Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Malgre
difikilte nan lesperans la, li kwè nan lesperans la”
NAN LÈT APOT PÒL POU WOMEN YO 4, 13. 16-18
Frè m’ yo:
Se pa lalwa a ki sèvi garanti pwomès pou Abraam osinon pou desandans li
yo, pou l’ te eritye tè a, men se jistis lafwa a. Konsa se lafwa a, daprè favè a,
ki asire pwomès la pou desandans la, pa pou sila yo ki regle sou lalwa a
sèlman, men pou sila yo ki pitit Abraam antan yo regle sou lafwa a. Abraam sa a
ki papa nou tout (jan sa ekri a: "M’ap fè ou vin papa tout pakèt nasyon
yo"), li papa nou devan Bondye sa a li te mete lafwa nan li a, Bondye sa a
ki fè mò yo viv la, epi ki rele sa k’ pa ekziste yo menm jan ak sa k’ ekziste
yo.
Li menm, malgre sa lesperans la ye a, li kwè nan lesperans
la, pou l’ te kapab vin papa tout pakèt nasyon yo, daprè sa yo te di l’:
"Se konsa desandans ou ap ye".
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
104, 6-7. 8-9. 42-43
R/
Granmèt la te sonje kontra l’ pou tout tan gen
tan.
Ras Abraam, sèvitè l’ la, pitit Jakòb yo, sila a li chwazi
a.
Se li menm ki Granmèt Bondye nou; jijman l’ yo sou
tout tè a.R.
Li sonje contra l’ la pou tout tan, pawòl li kòmande
pou mil jenerasyon yo, sa l’ te regle avèk Abraam nan, ak sèman li te fè bay
Izaak la.R.
Paske li sonje pawòl li ki sen an pou Abraam sèvitè l’
la.
Li kondui pèp li nan kè kontan, sila yo li te chwazi a
li kondui yo nan fèt.R.
LEVANJIL
“Lespri Sen an ap
aprann nou nan lè sa a menm sa n’ap gen pou nou di”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI
SEN 12, 8-12
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Tout moun ki rekonèt mwen devan lèzòm, Pitit moun nan
ap rekonèt li tou devan Mesaje Bondye yo, moun sa ki nye m’ devan lèzòm, m’ap nye
l’ devan Mesaje Bondye yo.
Tout moun ki di yon pawòl kont Pitit moun nan, y’ap
padonnen l’; men moun ki derespekte Lespri Sen an, yo p’ap padonnen l’. Lè yo
fè nou konparèt nan kay reyinyon yo ak devan majistra yo ak otorite yo, pa pran
tèt chaje pou ki mòd jan oubyen ki sa n’ap reponn oubyen ki sa n’ap di; Lespri
Sen an ap aprann nou, nan lè sa a menm, sa nou gen pou nou di”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Lavi a se yon mistè; tout sa ki antoure nou se yon mistè menm si lasyans
devlope e bay eksplikasyon sou anpil bagay. Ekzistans Bondye, menm lasyans pa
ka montre l’. Nou jis kwè nan li; lafwa nou gen nan li, se pi gwo prèv ki di
nou ke li ekziste tout bon vre, paske li fè anpil favè pou nou. Lè nou rele li, li reponn nou. Nan premye lekti a, Pòl di
nou nou se pitit Bondye nan lafwa. Lafwa se kle nan lavi yon kretyen, kit li
piti, kit li gwo. Levanjil la ki, sètenman, ekri nan tan yo t’ap pèsekite
Legliz la: « Tout moun ki rekonèt mwen devan lèzòm, Pitit moun nan ap rekonèt
li tou devan Mesaje Bondye yo ; men sa ki nye m’ devan lèzòm, m’ap nye l’
devan Mesaje Bondye yo. Se nan moman difisil yo lafwa n’ pran fòs. Lè nou
nan tray nou rele Bondye, konsa tou lè nou gen pou n’ temwaye sa l’ fè nan lavi
nou nou pa dwe wont, nou pa dwe pè. Se pou n’ gen konviksyon nan sa nou kwè a,
se pou n’ defann lafwa nou, non sèlman ak pawòl k’ap sòti nan bouch nou, men
tou nan fason n’ap aji. Sou kesyon fafwa, pa gen grate tèt, swa ou sa ou byen
ou pa sa. Lafwa a se pi bèl kado nou te ka resevwa, se chak jou pou n’ di
Bondye mèsi, se chak jou pou n’ mande l’ ranfòse lafwa nou. Paske si nou gen
lafwa, tout bagay ap posib pou nou.
LAPRIYÈ :
Granmèt, n’ap di w’ mèsi ak tout kè nou pou kokenn kado sa w’ ba nou ki se
lafwa ; n’ap mande w’ pou fòtifye l’ pou nou pou nou pa janm pèdi li.
PWOPOZISYON :
Lafwa, se tankou yon ti
plant, li tou piti, li bezwen swen, dlo ak ti solèy. Si li pa jwenn yo li ka
mouri. Konsa tou, ann pran swen lafwa n’ pou l’ pa mouri.
No hay comentarios:
Publicar un comentario