Koulè Wouj
INYAS
D’ANTYÒCH
(Memwa)
PREMYE
MOSO LABIB
“Relasyon
nou se nan syèl la”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SYEN, POU FILIPYEN YO 3, 17 - 4,1
Frè m’ yo, pran modèl sou mwen, gade sa yo k’ap mache
daprè modèl nou menm nou ba nou an. Reyèlman, tankou mwen te deja di nou sa
anpil fwa e koulye a m’ap repete l’ ak dlo nan je m’, anpil moun, jan y’ap mache
a, se ènmi kwa Jezikri a yo ye, finisman yo se lanmò, dye yo se vant yo, y’ap
vante tèt yo nan bagay ki pou fè yo wont, se bagay tè a yo goute. Kanta nou menm,
sosyete pa nou se nan syèl la li ye, kote n’ap tann Sovè a sòti, li menm
Granmèt nou Jezikri, k’ap refè pòv kò pousyè nou an sou modèl kò glwa li a,
daprè aktivite l’ ki kapab met tout bagay anba pouvwa l’.
Se pousa, frè m’ yo mwen renmen anpil la, mwen anvi wè
anpil la, nou menm ki kè kontan m’ ak kouwòn mwen, se konsa pou nou rete nan
Granmèt la, nou menm mwen renmen anpil la.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 33, 2-3.
4-5. 6-7. 8-9
R/ Anba tout sa ki fè m’ pè Granmèt la delivre
m’.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen,
nan Granmèt la nanm mwen ap jwenn konsiderasyon l’, se pou pòv yo tande, pou yo
kontan.R.
Fè lwanj Granmèt la avèk mwen, se pou nou leve non l’ anlè ansanm. Mwen
chèche Granmèt la, li reponn mwen, anba tout sa k’ap fè m’ pè li delivre m’.R.
Gade nan direksyon l’, n’ap klere, fas nou pap wont. Pòv sa a rele,
Granmèt la koute l’, anba tout tray li li sove l’.R.
Zanj Granmèt la monte lagad alantou moun ki krenn li
yo,
pou l’ delivre yo. Goute, n’a wè jan Granmèt la bon; ala
kontantman pou moun ki espere nan li.R.
LEVANJIL
“Si grenn ble a mouri,
l’ap donnen anpil fwi”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 12, 24-26
Lè sa a:
Jezi di disip li yo: “Amèn, amèn, mwen di nou: si grenn ble a ki tonbe
nan tè a pa mouri, l’ap rete pou kont li; men si l’ mouri, l’ap donnen anpil fwi.
Moun ki renmen lavi l’, l’ap pèdi l’; men moun ki rayi lavi l’ sou tè sa
a, l’ap kenbe l’ pou lavi tout tan an. Si yon moun ap sèvi m’, se pou l’ suiv mwen; kote
m’ ye a, se la sèvitè m’ nan ap ye. Si yon moun ap sèvi m’, Papa m’ ap fè l’ jwenn
konsiderasyon”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Frè ak sè m’ yo, nou kontan pataje ak nou kèk refleksyon konsènan lafwa n’ nan
Bondye lavi a, li menm ki louvri pou nou pòt lavi pou tout tan an nan Jezikri, Pitit
li a. Nou menm ki pote etikèt Jezikri a sou do nou, nou pa kapab bliye pawòl
Jezi te di a devan tout moun ki t’ap swiv li yo. Li te di yo, si yo vle vin disip, li fòk yo renonse ak
fanmi yo, ak zanmi yo, ak pwòp tèt yo. Se pawòl sa yo ki monte nan kè m’ nan
jou Legliz la ap fè memwa Sen Inyas d’Antyòch. Inyas te fèt nan peyi Siri, li
te fè pati de sa nou rele “Pè Legliz yo”, li t’ap viv nan menm tan ak apot yo kote
li te resevwa lafwa a dirèkteman nan predikasyon apot yo. Li se yon nèg ki te
ekri anpil lèt pou voye bay anpil kominote kretyen pou kore yo nan lafwa nan
Sila Bondye Papa a te voye a. Nan tan l’ t’ap viv la, se te tan pèsekisyon
