Páginas

VANDREDI 18

Koulè Wouj
LIK KI SEN, Evanjelis
Fèt
PREMYE MOSO LABIB
“Lik sèl avèk mwen”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN POU TIMOTE 4, 9-17a
Ou menm mwen renmen anpil la:
Demas kite m’, li pito tè sa a, li pati Tesalonik; Kesyans nan Galasi, Tit nan Ladalmasi. Lik sèl avèk mwen. Pran Mak, Mennen l’ avèk ou; li itil mwen nan sèvis sakre a. Mwen voye Tichik Efèz. Manto a mwen te kite Twoas la kay Kapis la, pran l’ vin avèk li, ni liv yo tou, spesyalman pachemen yo.
Aleksann, òfèv la, make m’ malviv anpil; Granmèt la ap renmèt li daprè aksyon l’ yo; ou menm tou se pou ou evite l’, li te reziste pawòl nou yo kareman.
Premye fwa mwen t’ap defann kòz mwen an, pèsòn pa t’ kanpe avèk mwen, men tout moun te lage m’: se pou Bondye padonnen yo. Sèlman Granmèt la te pote m’ sekou, li te ban m’ asirans, pou prèch la reyalize pa lentèmedyè mwen, pou tout nasyon yo tande.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.            
SÒM REPONS 144, 10-11. 12-13ab. 17-18
R/ Se pou sen w’ yo, Granmèt, fè konnen glwa peyi wa w’ la.
Se pou sa ou fè yo, fè lwanj pou ou, Granmèt, se pou sen ou yo fè konpliman pou ou, Se pou yo deklare glwa peyi wa w’ la, se pou yo anonse pouvwa ou.R.
Se pou yo fè pitit moun yo konnen mèvèy ou yo, ak glwa grandè peyi wa w’ la. Peyi wa w’ la se peyi wa tout tan, kòmandman w’ nan pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
Granmèt la kòrèk nan tout wout li yo, li sen nan tout aksyon l’ yo.Granmèt la tou prè tout moun k’ap rele l’ yo, tout moun k’ap rele l’ nan verite.R.
LEVANJIL
“Rekòlt la anpil, men travayè yo se yon ti kras yo ye”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK    KI SEN 10, 1-9
Lè sa a: Granmèt la chwazi swasant-douz lòt; li voye yo de pa de devan l’ nan tout vil ak bouk kote li te gen pou l’ ale.
Li t’ap di yo: “Rekòlt la anpil, men travayè yo se yon ti kras yo ye. Priye Granmèt rekòlt la, pou l’ voye travayè nan rekòlt li a.
Ale: men mwen voyé nou tankou mouton nan pami lou. Pa pote sak, ni bous, ni sapat, pa salye pèsòn nan chemen.
Nan nenpòt kay nou antre, kòmanse di: “Lapè pou kay sa a”. Si gen yon pitit lapè la, lapè nou an ap poze sou li; otreman, l’ap tounen vin jwenn nou. Rete nan menm kay sa a, manje, bwè sa yo genyen; paske travayè a merite salè l’. Pa travèse sot nan kay al nan kay. Nan nenpòt ki vil nou antre, epi yo resevwa nou, manje sa yo pote ba nou, geri malad yo ki nan vil la, di yo: “Peyi wa Bondye a tou pre nou”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a Legliz la ap fete Levanjelis Sen Lik. Youn nan bagay ki enpòtan nou kapab souliye, se lè nou gade nan Levanjil la nou wè yo mansyone ke travay levanjelizasyon an pa kapab ak de grenn moun. Nou gen bezwen anpil bra pou travay la kapab avanse pou pi devan. Se nan kontèks sa nou wè Granmèt la te toujou itilize apot yo oubyen lòt sèvitè ki te pou mache al gaye Bòn Nouvèl la. Sa ki enteresan nan tout sa, se paske Granmèt la granmoun, li fè afè li jan li vle.  Li rele moun li vle a nenpòt ki moman. Se yon fason pou montre nou ke travay pou anonse wayòm Bondye a, se pa yon kesyon de klas sosyal, oubyen yon kesyon de konnen yon pakèt bagay. Granmèt la anpil fwa toujou chwazi moun ki pi senp yo, moun ki pa vle tande pale de li, anpil fwa se moun sa yo nou wè ki vin zele ap mache temwaye grandè li. Ebyen, Lik pa t’ diferan de moun sa yo. Se te yon payen, sa vle di moun ki t’ap adore zidòl. Li te genyen tou anpil bèl kalite, se te yon medsen li te pran swen pasyan yo byen, e li te toujou akonpaye yo.
Pou Granmèt la kapab montre nou kijan li granmoun nan fason li fè travay li, ebyen li te itilize apot Pòl pou mesaj li a te kapab rive jwenn Lik. Lik te touche anpil nan devouman li te wè Pòl genyen pou anonse lanmò ak rezireksyon Kris la. Konsa li deside konvèti epi suiv Pòl pou li kapab mache gaye nouvèl sa tou. Li te pase 18 lane ap suiv apot la, li pa t’ lache li yon may jiskaske apot la te mouri nan lane 67 nan vil Wòm. Aprè sa Lik te pran san li pou rakonte lavi Kris la. Nou jwenn anpil tèm ki gen pou wè ak medsin nan fason Lik rakonte istwa li yo. Anplis Lik dedye yon bon pati nan tèks li yo pou pale nou de Mari manman Bondye a, ke anpil moun gen tandans inyore. Se te yon gran savan ki te rive mete li nan sèvis Granmèt la, e anpil moun jis jounen jodi a rive benefisye de konesans otè sa a.
Pandan n’ap fete Sen Lik jodi a, legliz la vle raple nou ke nou tout, nou se misyonè. Levanjil la raple nou ke nou pa bezwen yon pakèt bagay pou nou kapab mache rakonte lòt yo grandè Bondye. Se vre bagay yo pa fasil, anpil fwa toujou gen ti difikilte, men nou dwe toujou anime nou pou sa epi Granmèt la ap ba nou tout sa ki nesesè.
LAPRIYÈ: Granmèt Bondye, ou menm ki te chwazi Lik ki sen pou gras a prèch li avèk liv li, li devwale mistè renmen ou nan pou pòv yo, tanpri, fè nou favè, pou, nou menm ki jwenn kontantman nou deja nan non ou, nou pèsevere ap fè yon sèl kè ak yon sèl nanm, pou tout pèp yo merite wè sove w’ la.  Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Tankou Sen Lik, ann kite Granmèt la itilize nou pou nou kapab tounen mesaje Bòn Nouvèl la.

No hay comentarios:

Publicar un comentario