Páginas

MÈKREDI 16

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Renmèt chak moun daprè aksyon l’, Juif la tou dabò, epi Grèk la aprè sa”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 2, 1-11
Ou pa gen eskiz, monchè, ou menm k’ap jije a; sèke nan sa w’ap jije lòt la, w’ap kondane pwòp tèt ou, paske ou fè menm bagay yo w’ap jije a. Reyèlman vre nou konnen jijman Bondye a, li fèt daprè laverite pou sila yo ki fè kalite bagay sa yo.
Ou menm, monchè, k’ap jije sila yo k’ap aji konsa a epi k’ap fè menm bagay yo, èske ou konprann w’ap evite jijman Bondye a? Oubyen èske se richès bon kè l’, ak pasyans li, ak padon l’ w’ap meprize? Èske ou pa konnen bon kè Bondye ap kondui ou pou ou fè penitans?
Daprè jan kè ou fèmen, jan l’ pa fè penitans, w’ap ranmase kòlè pou ou, pou jou kòlè a, jou y’ap devwale jijman Bondye ki kòrèk la, li menm ki renmèt chak moun daprè aksyon l’ yo: moun yo ki pran pasyans ap fè sa k’ byen pou yo chèche bèlte, konsiderasyon ak sa ki p’ap disparèt la, y’ap jwenn lavi k’ap dire tout tan an; lòt yo menm ki rebèl yo, ki pa dakò ak laverite a, ki met konfyans yo nan sa k’ pa kòrèk la, se kòlè ak lawont ki pou yo.
Tray ak kè sere pou tout moun k’ap fè sa k’ mal, Juif la tou dabò epi Grèk la; men bèlte ak lapè pou tout moun k’ap fè sa k’ bon, Juif la tou dabò epi Grèk la; paske pa gen konsiderasyon figi devan Bondye.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.            
SÒM REPONS 61, 2-3. 6-7. 9
R/ Granmèt, ou renmèt chak moun daprè aksyon l’.
Se nan Bondye sèlman pou ou repoze, nanm mwen; paske se nan li delivrans mwen sòti.
Reyèlman vre se li menm ki kachèt mwen ak delivrans mwen, pwoteksyon m’, mwen p’ap brannen ankò.R.
Se nan Bondye sèlman pou ou poze, nanm mwen; paske se nan li pasyans mwen sòti.R.
Reyèlman vre se li menm ki Bondye m’ ak delivrans mwen, sekou m’, mwen p’ap brannen.R.
Espere nan li, tout fanmi pèp la, vide kè nou devan li; Bondye se kachèt pou nou.R.
LEVANJIL
“Madichon pou nou, farizyen yo! ni nou menm tou pwofesè lalwa yo, madichon !”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 11, 42-46
Lè sa a: Granmèt la di:
“Madichon pou nou, farizyen yo, paske nou bay ladim sou mant la ak chou a, ak tout kalite legim, men nou dezobeyi jijman an ak charite Bondye a! Se pou nou te fè bagay sa yo, men nou pa t’ dwe neglije lòt yo.
Madichon pou nou, farizyen yo, paske nou renmen premye chèz yo nan kay reyinyon yo avèk bèl bonjou sou laplas!
Madichon pou nou, paske nou tankou tonb yo pa wè, moun yo ap mache sou yo san yo pa konnen!” Youn nan pwofesè lalwa yo reponn, li di l’: “Mèt, lè ou di sa a, ou fè nou afwon tou”. Li di l’: “Nou menm tou pwofesè lalwa yo, madichon, paske nou mete chaj ki lou sou do moun yo, chay yo pa kapab pote, epi nou menm menm ak yon ti dwèt nou nou p’ap touche pakèt yo!”
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a, Apot Pòl pote bon jan konsèy pou nou, pou nou kapab chanje mòd jijman nou yo, fason nou gade ak fason nou konprann moun. Lèt sa te adrese tou dabò a moun Legliz Wòm yo, men jodi a, li adrese a tout Legliz inivèsèl la, kidonk kèlkeswa moun kapab jwenn yon leson ladan li. Yon jijman dwe toujou kòrek, li dwe toujou ale nan sans laverite. Sa vle di, yon moun k’ap jije yon lòt ta sipoze pa komèt men fot osinon menm erè ak moun li jije a. Kidonk moun k’ap jije a ta dwe viv an amoni ak pwòp tèt li. Se nan san sa a Pòl di : «lè w’ap jije, se pa evite w’ap evite jijman Bondye a ». Ou menm tou w’ap gen pou pase devan yon tribinal, tout moun gen pou resevwa yon jijman menm si se yon sèl fwa nan lavi l’. Kidonk lè n’ap jije, se pou n’ fè sa avèk jistis, avèk charite, avèk pasyans. Konsa lè tou pa w’ rive Bondye va gen pasyans avè w’ tou, w’a resevwa menm tretman w’ te bay la. Pasaj Levanjil Lik nou li pou jodi a prezante nou Jezi k’ap madichonnen Farizyen yo ak pwofesè lalwa yo, rezon an se paske yo t’ap komèt abi sou malere yo, yo pa t’ gen pitye pou yo. Jezi pa t’ tolere ipokrizi gwoup sa yo ki te toujou vle pase pou pi bon, men nan fon kè yo yo te pi mal pase sila yo t’ap jije yo, yo t’ap fè ekzijans ke ni yo menm pa te kapab viv. Frè m’, sè m’ yo, farizyen an se tout kretyen k’ap kondane lòt yo, se tout kretyen ki pa bay lòt yo yon chans, ki kwè li siperyè sou tout moun. Nou tout kapab tonbe nan pyèj sila a.
LAPRIYÈ : Granmèt, montre m’ kalkile valè peche ke ou padone pou mwen epi fè sonje kijan ou pasyan ak mwen epi ki kalite renmen ou genyen pou mwen, konsa m’a sispann kondane frè ak sè m’ yo. Amèn

PWOPOZISYON : Nan jounen jodi a, ann reflechi sou ti fraz sa a:« Si Bondye pa kondane yon moun, ou menm ki sa w’ ye pou w’ kondane li» ? 

No hay comentarios:

Publicar un comentario