Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Jezikri,
se pa lantremiz li nou te resevwa favè a ak misyon apot la, pou nou fè nasyon
yo obeyi lafwa a”.
KÒMANSMAN
LÈT APOT PÒL POU WOMEN YO 1,1-7
Pòl,
sèvitè Jezikri, li menm yo rele kòm apot, yo mete apa pou levanjil Bondye a, levanjil
sa a Bondye te pwomèt davans pa lantremiz pwofèt li yo nan labib ki sen an, levanjil
sou Pitit li a; Li menm ki vin fèt pou Bondye nan ras David la daprè chè a; Li
menm ki te nonmen davans kòm Pitit Bondye nan pouvwa a daprè Lespri k’ap fè
moun vin sen an, gras a leve li leve sot nan pami mò yo, Li menm Jezikri
Granmèt nou an. Se pa pouvwa l’ nou resevwa favè avèk misyon apot pou fè tout
nasyon yo obeyi lafwa a pou non li; nou menm ki nan pami nasyon sa yo, Jezikri
rele nou tou.
Pou
nou tout ki a Wòm, nou menm Bondye renmen an, nou menm li rele pou nou vin sen an,
favè pou nou ak lapè sot nan Bondye Papa nou ak Granmèt nou Jezikri.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 97, 1. 2-3ab.
3cd-4
R/ Granmèt la fè konnen delivrans li a.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, paske li fè mèvèy. Delivrans la
sot nan men dwat li, nan bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen delivrans li a, nan fas nasyon yo li devwale jistis
li a.Li fè sonje kè sansib li a ak verite l’ la pou kay Izrayèl la.R.
Tout
limit tè a ap wè delivrans Bondye nou an. Sonnen twonpèt pou Bondye, tout tè a,
eklate, danse, chante.R.
LEVANJIL
“Yo p’ap
bay jenerasyon sa a dòt siy pase siy pwofèt Jonas la”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 11, 29-32
Lè sa a:
Kòm foul yo t’ap gonfle sou Jezi, li kòmanse di: “Jenerasyon sa a se yon
jenerasyon ki mechan; l’ap chèche siy, ebyen yo p’ap ba l’ siy, sof siy pwofèt
Jonas la. Reyèlman vre menm jan Jonas te sèvi siy pou moun Niniv yo, konsa tou
Pitit moun nan ap sèvi siy pou jenerasyon sa a. Rèn nan Sid la ap leve jou Jijman
an ansanm ak moun jenerasyon sa a, l’ap kondane yo; paske li te vini sòti nan
bout tè a pou l’ koute sajès Salomon, epi gen plis pase Salomon isit la. Moun Niniv yo ap leve
jou jijman an ansanm ak jenerasyon sa a epi y’ap kondane l’ paske yo te fè penitans
nan prèch Jonas la, epi gen plis pase Jonas isit la”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Nan lekti pawòl Bondye a, Apot Pòl montre li devan pèp women an tankou sèvitè
Jezikri. Yon prezantasyon mwen imajine ki pa t’
fasil pou Pòl, paske li menm se te yon payen e Wòm nan epòk sa a, se te kapital
payen yo. Men aprè rankont pèsonèl Pòl te fè sou wout Damas avèk Kris la, li te
vin tounen yon moun nouvo. Nan lèt li a, li di Women yo Bondye renmen yo e li
rele yo pou yo vin sen. Apot la te anonse yon pawòl delivrans, yon pawòl
liberasyon. Pawòl sa a, jodi a li dwe, pou mwen ak ou, yon pawòl ki fè gwo eko
e ki pouse nou fè yon konvèsyon; konsa, nou dwe revize lavi nou, e poze tèt nou
kesyon konbyen fwa nou di yon lòt moun, Bondye renmen li e li vle pou li vin
sen? Jezi voye no unan misyon pou nou al fè patizan pou li, pou tout mouton ki
gaye yo kavab vini pou nou tout ansanm fòme yon sèl twoupo. Poutèt sa, lafwa
nou dwe mennen nou bò kote lòt yo ki poko tande pale de Bondye, pou nou al di
yo, Bondye renmen yo, li vle libere yo, li vle ba yo lavi.
Men avan nou deplase, fòk nou gade moun ki pre nou yo,
fòk nou chèche konnen si yo te deja resevwa mesaj delivrans lan. Tankou sòm 97
la di: Granmèt la fè konnen delivrans li a. Yon delivrans ki pou tout moun,
payen kou Jwif.Gras nou resevwa nan men Granmèt la, nou pa kapab fè egoyis ak
li, nou dwe pataje li ak lòt yo, pou kè yo kontan menm jan kè nou kontan. Lè
nou fè sa, Bondye ap pran plezi pou li kontinye lalpli benediksyon li sou nou.
Nan kontèks n’ap viv jounen jòdi a, li enpòtan pou nou chèche konpran siy tan
yo ak limyè lafwa nou; pou nou rive konprann yo tout bon vre, nou bezwen limyè
entelijans Lespri Sen an, Lespri Sajès la. Nou p’ap chache konprann yo yon
fason pou nou satisfè pwòp kiryozite pa nou, oubyen pou nou al fè pwopagand,
pou nou al kouri bwi tankou moun Niniv yo; okontrè se pou nou kapab konfòme
lavi nou, pou nou vivi jan ki fè Bondye plezi.
LAPRIYÈ:
Jezi gran frè nou, tanpri ede nou konprann pawòl ou yo; pa kite nou bat
lestomak nou tankou moun k’ap pyeje ou men pito, tanpri, fè nou vin senp, fè
nou vin dou kou ti mouton, konsa n’a toujou kite pot kè nou byen gran pou limyè
ou a kapab klere tout fènwa ki anvayi lavi nou.Amèn.
PWOPOZISYON:
Louvri tout pòt kè ou pou Jezi antre; sa
vle di, koute pawòl epi fè sa pawòl la mande.
No hay comentarios:
Publicar un comentario