Siyon”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.            
SÒM REPONS 96, 1-2. 5-6. 11-12
R/ Fè kè nou kontan, nou menm ki kòrèk yo, nan Granmèt la.
Granmèt la wa, tè a danse, pakèt zile yo kontan. Nyaj ak bouya alantou l’, jistis ak jijman se fondasyon fotèy li.R.
Mòn yo tankou lasi ap fonn devan fas Granmèt la, devan fas Granmèt tout tè a.Syèl yo ap anonse jistis li, tout pèp yo ap wè bèlte l’ la.R.
Limyè leve pou moun kòrèk la, kè kontan pou moun ki gen kè yo dwat la. Fè kè nou kontan, nou menm ki kòrèk yo, nan Granmèt la, fè konpliman pou fè sonje jan l’ sen.R.
LEVANJIL
“Se chans pou vant ki te pòte w’ la. Se chans pito pou moun ki koute pawòl Bondye a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 11, 27 28
Lè sa a:
Pandan Jezi t’ap pale ak foul yo, yon madanm leve vwa l’ nan foul la, li di l’: “Se chans pou vant la ki te pòte w’ la, ak tete ou te souse yo”.
Li menm menm, li di: “Se chans pito pou moun ki koute pawòl Bondye a epi ki kenbe li”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye se sous lavi chak grenn kretyen k’ap viv selon sa pawòl la mande. Kijan, pa ki mwayen nou menm kretyen aplike pawòl la? Pawòl Bondye a se limyè; se pawòl sa ki kapab opere moun pou gere vye kansè move santiman ki nan kè moun nan.Pawòl la, se yon lanp, se yon gid k’ap mennen nou nan bon direksyon, se li k’ap mennen nou nan lavi a. Nan pawòl nou kapab jwenn fòs pou nou kontinye mache sou chemen lavi a. Se pa yon pawòl blòf pou twonpe nou oubyen pou eksplwate nou. Se pa yon pawòl ki pou fè nou pè, men se yon pawòl ki ba nou asirans pou tan jodi a ak pou tan k’ap vini yo. Premye lekti liv Jowèl la fè nou yon apèl, li voye rele nou chak nan misyon n’ap akonpli kòm kretyen, kòm batize, kòm moun k’ap kolabore nan travay Granmèt la, paske jou glwa a prèske rive. Paske nou menm lèzòm nou fè twòp mechanste sou tè a, nou pa vle mete tèt nou ansanm pou nou viv jan Bondye vle a. Jou sa ke Granmet la chwazi a, se yon jou tèrib, yon jou k’ap pote anpil chanjman nan lanati; kote zetwal, lalin ak solèy pral pèdi nan limyè yo; kidonk se depi kounye a pou nou kòmanse prepare gran jou sa; se depi kounye a pou nou prepare kè nou epi fikse je nou sou Bondye ki gran e ki vivan. Kretyen, Bondye vle ba nou lavi. Deja Jezi di nou li se chemen an, verite a ak lavi a.  Li pa toujou fasil pou nou swiv chemen Jezi a, gen anpil baryè difikilte ki bare nou, genyen kritik sosyete a, genyen ti pwojè pèsonèl nou yo. Nou bezwen lespri k’ap pèmèt nou disène, nou bezwen konkou Lespri Sen an. Jodi a, Lik ap di nou se chans pou moun ki koute pawòl Bondye a. Se chans pou moun ki kite pawòl Bondye a oryante lavi yo, se chans pou moun ki mize lavi sous a Bondye di. Frè mwen, sè mwen, se chak jou n’ap tande pawòl Bondye e se yon chans nou genyen. Men kesyon nou dwe poze tèt nou jodi a, se “kisa pawòl la fè pou mwen”? Ki chanjman pawòl la pote nan lavi mwen? Ebyen, pou nou santi chanjman pawòl la pote nan lavi nou, nou dwe dispoze nou pou nou koute pawòl epi kite li travay nou.Pawòl la gen anpil fekondite. Si nou ouvri kè nou, pawòl la kapab pote anpil fwi siksè pou nou menm, pou fanmi nou ak pou tout sosyete a. Se konsa tout moun ap kapab di: Men li, men gouvènman Bondye a nou t’ap tan nan!  
LAPRIYÈ: Bondye papa, anpil fwa nou bouche zòrèy nou pou n’ pa tande pawòl ou a ki pote lavi pou nou. Nou bliye lè nou fè sa se pwòp tèt nou nou rayi. Tanpri jodi a, ede nou koute sa ou di epi aplike li nan lavi nou pou nou kapab genyen lavi tout bon vre a.

PWOPOZISYON: Jodi a, ak yon atitid lapriyè ak meditasyon, mwen pral li yon pasaj nan Bib la, pou mwen chèche konprann ki mesaj Bondye pote pou mwen jodi a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario