Páginas

MADI 15

Koulè Blan
TERÈZ D’AVILA KI SEN, Vyèj e savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
Lespri a ap priye pou nou, antan l’ap plenn yon jan bouch moun pa kapab pale.
NAN LÈT APOT PÒL KI SIN POU ROMIN YO 8, 22-27
Frè m’ yo:
Nou konnen tout kreyati ap plenn, y’ap soufri doulè akouchman jous koulye a. Se pa yo menm sèlman men nou menm tou ki gen premye fwi Lespri a, n’ap plenn anndan nou antan n’ap tann adopsyon pitit Bondye yo, redanmsyon kò nou an. Sèke se nan esperans nou sove. Sa n’ap espere a, si nou wè li, se pa esperans li ye, paske sa yon moun wè, kijan pou l’ fè espere l’? Men si nou espere sa nou pa wè a, se tann n’ap tann li nan yon chemen pasyans.
Konsa tou Lespri a ap ede feblès nou: sèke nou pa konnen kijan pou nou priye; men se Lespri a li menm k’ap priye pou nou antan l’ap plenn yon jan bouch moun pa kapab pale. Sa a menm ki sonde kè yo, li konnen sa Lespri a anvi a: se daprè Bondye li plede kòz sen yo.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.            
SÒM REPONS 18, 8.9.10.11
R/ Pawòl ou yo, Granmèt, se lespri ak lavi.
Lalwa Granmèt la san tach, li refè nanm, temwayaj Granmèt la fidèl, li bay ti moun yo sajès.R.
Jistis Granmèt la dwat, yo fè kè kontan, kòmandman Granmèt la klè, li klere je yo.R.
Krent Granmèt la nèt, li dire pou tout tan gen tan, jijman Granmèt la vre, yo kòrèk yo tout ansanm.R.
Yo pi chè pase lò, ak pyè ki gen anpil pri, yo pi dous pase siwo myèl, ak reyon myèl k’ap koule.R.
LEVANJIL
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 15, 1-8
Mwen se pye rezen tout bon an. Papa m' se moun k'ap okipe pye rezen an.Li koupe tout branch nan mwen ki pa donnen. Li netwaye tout branch ki donnen pou yo ka donnen plis toujou. Nou menm, avèk tou sa m' moutre nou yo, nou deja nan kondisyon pou n' fè volonte Bondye. Se pou n' fè yonn ak mwen, menm jan mwen fè yonn ak nou. Yon branch pa ka donnen pou kont li si l' pa fè yonn ak pye rezen an. Konsa tou, nou p'ap kapab donnen si nou pa fè yonn ak mwen. Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki fè yonn avè m', moun mwen fè yonn ak li, l'ap donnen anpil, paske nou pa kapab fè anyen san mwen. Moun ki pa fè yonn ak mwen, y'ap koupe l' voye jete; l'ap cheche tankou yon branch bwa. Lè branch bwa yo cheche, yo ranmase yo, yo jete yo nan dife, yo boule yo. Si nou fè yonn ak mwen, si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, y'a ban nou li. Men ki jan pouvwa Papa m' lan va parèt aklè: se lè nou donnen anpil, lè nou fè wè se disip mwen nou ye.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a Legliz la ap fè memwa youn nan poto mitan l’ yo, ki se Sent Terèz D’Avila, vyèj ak savan sakre Legliz la. Depi tou jèn li te kite Lespri Sajès la penetre li. Gras a limyè sajès sa a, li te dekouvri anpil bagay ki sòti nan Bondye li a, li te santi gen anpil bagay Bondye t’ap mande l’, li pa t’ refize anyen e li te abandone l’ nan men Granmèt la. Yo di nou li te gen yon matirite avan lè. Terèz te soufri anpil nan lavi li, men li te toujou rete fèm, disponib, konfyan nan men Mèt li, paske li te espere li t’ap jwenn rekonpans li nan men Jezi ki te montre li vrè chemen an, kote li te mache jis nan bout.E nou menm jounen jodi a, èske nou santi nou prè pou nou mache nan menm tras Terèz d’Avila te mache? Èske, menm jan ak li, nou kite lespri Sajès la kondi nou? Lè van difikilte yo souke bak lavi nou, èske nou montre nou se moun ki gen konfyans nan Bondye? Tankou Pòl di nou nan premyè lekti a, èske nou kapab espere sa nou wè deja!? Non, pwiske nou wè kisa nou genyen, kisa pou nou ap ret tann ankò! Pa ekzanp yo ta di nou, pè a ap vin di lamès, dèke li rive tout moun wè li, men èske n’ap rete tann li ankò? Non, men si l’ poko vini fòk nou gen pasyans pou n’ tann; se menm jan pou nou menm ki reskonsab nan Legliz la; se pa pou nenpòt ti krik tikrak pou n’ dekouraje, se pou nou kenbe. Fè Bondye konfyans epi pèsevere pou n’ kab rive nan viktwa a.Men tout sa ap posib ak konkou Lespri Sen an k’ap fè n’ rete tache nan Jezi, menm jan nou tande Sen Jan eksplike n’ sa nan Levanjil la. Jezi di se li menm ki pye rezen an tout bon vre; nou wè ki jan yo pa vle rekonèt li kòm moun Bondye Papa a voye a, e se li menm Bondye ki Mèt pye rezen an; se li ki travay jaden sa a, chak kretyen batize se yon branch ki sòti nan pye rezen an, ki se Jezi: yon moun ki branche nan Jezi, li byen branche; si nou debranche nou p’ap kapab donnen bon fwi. Frè ak sè m’ yo, an nou rete kole sou Jezi ki p’ap jan m’ lage nou, paske avèk li pa gen despsyon. N’ap di l’ mèsi paske li chwazi nou kòm manm pye rezen an. An nou fè l’ konfyans epi n’a wè bèl mèvèy, n’ap donnen anpil fwi.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te mete Terèz ki sen pa pouvwa Lespri w’ la, pou l’ te montre Legliz la chemen ki mennen nan wotè Bondye vle nou rive a, tanpri, fè nou toujou jwenn manje nou nan ansèyman l’ ki sòti nan syèl la, epi fè anvi vin sen tout bon vre a toujou ap chofe kè nou. Pa pouvwa Jezikri.

 PWOPOZISYON : Mwen p’ap pèdi tan m’espere nan sa mwen wè deja, men m’ap espere nan sa m’ pa wè ; lafwa m’ fè m’ kwè viktwa a se pou moun ki kwè.

No hay comentarios:

Publicar un comentario