kretyen yo, kote yo te arete l’ epi yo te voye l’ nan vil Wòm, nan peyi Itali,
pou l’ te mouri. Li te yon mati paske l’ te kwè nan mesaj renmen Jezi te vin
pote pou limanite a, li te kwè nan nouvèl nesans sa a kretyen yo te resevwa nan
san Kris la ki te koule a pou n’ kapab vin tounen yon kreyati tou nèf. Inyas te
aksepte pote kwa a jous nan bout jan Jezi te fè l’ la, jan apot yo te fè l’ la,
jan Sen Pòl nan premye lekti a te fè l’ la. Jounen jodi a nou p’ap viv nan yon
tan pèsekisyon kretyèn tankou sa te ye nan tan apot yo, men anpil fwa nou konn
rankontre anpil divizyon nan kay ant diferan manb fanmi, paske youn oubyen de
ladan yo vle viv lafwa yo an kontradiksyon ak sa sosyete a vle ofri yo. Anpil
kretyen jounen jodi a kore lavi yo sou Pawòl Bondye a, ki se limyè sou chemen
lavi yo, ki se wòch sa kote yo kore yo. Anpil fwa akoz peche n’ yo nou konn pa
vle sòti ladan yo, nou konn aji tankou lènmi kwa Jezikri a. Anpil fwa nou konn
konsantre n’ sou pwòp volonte nou, dezi nou yo, kote n’ konn pa priyorize sa
Bondye mande n’ nan. Jezi, nan Pawòl li jodi a, kontinye mande n’ pou n’ viv
levanjil la nan radikalite li. Chak bagay nan lavi a gen pwòp enpòtans li, nou
dwe bay Seza sa k’ pou Seza epi bay Bondye sa k’ pou Bondye. Lavi nou se pou
Bondye, li pa pou nou. Lafwa nou di nou Jezikri te rachte n’ nan peche a, nan
lanmò etènèl la. Si nou kwè tout bon vre nan li nou dwe pou nou aksepte lage
lavi nou nèt ale nan menm l’, pou n’ kapab, depi kounye a, jwi lavi ki p’ap
janm fini an. Bondye renmen nou, li vle sa ki bon pou nou, ann aprann mete
konfyans nou nan li, nan Pawòl li, nan pwojè redanmsyon l’ pou limanite. Nou
dwe vin tounen vrè ajan devlopman, vrè ajan gerizon, vrè ajan tranfòmasyon yon
sosyete k’ap plonje nan lanfè yon lavi san Bondye; yon lavi kowonpi, yon lavi
ki santre sou akimile richès; yon lavi k’ap eksplwate fèb yo, ki pa gen respè
pou lavi. Batay nou kòm kretyen, li nan kòmansman li, paske nou gen yon mond
nou dwe pote kolaborasyon n’ pou n’ transfòme l’ selon volonte Bondye. Avan
tout bagay fòk nou kòmanse nan konvèsyon pèsonèl nou; fòk nou kòmanse abandone
nou nan men l’, pou l’ dirije lavi nou. Nou konnen, kòm kretyen, poukisa n’ap
travay. Se Lespri Bondye a k’ap anime no unan kalite travay sa a. Nou gen
bezwen abandone nou nan men Granmèt la, nou gen bezwen konkou lapriyè pou n’
rive jous nan bout, jous nan bay pwòp lavi nou pou kòz Levanjil la.
LAPRIYÈ: Bondye ki gen tout pouvwa, ki ekziste tout tan, ou menm
ki dekore kò Legliz ou a ki sakre a avèk deklarasyon lafwa mati yo ki sen yo,
tanpri, fè nou favè pou, menm jan soufrans mati n’ap fete jodi a te bay Inyas
ki sen yon grandè k’ap dire tout tan, konsa tou pou l’ toujou ap pote nou
sekou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON :
Fè yon ti
reyinyon ak twa oubyen senk lòt moun, pou nou kapab pale sou nesesite ki genyen
pou nou anonse Bòn Nouvèl la, pa sèlman ak pawòl men tou avèk konpòtman oubyen
aksyon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario